Ekonomi kawo a: Kijan gwo nasyon yo benefisye de twoub ann Ayiti

This post is also available in: English

Nan sikonstans sa yo, gouvènman Kanadyen an, a travè minis zafè etranje li, Mélanie Joly, te anonse sanksyon pou gang ak politisyen ki ap teworize peyi a. Pandan kèk moun ka konsidere sa tankou  yon premye pa pou pote lapè, nou dwe kestyone wòl Kanada nan kestyon sa a.

Pandan dènye lanne sa yo, Ayiti ap fè fas a yon gwo egzòd tankou sa ki te fèt nan lanne 1980 (pandan epòk Duvalier a) ak kòmansman 2000 yo. 

Nan moman tèks sa a ap ekri,  barikad ak manifestasyon  toujou bloke lavi toulèjou Ayisyen yo. Ane lekòl la poko ka kòmanse malgre yo te voye dat la pou 3 oktòb.

Apre plizyè lanne defèt pwodiksyon lokal la, pa ni fòs lokal ak entènasyonal yo, depandans Ayiti sou pwodui enpòte yo mete peyi a nan yon sitiyasyon prekarite. Dlo ak lòt pwodui esansyèl vin ra e yo chè anpil,  kèk biznis oblije fèmen pòt yo e labank oblije louvri 3 jou pa semenn. Anplis, gang yo ki ap miltipliye sou tout teritwa a rann lavi chak jou pi danjere nan tout peyi a paske gang yo kontinye ranfòse tèt yo nan zòn non dwa ki danjere. 

Nan sikonstans sa yo, gouvènman Kanadyen an, a travè minis zafè etranje li, Mélanie Joly, te anonse sanksyon pou gang ak politisyen ki ap teworize peyi a. Pandan kèk moun ka konsidere sa tankou  yon premye pa pou pote lapè, nou dwe kestyone wòl Kanada nan kestyon sa a. Ak yon pozisyon ki jeneralman favorab a Etazini ki se peyi vwazen li, Kanada fè pati yon gwoup peyi yo akize nan enfliyanse sektè politik Ayisyen an. Ansanm ak Etazini, Lafrans, Almay, Brezil ak Espay, yo souvan rele yo  “entènasyonal la” e yo kritike yo anpil nan mitan sosyete Ayisyen an paske yo bay gouvènman ilegal la lejitimite malgre gen yo so lyen ak gang yo e non chèf gouvènman an site nan ankèt sou lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse. 

Kanada finanse Polis Nasyonal Ayiti a e ofri polisye yo fòmasyon. Se yon enstitisyon ki chaje koripsyon, manipilasyon politik epi souvan nou wè ajan yo ki ap fè  vyolans sou manifestan ak jounalis. Dènyèman, jou ki te 15 oktòb la, Kanada ak Etazini livre Polis Nasyonal la machin blennde. Kanada kounye a ap konsidere dirije yon entèvansyon militè ann Ayiti, apre li voye yon ekip pou evalye sitiyasyon an sou teren an. Menm si echèk enstitisyon sa a se responsabilite dirijan Ayisyen yo, fòk nou di tou echèk sa yo rive pandan Polis la ap resevwa lajan ak fòmasyon nan men peyi tankou Kanada. Sitiyasyon anachik Ayiti a, tounen byen vit yon kriz imanitè, fè yon pil ak yon pakèt Ayisyen pati kite peyi a- pou mande refij nan peyi vwazen yo tankou Kanada. Malgre evènman sosyo politik yo konplèks e paka asosye yo ak yon sèl rezon espesifik, li enpòtan pou nou konsidere lyen ant peryòd twoub ann Ayiti ak bezwen ekonomik yo ak bezwen imigrasyon lòt kote patikilyèman nan peyi Kanada. 

Estrateji imigrasyon: enterè ak benefis

Popilasyon Kanada a ap vyeyi, e mache travay li gen yon bezwen ijan pou yon mendèv konpetan, ki jèn pou ranfòse efektif li yo nan plizyè sektè tankou edikasyon ak lasante. Pou reponn ak pwoblèm sa, depi plizyè dizèn lanne kounye a, Kanada ak pwovens li yo mete sou pye yon pwosesis imigrasyon ki byen reflechi pou kontwole ki moun ki ka vin enstale yo sou teritwa yo. Chak pwovens defini ki imigran yo bezwen. Le pli souvan, se yon pwosesis ki pran tan, ki gen tès medikal, prèv lajan ak pakou akademik, metriz lang, sa ki abouti a yon evalyasyon ki chita sou kantite pwen. An konsekans, estatistikman, imigran yo reprezante 84% kwasans mendèv total la epi reprezante 55% kwasans travay ki trè kalifye ak mwen kalifye nan Kanada.  

Pwosedi imigrasyon an ka long men pwovens Kanada yo (espesyalman Ontaryo nan jou sa yo) ofri pwogram eksprès ki pi chè men mwen long, pou aksepte nouvo moun ki ap vini yo depi yo reponn a egzijans sa yo. Kanada se souvan yon chwa entelijan pou imigran a kòz pozisyon pwogresis li pa rapò ak aksè a asirans sante, edikasyon elt. Kebèk se yon chwa entelijan pou Ayisyen a kòz kesyon lang lan.  

Kanada trè klè sou tip imigran l ap chache.

Kanada trè klè sou tip imigran l ap chache. Ann pran sektè lasante a pa egzanp. An fevriye 2022, Minist Travay ak Imigrasyon an, Jean Boulet, te anonse gouvènman Kebèk la t ap depanse 64 milyon dola pou li rekrite 1,000 enfimyè etranje, sou 2 pwochen lanne yo. Anvan sa, Kebèk te chèche rekrite 1,700 enfimyè an 2021 epi 330 an 2019. Tout sa pou di, kontrèman a kwayans oubyen pèsepsyon popilè a, Kanada ak pwovens li yo chwazi ak anpil swen imigran li yo, an fonksyon merit yo ak bezwen chak teritwa.  

Kèk aktivis ak chèchè kwè enjerans Kanada nan zafè entèn Ayiti, ak sipò li pou yon lidè k ap fè represyon e ki nan koripsyon kontribye nan afebli ni sistèm demokrasi a ni souverènte Ayiti. Lòt istoryen tankou Georges Eddy Lucien estime move kondisyon lavi ann Ayiti pèmèt peyi tankou Kanada pwofite ekonomikman menm si se endirekteman. Nan yon entèvyou ak Ayibopost, Lucien esplike “ deplasman an mas Ayisyen toujou reponn a objektif sistèm kapitalis la”. Ekonomi ensekirete sa a ann Ayiti mete peyi tankou Kanada, Lafrans ak Etazini nan yon pozisyon ideyal pou pwofite de egzòd la nan enterè yo, sa ki efektivman drennen jèn mendèv ak sèvo Ayiti yo. 

Malgre nesesite evidan imigran yo ak akèy yo ba yo, kesyon imigrasyon an Kanada rete yon sijè polemik pandan eleksyon, souvan yo prezante l tankou “se nou menm kont yo” pou divize epi anvlimen vye maleng. 

Yon egzanp ki rive dènyèman, sete 21 septanm 2022, pandan deba ki te fèt kèk jou anvan eleksyon pwovensyal yo.  Menm minis sa a, Jean Boulet, ki ap rekrite san kanpe enfimyè etranje deklare “80% imigran ki ale Monreyal, pa travay, pa pale franse, oubyen pa rantre nan valè sosyete Kebekwa a”.

Imaj imigran parese a (e ki se yon menas pou franse) ki parèt nan deklaresyon Boulet a, mete an evidans prejije ki anrasinen e ki kontredi reyalite a ak estatistik migratwa pwovens lan. Pati sa a, depi lè a, eli ankò san jefò ak yon gwo majorite malgre deklarasyon zenofòb sa a. 

Ensidan tankou lanmò Fredy Villanueva an 2008 nan Monreyal Nò, kote lapolis tire pandan  li nan yon entèvansyon lapolis, oubyen lòt jou la a “eksè fòs” lapolis kebekwa te itilize pou metrize jèn gason nwa sa a ki te gen 18 lanne, mete limyè sou estereyotip ras ak prejije sistemik kèk minorite sibi chak jou. Rasism nan peyi Kanada byen vivan, menm si li pa (souvan) vyolan menm jan ak kay vwazen li Etazini. Rasism lan anrasinen nan enstitisyon ak pèsepsyon yo, li pi fen tou – pi difisil pou demaske e pi difisil pou konbat. 

Nan pik pandemi an, moun ki mande azil ki t ap travay nan sektè swen sante (espesyalman èd swayan ak enfimyè) yo te menase yo pou mete yo deyò – mele ak mank reprezantasyon minorite vizib nan etablisman piblik yo – te idantifye a klè tankou yon diskriminasyon sistemik. 

Nan Monreyal, lapolis arete moun Nwa ak Otoktòn 4 a 5 fwa plis yo pase yo arete Blan. Moun Nwa yo 20 fwa pi siseptib pou polisye Towonto tiye yo pase Blan, pandan yo reprezante 8,8% popilasyon an. 

Lwa tankou pwojè lwa 96 la ki fenk adopte,ki majinalize pi plis toujou minorite yo nan non layisite ak pwoteksyon franse kòm lang prensipal, te jwenn kritik tou a kòz potansyèl enpak negatif li sou Premye Nasyon yo, imigran ak refijye yo. 

Nan pik pandemi an, moun ki mande azil ki t ap travay nan sektè swen sante (espesyalman èd swayan ak enfimyè) yo te menase yo pou mete yo deyò – mele ak mank reprezantasyon minorite vizib nan etablisman piblik yo – te idantifye a klè tankou yon diskriminasyon sistemik. 

Pandan nou ka bay sosyete Kebekwa a merit sou jan li louvri wout pou dyalòg ak konvèsasyon sou kestyon sansib yo, moun komanse mande gouvènman Kanada a tou pou li reponn sou pase vyolan li konsènan masak sou milye timoun Premye Nasyon yo te separe de fanmi yo epi mete yo nan pansyona. Tout sa rive apre yo jwenn 751 tonb san non pandan yo t ap fè fouy nan youn nan lekòl sa yo. Pandan prensip diskriminasyon sistemik la toujou ap debat (moun tankou nouvo premye minis Kebèk la nye egzistans li), popilasyon ki konsène yo kontinye ap pale sou kestyon sa yo. 

Pwovens tankou Kebèk ap mache sou yon fil ant, satisfè popilasyon li k ap vyeyi (e ki souvan panse imigran se yon menas pou diferans kiltirèl li pa rapò ak rès Kanada anglofòn lan), ak bezwen nouvo lespri, mendèv ak talan. Tout faktè sa yo devwale yon ekilib delika ant aparans ak enterè ekonomik. Ayisyen ki fèk rive a, ki ap kouri pou vyolans gang ak enstabilite a, jwenn tèt li nan mitan yon nouvo mond chaje ak enterè opoze, vyolans enstitisyonalize ak yon rasism ki kache. 

Apre yo fin viv yon seri twomatism ann Ayiti, imigran Ayisyen yo ki fenk rive oblije nan detounen prejije ak diskriminasyon  nan nouvo kote y ap viv la. Yo al jwenn lòt jenerasyon anvan yo , ki se temwen vivan plizyè dizèn lanne enstabilite politik, ki benefisye resous ak refij peyi ki dispoze resevwa yo e ki bezwen yo. 

Byen si, sitiyasyon kriz sa a lonje dwèt san okenn dout sou mepri ak jan klas politik ak elit ekonomik la pa fè okenn aksyon pou sove enstitisyon peyi a ki fè myèt moso. Yo derefize pran pozisyon fas a swadizan “zanmi” Ayiti yo. 

Pa gen okenn dout mendèv la se yon zouti pou kestyon sosyo ekonomik yo, ki reponn yon jan pratik a popilasyon an ki ap vyeyi e ak rate mendèv. Anpil ta di, ajitasyon sosyal ann Ayiti sèvi espre de mwayen itil pou atenn objektif sa a. 

Nan pi wo nivo kriz sa a, e pandan Ayiti ap viv yon kriz politik depi kèk ane, Ayisyen kontinye kouri kite peyi a. Poko gen done ki pou pèmèt nou konprann enpak egzòd sa a ap genyen sou Ayiti nan lanne k ap vini yo. Men se lè nou eseye konprann ann antye relasyon ant benefis ekonomik ak politik imigrasyon a n ap kapab kòmanse konprann anplè mekanik eta kawo konstan sa a.

Imaj: Aljazeera
Isabelle Jolicoeur

Isabelle Jolicoeur

Architect. Founder and Director of the Design Web Magazine, Aetypik

No Comments Yet

Comments are closed