Dezakò pa toujou yon move bagay

This post is also available in: English

Deba ki egziste nan moman an ap benefik pou Ayiti pi douvan, chèche solisyon kole boyo pou fè katèl anbasad yo plezi pa janm bay lòt rezilta apa kreye plis kawo.

Depi 7 Jiyè, diferan gwoup mete ansanm pou siyen akò sou ki jan peyi a dwe vanse. Li klè tout akò yo pa menm. Diskou katèl anbasad yo (Core Group) ki makònen ak yon gwo pati nan laprès lan se yon gwo danje. Katèl anbasad yo pa sispann preche pou mande tout aktè mete tèt ansanm pou jwenn yon sèl akò. Diskou sa a bay enpresyon se tèt ansanm ki manke nan mitan akò yo, e yo menm se aktè ki gen bon entansyon an.  

Gen akò ki jwenn nan 3 jou, genyen ki jwenn nan yon mwa e genyen ki pran 6 mwa. Sa ki diferan nan chak akò sa yo se objektif gwoupman ki deside travay ansanm yo. Youn nan akò enpòtan yo, se akò Pen-Montana ki se rezilta plizyè mwa negosyasyon ant 30 gwoup sosyete sivil, federasyon relijye ak pati politik. Akò sa a pwopoze yon tranzisyon 2 lane ki pral gen yon premye minis ak on prezidan nan tèt li, prezidan ak premye minis la se yon gwoup delege diferan sektè ki fè siyen akò yo chwazi ki vote yo. Plan premye minis defakto Ariel Henry a (ki siyen 11 Septanm 2021) pwopoze yon gouvènman Ariel Henry vle dirije san prezidan. Plan sa a bay pouvwa pou fè dekrè epi egzèse pouvwa yon prezidan. Gen akò ki mete yon pati nan ansyen pozisyon ak pouvwa nan menm gouvènman, gen akò ki rann yon pati nan opozisyon vin pi detèmine e gen akò jis la paske fòk yo la. Di tout akò sa yo dwe mete ansanm pou prezante yon sèl akò se malveyan. 

Pandan yon entèvyou li te fè sou Radio Tele Ginen, Anbasadè Kenneth Merten mande pou tout akò yo fè yon akò. “Nou (Ameriken yo) ta renmen tout Ayisyen yo mete tèt yo ansanm pou elabore yon fason pou avanse peyi a. Gen sèten gwoup, yo deja elabore plan yo …Nou pa vle mele nan zafè Ayisyen. Moun yo te akize nou o par avan de enjerans. Nou pa vle fè entèferans ankò—nou pa t fè sa avan, mwen vle souliye sa,” li di avèk yon ti souri. Pandan Etazini ap pran pòz se tèt ansanm yo vle pou Ayisyen, yo kontinye ap sipòte Ariel Henry. Pou yo, “tèt ansanm” se kowoperasyon ak PHTK.

Nan yon atik opinyon kout ki pibliye premye Fevriye, redaktè Le Nouvelliste di aktè plizyè akò yo pa ka antann yo pou tèt sa li rele “la guerre des égos.” Li dekri sitiyasyon an: près de sept mois après le 7 juillet nous sommes loin de l’union fait la force et loin de l’union des différences pour donner naissance à un vrai accord. “Prèske sèt mwa aprè 7 Jiyè, nou lwen l’union fait la force e nou lwen ini diferans nou pou nou ka rive jwenn yon sèl akò.” Nou temwen enstitisyon ki kontan repete mesaj Core Group, e nou dwe veye nenpòt moun ki ap kontinye travay ak antite ki mete nou nan eta nou ye la deja a.

Sanble Etazini pa vrèman gen yon politik diplomatik klè pou ayiti, sèl objektif yo se pou yo rete kòm chèf, e rete yon anpi. Premye objektif nan pawòl gen twòp akò a, se minimize negosyasyon politik sa yo, epi minimize jefò Ayisyen ap fè. Souliye gen plizyè akò san menm analize sa ki nan akò yo se parès entèlektyèl, e li banalize potansyèl pwosesis sa ka ofri nou.

Tout moun pè pale de manifestasyon, paske gen yon seri aktè ki byen itilize gang yo pou teworize popilasyon an. Men pa gen wout pa bwa, nou sou wout pou n tounen nan lari a e li posib batay final akò yo se sou beton an li pral fèt. Ekwasyon yo chanje rapid nan politik Ayiti. Enposib gen plizyè definisyon nan diksyonè politik Ayiti, sa se yon verite ki chita sou eksperyans reyèl. 

Yon lòt fwa ankò, medya yo repete e resikle pawòl katèl anbasad yo san yo pa rann yo kont, fòmilasyon kesyònman: “Poukisa nou pa ka jwenn yo sèl akò an?” Sòti nan yon refleksyon “nou tout koupab.” Li fasil pou nou di tout moun koupab, konsa pèsòn pa responsab.

Deba ki egziste nan moman an ap benefik pou Ayiti pi douvan, chèche solisyon kole boyo pou fè katèl anbasad yo plezi pa janm bay lòt rezilta apa kreye plis kawo. Mwen p ap rantre nan polemik ki akò ki pi bon men, plis yon akò inyore opinion katèl anbasad yo e pran plis tan pou jwenn yon fòmil ki chita sou konsansis, plis mwen panse yo gen chans fè siksè. Wi fòk nou jwenn yon minimòn konsansis pou nou viv ansanm, men pou n jwenn konsansis sa a, fòk nou pati sou prensip ki respekte lizay piblik.

Nan kafou nou rive la a, se rapò fòs yo ki pral detèmine ki jan nou pral vanse. Li klè tout pouvwa a nan men yon 2-3 gwoup jodi an, men sa pa pou lontan. Akò ki rive jwenn plis sipò popilè a e kapab manifeste l sou tout teritwa a, se li menm k ap genyen batay politik lan. 

Konbit Jounalis Lib

Konbit Jounalis Lib

Demokratize enfòmasyon an Ayiti KJL on YouTube: https://www.youtube.com/channel/UC0egFIJyqxkegR5PwAk9uzA KJL on Twitter: https://twitter.com/KJLAyiti

No Comments Yet

Comments are closed