Jan Claudine Gay reyisi ak jan li tonbe

This post is also available in: English

Kesyon an toujou rete menm: kisa repitasyon Claudine Gay pral ye nan sa ki gen pou wè ak Palestin?

Dènye mwa sa yo, Claudine Gay vin tounen yon pèsonalite tout moun konnen. Anvan li te vin premye prezidan Nwa nan inivèsite Havard, li te yon entèlektyèl yo respekte anpil, ki te pwofesè nan gran inivèsite sila. E selon kòlèg li yo, li se yon fanm entèg, ki gen yon kalite entilijans ak yon dinamis nou paka nye. Sepandan, pou kominote Ayisyen an, petèt sa ki te pi enpòtan sou Doktè Gay, li se pitit imigran Ayisyen. 

Lè nou gade istwa Doktè Gay la, li ka sanble a pi wo nivo reyisit yon moun ki imigran, men li pa si senp. Pou nou konprann ki jan diskriminasyon kont moun Nwa  rann Doktè Gay vilnerab pa rapò ak dènye evènman ki pase yo, fòk nou konprann pwopagann sipremasi blan an ap fè anpil imigran Nwa vale, Ayisyen ladann tou. Malerezman, nayivte ki gen nan eksperyans imigran Nwa a, fè li kwè nan manti sipremasi blan an ki vle fè konprann gen yon mwayen ki poko eksplwate Nwa Ameriken yo senpman “neglije” ki ka fè yo gen siksè pou reyalize rèv ameriken an.  Vyolans sitiyasyon sa chita sou panse frè ak sè Nwa nou yo “pa bon ase” oubyen “pa travay ase” pou yo rive. Yon enstitisyon tankou Harvard pa egziste pou preske 400 lane (depi 1636) san okenn prezidan Nwa paske li pa jwenn youn ki bon sou tè sa. Se yon kesyon volonte. 

Yon enstitisyon tankou Harvard pa egziste pou preske 400 lane (depi 1636) san okenn prezidan Nwa paske li pa jwenn youn ki bon sou tè sa. Se yon kesyon volonte.

An verite, pi gwo erè Doktè Gay fè pa gen anyen pou wè ak sa li di oubyen pa di pandan odisyon nan Kongrè a. Sa gen pou wè ak lodas panse yon Ayisyen Ameriken ki se yon Fanm Nwa te ka janm bon ase pou dirije pwochen kontenjan kolon yo. Li te panse nèg respektab la te ka genyen. Men elas, nèg respektab la bon, men li pa janm bon ase.  

Lè sipremasi blan an pran san li pou li chwazi yon Fanm Nwa , fanm sa gen pou toujou  ap deklare atachman li gen ak sipremasi sila. Pa gen dout sou sa, Claudine Gay pa yon alye Palestinyen yo – li byen lwen pozisyon sa. Malgre chagren ak desepsyon etidyan Arab ak Mizilman ki Harvard yo, li chwazi rete nan silans li fas a kalite trajedi ki ap pase nan Palestin. Aprè sa, li pibliye yon deklarasyon pou kondane zak antisemit yo san pale sou jenosid ki ap fèt sou pèp Palestin lan ak enkyetid ki vin ak tandans anti Arab ak islamofobi  ki ap ogmante chak jou pi plis sou lakou inivèsite yo. 

Pandan odisyon Kongrè a, Doktè Gay bay yon seri repons entèktyèlman pridan, diplomatik, san pati pri, sa ki fristre yon moun tankou m ki toujou vle pou moun chwazi yon kan. 

Sa moun nwa ki nan menm klas sosyal ak Claudine Gay yo pa rive konprann, se sipremasi blan an pa konn lwayote; lè w chwazi panche sou sipremasi blan an, ou dwe renouvle chwa a chak jou. E pou ou gen chans gen favè sipremasi blan an, fòk ou toujou ap montre ou merite sa. Yon moun nwa yo chwazi pa janm sispann pwouve valè li. San konsidere verite a, moral la, san konsidere kè brize milye etidyan Arab ak Mizilman ak alye yo ta genyen, si Gay te fè yon deklarasyon ki sipòte sipremasi blan an, li pa t ap gen menm konsekans negatif sa yo. 

Kesyon an toujou rete menm: kisa repitasyon Claudine Gay pral ye nan sa ki gen pou wè ak Palestin?

San okenn dout, liberasyon Palestin lan se misyon ki pi enpòtan pou jenerasyon sa. Nou paka pa mande tèt nou, eske lè Palestin ap resi lib la, Harvard ap gen lodas pou li di li te toujou nan bon bò listwa a? Eske y ap re ekri imilyasyon piblik Doktè Gay la tankou istwa ewo yo a epi eksplike kijan yo te egzamine epi dyabolize enstitisyon yo a lè jenosid la te nan pik li paske yo “te byen aji”? 

An menm tan, pa gen anyen ki fè lodyans blan an plezi pase yon bon istwa sou moun ki matirize epi tou,  revize listwa se kado pèpetyèl  sipremasi blan an. 

Finalman, Doktè Gay twouve li nan yon enpas Fanm Nwa souvan fè fas a li – li paka fè pèsòn plezi. Yon bò, nan dezespwa li gen pou li ka kenbe stati elit li nan Harvard la, li pa janm pran pozisyon moralman jis pou sipòte Palestin, etidyan Arab li yo, etidyan Mizilman li yo, etidyan nwa ak lòt ki pa blan yo ak tout etidyan Jwif ki anti zyonis yo ki ap sibi asèlman san rete.  Yon lòt bò, doktè Gay pa te janm soutni a klè sipremasi blan an.  Men nan jwe sou tou de bò yo li pèdi sipò tout gwoup. 

Kidonk, aprè tout sa, vanjans Doktè Gay la ka chita sou liberasyon popilasyon sa menm li pa te gen ase kouraj pou li te defann lan ak fòs – Palestinyen yo. 

Gen anpil lòt bagay pou nou dekouvri, men, lè Harvard deside reekri listwa a epi deklare li pa te janm kont Palestin, li pral oblije travay sou re ekri listwa eritaj Doktè Gay a ki sal kounye a. Kidonk, apre tout sa, vanjans Doktè Gay la ka chita sou liberasyon popilasyon sa menm li pa te gen ase kouraj pou li te defann lan ak fòs – Palestinyen yo. 

Defèt Doktè Gay a te yon krèv kè pou anpil moun ki wè tèt yo nan reprezantasyon sa. Men nou te ka predi sa t ap rive. Menm jan nou ka predi, nan pwochen syèk la, pou bay bèl aparans, lè jenerasyon ki ap vini yo ap egzamine epi poze Harvard kesyon sou zak li yo, vèsyon li a sou dènye evènman ki pase yo ap totalman diferan. Tout sa yo previzib. Mòd fonksyònman sipremasi blan an ap resikle. Li ap resikle paske se konsa li fonksyone e se konsa li ap toujou fonksyone toutotan nou pa aksepte batay nou yo rantre youn nan lòt e liberasyon nou dwe pase pa yon jefò kolektif. 

Alex Audate

Alex Audate

Alex Audate is an abolitionist attorney, community organizer and a Black feminist writer. As a fat, Black, queer, Haitian, disabled woman, her writing is a reflection of her lived experiences and speaks to the struggles of living at the intersection of multiple oppressed identities.

No Comments Yet

Comments are closed