This post is also available in: English
Leson pou nou jwenn nan sa se, yon sistèm sante pa janm endepandan de fonksyònman jeneral yon peyi—sitou yon sistèm siveyans.
Yon jou maten ki te fè cho nan mwa fevriye kòmansman ane sa a, mwen te kontan aprann yon bon nouvèl sou Ayiti. Apre plizyè lanne ap goumen, peyi a resi rive elimine kolera. Maladi dyare sa a nou trape nan manje ak dlo ki kontamine ak bakteri ki rele vibrio cholerae te gen yon enpak trajik sou zile a. An 2010, kèk mwa apre gwo goudougoudou sa a ki te tiye anpil ak yon pakèt moun, twoup pou lapè NasyonZini ki te bò larivyè Latibonit la, yon zòn nan depatman sant Ayiti, deklannche yon epidemi jeneral. Epidemi a te gen konsekans sou rejyon an paske souch El Tor ki soti nan Sid Azi yo te mennen nan peyi a, te gen relasyon ak lòt epidemi nan lòt peyi tankou Sen Domeng, Kiba e menm Meksik.
Dis (10) lanne ki swiv yo te pote mak twomatis fizik ak sikolojik konsiderab. Malgre sa, gras a yon volonte enkwayab e ak de patenarya ki te detèminan ak òganism entènasyonal yo, 12 lanne apre, ministè sante Ayisyen an fèmen chapit sa a ak bon jan satisfaksyon. Se sa k fè te gen anons lan ak selebrasyon yo an fevriye. Malerezman, lajwa ki te vini ak akonplisman sa a pa te dire anpil. Yon melanj malè mete sou sitiyasyon enstabilite politik la, gwo kriz ekonomik la ak pandemi covid-19 la ki tiye anpil moun, tout sa yo gen anpil chans pou yo responsab disparisyon gwo reyalizasyon sa a.
Nan mwa oktòb 2022 a, epidemi kolera a tounen parèt ann Ayiti. Rapò sou kantite moun ki kontamine nan nouvo vag la diferan. Men 19 oktòb la, ministè sante te konfime 23 moun ki mouri. Pi gwo epidemi a ap fè ravaj nan pi gwo prizon peyi a. Anpil kestyon sou rezon ki fè fenomèn sinis sa a tounen rete san repons. Sistèm Siveyans Nasyonal Kolera a, ministè sante piblik Ayiti a mete sou pye ak sipò CDC, nan mitan tout kestyon sa yo. Sistèm siveyans la te jwe e kontinye jwe yon gwo wòl nan batay pou elimine kolera a. Malgre randman sistèm siveyans lan nan kòmansman epidemi an, li difisil pou nou di si sistèm sa yo mete sou pye ann Ayiti a, te toujou te fèt sou fòm aktif ak pasif li.
Rapò ki soti chak jou sou ka kolera yo atravè Direksyon Epidemyoloji Laboratwa ak Rechèch ak siveyans mikwobyolojik atravè Laboratwa Nasyonal Sante Piblik la, pèmèt otorite lasante ayisyen yo detekte epi kontwole ka yo ak anpil presizyon pandan premye 10 lanne epidemi an. Ofisye siveyans yo ki te pran fòmasyon ann Ayiti e ki ap travay nan 357 sit te bay rapò enpòtan sa yo chak jou.
Depi oktòb 2010 rive desanm 2018, ministè sante a anrejistre 820 300 ka sispèk ak 9792 mò. Apre sa, ka yo vin redui a 72% an 2018, epi 82% an 2019. Rive mwa dawout 2020, otorite yo te wè ka ki t ap diminye yo tankou yon viktwa. Men chèchè yo te di fèb pèfòmans sistèm siveyans lan te pèmèt kantite ka yo pa t sinyale yo ogmante ak risk pou maladi a tounen, jan sa te di nan yon atik Lancet Jeannot Francois te ekri. Jeannot Francois te direktè pwogram vaksinasyon peyi a (pwogram vaksinasyon elaji). Siveyans anviwònmantal la pa te inifòm depi lè li te kòmanse. Li te manke finansman ak gouvènans efikas e li te konpoze prensipalman de yon seri pwojè izole. Ministè sante a pa te kominike okenn rezilta bay popilasyon jeneral la. Kontèks difisil sosyo politik Ayiti ki dejenere ak sitiyasyon kriz apre asisinay prezidan Ayisyen an, vin rann pwoblèm estriktirèl ki te deja enkyetan yo vin pi grav.
Sitiyasyon enstabilite politik la
Pandan omwen twa lanne anvan asasinay Moïse la, manifestasyon ak barikad kòm estrateji prensipal nan tout peyi a te monnen kourant. Sikilasyon moun ak machandiz te limite nan vil yo ak ant depatman yo. Sa ki pi mal la, nan Pòtoprens ak zòn avwazinan li yo, gen gwoup bandi ki kontwole anpil teritwa e ki menase aksè a dlo potab ak asenisman.
An 2015, sèlman 52% Ayisyen te gen aksè a enstalasyon esansyèl dlo ak asenisman dapre Bank Mondyal. Mwen sispèk chif sa yo pi enkyetan nan zòn sansib yo. Vyolans ak zam, mouvman popilasyon an ki limite ak mank aksè a tout sèvis de baz yo se patikilarite katye kote leta absan yo.
Dènyèman, otorite nasyonal ki okipe kestyon dlo yo anonse, soulèvman ak grèv jeneral yo te bouvèse rezo dlo potab yo. Apre mouvman peyi lòk la, anpil moun te oblije bwè dlo ki te parèt kotamine. Kèk videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo, te montre moun ki t ap pran dlo nan tiyo ki pre zòn sòti sid Pòtoprens lan, yon zòn ki sal anpil. Moun yo te ka petèt gentan vale anpil kolera toksijèn ki ap viv nan anviwònman an depi plizyè lanne anvan menm yo te anonse maladi a tounen. Nan kontèks salte sa a, ministè sante a ak rezo epidemyolojis sou teren yo ki t ap f on travay aktif pa te ka fè anyen. Okenn klinik sou teren an pa t mache toutan a kòz gwo vyolans gang yo ak resous esansyèl yo ki bloke. Dezòmè, tout ankèt epidemyolojik ka reprezante yon risk konsiderab. Pou sa, okenn done yo di paka fyab.
Pwoblèm ekonomik
Ayiti sou wout pou li f on gwo bak nan ekonomi li, se yon sitiyasyon ki vin pi grav ane pase. Enflasyon an rive 29% dapre Institut Haïtien de Statistique et d’Informatique (IHSI) sa ki enkyetan. Sa ki pi dramatik toujou, to chanj dola ameriken an pa rapò ak goud nasyonal la te okipe lepri tout moun, sa ki raple ansyen peryòd kote ekonomi ayisyen an te manke tonbe.
Kantite jenn ki kontinye ap kite peyi pa etonan. Sa ki rete yo ap fè fas a salè yo ki pa janm chanje, sa ki fè yo oblije kite fonksyon piblik la, sa ki redui kapasite leta pou li kenbe ekip siveyans maladi yo motive.
Anplis de sa, jefò ministè sante yo plis depann anpil sou patenarya etranje yo. Sa limite kapasite leta pou pran desizyon sou kisa ki merite priyorize ak plis fon. Sistèm siveyans anviwònman an rete san finansman, kondisyon sa yo pa ankouraje jenn syantifik ki gen potansyèl yo pou yo f on sèl pwogram nasyonal ak tout pwojè sa yo ki divize.
Pandemi covid-19 la
Lè covid-19 frape Ayiti nan mwa mas 2020 an, sa te fè… Pèsonèl la ak fon yo te oblije sot nan yon pandemi ale nan yon lòt.
Lè covid-19 frape Ayiti nan mwa mas 2020 an, sa te fè 13 mwa depi dènye ka kolera a te dokimante. Pandemi kolera a pa te ko vreman fini. Konplezans nan siveyans kolera a te gaye nan mitan otorite yo ak popilasyon an an jeneral. Covid-19 la te, san okenn dout, yon gwo menas pou sante piblik la ki te bezwen yon repons rapid. Yon sistèm sante ki deja fèb te oblije fè fas kare ak 2 gwo menas pou sante piblik la an menm tan. Pèsonèl la ak fon yo te oblije sot nan yon pandemi ale nan yon lòt. Nan yon atik enteresan sou eliminasyon kolera a ann Ayiti, Sophia Cousins te di pawòl Jeannot Francois yo: “An 2019, siveyans lan te pratikman kanpe sou kolera a… epi an 2020, tout resous yo te ale nan covid-19.” Dapre lide sa a, pandemi covid-19 la bay sistèm siveyans kolera a yon gwo kou.
Eske li te twò bonè pou nou te selebre kolera a ki ale ann Ayiti? Petèt. Mwen rekonèt gwo travay ki fèt sitou travay pèsonèl Ayisyen yo ak apui patnè kle yo. Se yon reyisit ekstraòdinè pou rive mete sou pye yon sistèm menm si li te gen defo, men ki bay rezilta. Leson pou nou jwenn nan sa se, yon sistèm sante pa janm endepandan de fonksyònman jeneral yon peyi—sitou yon sistèm siveyans.
Pou sove lavi moun, nou dwe: asire disponibilite ijan dlo potab ak pwodui asenisman nan zòn vilnerab yo, deplwaye yon kanpay edikasyon sou maladi a, mete sou pye ekip entèvansyon rapid, òganize kanpay vaksinasyon nan zòn konsène yo, ranfòse sistèm swen nan estrikti tretman yo epi soutni sistèm siveyans aktif la ak kolaborasyon rechèch yo.
Kondisyon pou kolera a tounen vini depi premye siy enstabilite politik yo an 2018, e siveyans lan soufri anpil. Enstabilite politik la limite tou pèspektif yon bon kanpay vaksinasyon. Menm jan li mete an danje repons ki pou ta bay kounye a, li poze gwo pwoblèm pou amelyore sèvis dlo ak asenisman pou Ayisyen nan yon nivo estriktirèl. Kriz ekonomik peyi a gen yon gwo enpak tou, li destabilize ekip sekouris yo epi koupe resous vital yo. Anfen, pandemi covid-2019 la te yon lòt malè, li rann frajil jefò yo a yon moman enpòtan. Men, mwen vle panse a avni nou ak kè poze. Anpil defi la toujou. Men Ayiti p ap kòmanse a zewo. Konesans ak volonte yo la toujou.