10 Bagay Gouvènman Ayisyen Ka Fè pou Anpeche Kriz Politik Lan Vin Pi Mal

This post is also available in: English

Men 10 desizyon ki ka ede nou retwouve bon wout lan.

Leta ayisyen se yon leta ki bati pou benefisye politisyen ak elit ekonomik lan. Li senp e klè pou tout moun ki ap viv oubyen swiv devlopman politik Ayiti. Koripsyon ak enpinite anrichi politisyen ak zanmi yo nan sektè prive an. Jodi a Ayisyen pèdi konfyans total nan politisyen nou yo, e kòmanse abadone pwosesis demokratik yo. Jounen jodi a, pou retabli konfyans e montre nou serye men ki wout nou ka pran. Men 10 desizyon ki ka ede nou retwouve bon wout lan.

1. Redwi ekip Palè Nasyonal, elimine avantaj espesyal ki pa nesesè pou rann anplwaye yo travay. Sa enkli prezidan an. 

Desizyon sa a ap voye yon mesaj klè pou montre prezidan an ak ekip li serye pou batay kont defisi bidjetè. Defisi bidjè nou ap deraye, e avantaj gwo ofisyèl yo ap  ogmante. Nan bidjè rektifikatif lan, palman an koupe bidjè sante e ogmante bidjè pa yo. Si prezidan ak premye minis lan vle batay kont koripsyon ak enpinite, yo dwe bay bon egzanp.

2. Redwi gouvènman:

Ministè Edikasyon fè yon sèl ak Ministè Jenès ak Espò.

Ministè Ayisyen K ap Viv Lòt Bò fè yon sèl ak Ministè Afè Etranjè.

Ministè Agrikilti fè yon sèl ak Anviwonman.

Ministè Ekonomi ak Finans fè yon sèl ak Ministè Kòmès e Endistri.

Ministè Enteryè fè yon sèl ak Ministè Defans.

Ministè Travo Piblik e Kominikasyon fè yon sèl ak Ministè Kominikasyon.

Elimine 3 minis Delege yo, kote kòm senp chaje misyon sou kontra tanporè.

Gen twòp minis ak ministè. Kantite nou depanse pou fonksyonman gouvènman ak sa peyi a jwenn an retou montre nesesite pou yon refòm pwofon nan leta a. Ministè mwen pwopoze pou mete ansanm yo se ministè ki preske fè menm travay deja oubyen gen yon koneksyon nan travay yo, sa ki pral facilite kontinite. Lè ou gen 21 minis, sa vle di ou gen 21 kabinè ki ka gen 6-7 konseye ak manm kabinè.

3. Koupe avantaj ki pa espesyal ki pa nesesè pou travay tout palmantè ak Direktè Jeneral yo.

Palman an se youn nan enstitisyon ki koute peyi a plis kòb, plis pase 6 milya goud twòp pou nou ap depanse nan ofisyèl pandan rès peyi a ap koukouman nan mizè. Palman an bezwen patisipe nan koupe bidjè leta a pou nou jwenn plis lajan pou depanse nan edikasyon ak enfrastrikti. Si palman jwe wòl pa li a, l ap ede popilasyon an repran konfyans pou peye taks.

Direktè Jeneral yo se youn nan gwoup ki gen plis avantaj, plas sa yo toujou distribiye tankou kado, bay palmantè, ti zanmi ak yon bann moun san kapasite pou fè travay lan. Refòm pou redwi kantite kòb leta a koute bezwen pase pran tout Direktè Jeneral yo ki ap benyen nan avantaj san bay rezilta.

4. Bay rapò sou kijan li te depanse lajan konpayi li te jwenn nan kòb Petwo Karibe a depanse. 

Prezidan Jovenel Moise enplike dirèk daprè rapò sena sou itilizasyon lajan Petwo Karibe a. COMPHENER S.A. se yon konpayi ki akize andedan rapò a kòm yon konpayi ki fè leta peye anplis pou enstalasyon Lanp. Konpayi sa a  te reprezante pa Jovenel Moise avan li te prezidan, tout tantativ pou kreye transparans bezwen kòmanse nan sous lan. Jovenel Moise oblije klarifye patisipasyon li nan depanse lajan petwo karibe a pou li gen lejitimite pou pale de pwosè petwo karibe.

5. Revoke chèf kabinè li Wilson Laleau ki se youn nan moun ki gen anpil kesyon pou reponn nan jan anpil lajan Petwo Karibe a te depanse.  

Nan tout peyi serye sa t ap yon gwo eskandal. Wilson Laleau se Minis Ekonomi ak Finans ki fasilite Jovenel jwenn kredi pou mete kanpe Agritrans. Laleau patisipe nan chwazi Jovenel kòm kandida e jodi a li se chèf kabinè li. Jodi a pa gen okenn prèv ke Agritrans kòmanse remèt lajan li prete nan men leta. Wilson Laleau se youn nan moun tou ki gen anpil kesyon pou reponn nan move itilizasyon lajan petwo Karibe a.

Genyen Wilson Laleau kòm chèf kabinè nan yon moman revòlt popilè kont koripsyon ak enpinite pa enspire konfyans.

6. Bay Lakou Dè Kont tout 27 milyon goud yo bezwen pou travay sou ankèt Petwo Karibe a, e sispann entèfere nan ankèt lan. 

27 milyon goud pou Lakou Dèkont kontinye ankèt sou itilizasyon lajan petwo karibe a pa dwe yon sijè diskisyon. Leta santral bezwen mete sa disponib prese prese pou pa itilize finansman kòm yon zouti pou enfliyanse travay Lakou Dèkont pwomèt pou remèt nan mwa janvye a.

7. Fè yon odit nan KEP a avan bay 50-70 milyon pou fè eleksyon. 

Nou depanse plis pase 150 milyon Dola nan dènye 3 eleksyon yo, li pa fè sans pou kontinye depanse lajan san okenn rapò sou kijan yo depanse.

8. Ranfòse Pouvwa lokal yo…

Ranfòse pouvwa lokal yo kote se Meri yo ki jere bagay Karavàn nan plas leta santral lan. Bay rapò sou sa ki deja fèt nan Karavàn lan, e kreye transparans sou kote lajan ki depanse yo sòti.

Devlòpman dirab oblije pase pa pouvwa lokal yo. Se majistra, kazèk, ak delege ki konnen kominote yo. Se yo menm ki dwe devan nan pwojè yo. Sa dwe fèt sou sipèvizyon pouvwa santral ki dwe garanti travay yo fèt, men se pa prezidan, minis ak palmantè ki dwe mache nan inogire ti wout ak ti pwojè.

Meri yo ka ranmase kòb nan komin yo si leta santral asiste yo, sa ki t ap rann leta santral depanse mwens kòb nan pwojè kominal. San desantralozasyon, pouvwa p ap gen ni demokrasi ni devlòpman.

9. Mande palman an pou aksepte jèn ki etidye nan lòt peyi men ki gen rezidans nan lòt peyi patisipe nan eleksyon lokal ak lejislatif. 

Li klè dyaspora jwe wòl pa li. San dyaspora a, Ayiti t ap pi mal nan tout sans. Plis pase yon milya dola kontribisyon chak ane se pi gwo sous revni dirèk pou milyon Ayisyen.

Li lè li tan pou kite dyaspora a patisipe nan politik peyi a. Mwen p ap pale de moun ki pa janm vin Ayiti ki pa gen okenn enterè nan peyi a. M ap pale de twazyèm jenerasyon dyaspora a.

Nou gen 3 jenerasyon dyaspora: Yon jenerasyon ki kite peyi a pou pèsekisyon ak pou chache opòtinite. Moun sa yo toujou atache ak peyi a men yo pa vrèman enterese nan politik jodi, yo plis vle ede nan kesyon edikasyon ak biznis. Dezyèm jenerasyon an se pitit premye jenerasyon an, yo pa gen anpil enterè Ayiti, e yo pa vrèman sou retounen Ayiti. Anpil nan yo anba gwo dèt e menmsi yo ta vle tounen Ayiti pa gen ase travay de kalite pou peye yo menm dèt bazik yo. Twazyèm jenerasyon an, se jenerasyon ki ale pou etidye, epi ki ap travay pou retounen; moun ki pa janm renonse ak nasyonalite yo ki konnen yo pral retounen lakay pou ede chanje peyi a. Sa se jenerasyon ki merite chans pou patisipe dirèk nan lavi politik peyi a. Anpil nan moun sa yo gen rezidans lòt peyi pou sikonstans ak pou fasilite sikilasyon yo, moun sa yo merite entegrasyon total nan politik peyi.

10. Sispann mete chemiz woz kanpay ak ti bòt kanpay lan. Kanpay fini. 

Li vrèman grav pou Jovenel Moise kontinye an mòd kanpay, pwomès vid, deklarasyon emosyonèl san swivi prèske 2 lane sou pouvwa a. Prezidan Jovenel Moise dwe aji tankou prezidan pou evite kawo, si prezidan an pa gen okenn kapasite pou jere kriz nou ye li ka retire kò li avan sa pi mal.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed