Kò fanm : Yon teren batay anplis nan gè gang ann Ayiti

This post is also available in: English

Avi : atik sa genyen deskripsyon vyolans seksyèl

Anplis de byen sitwayen yo yo mete lapat, yo konsidere tout fanm nan zòn lan, timoun kou granmoun tankou se byen prive yo.

Te gen yon epòk, analiz aprè lagè pa t janm pran vyolans kont fanm an kont. Menm si kadejak an mas pandan dezyèm gè mondyal la te fè anpil bri nan moman an, n ap rapòte se pa t premye a. 2 lane avan, pandan masak Nankin, yon vil nan peyi Lachin, japonè yo te itilize kadejak tankou yon zam anplis pou mete chinwa yo a jenou. Si n ap gade kriyote ki te genyen pandan masak sa, li ta sipoze rete kòm yon moman nwa nan listwa pou n pa ta janm bliye. Menm  si yo gade l kòm premye epizòd nan seri kadejak an mas k ap fèt sou fanm yo, sa ki vini apre l yo pi mal lontan sa.

Pa bò isit ann Ayiti, nan yon peyi ki pa nan lagè, kò fanm tounen yon teritwa konkèt nan batay gwoup gang ak zam. Nan konfli nèg ak zam k ap batay pou teritwa, fanm nan katye popilè se premye viktim. Nan dènye rapò konsèy sekirite loni sou soti sou ayiti a, yo deklare tout gwoup nèg ak zam sou teritwa a, pratike vyòl. Gwoup nèg ak zam yo itilize vyolans seksyèl pou teworize, soumèt epi pini popilasyon an, fanm an patikilye. Nan demach pou kanpe tèt yo an mèt e seyè tou pwisan nan zòn yo anvayi yo, kò fanm se yon gwo enstriman. Anplis de byen sitwayen yo yo mete lapat, yo konsidere tout fanm nan zòn lan, timoun kou granmoun tankou se byen prive yo.

Sitiyasyon medam yo ki te deja konplike lè gen yon chèf gang nan zòn lan dejenere lè yon gwoup anfas deside pran zòn sa. Pran yon zòn se pa sèlman wete pye w ban m mete pa m anndan konfli gwoup ak zam yo. Pran yon zòn enplike pran zòn lan avèk tout sa ki ladan, privilèj kou teritwa, moun kou byen materyèl. 

Nan yon rapò RNDDH (Réseau National de Défense des Droits Humains) soti nan mwa desanm 2018, yo resanse 11 fanm ki viktim kadejak kolektif epi an mas nan kad masak lasalin 13 novanm 2018. Chif sa yo pa pran de seri de fanm ki te jis ap vann nan mache a epi ki pa rete nan katye a an kont.

Nan yon lòt rapò RNDDH pibliye, li menm nan dat 16 dawout 2022 a sou temwayaj viktim kadejak an mas, yo deklare omwen 52 fanm ak tifi viktim. Nan mitan pil deklarasyon viktim yo, gen yon pawòl ki toujou ap retounen. Pandan gang G9 ap vyole yo, yo raple yo se paske yo se madan Ti Gabriel ki fè y ap fè yo sa. Alabaz nèg ak zam yo pa wè medam yo tankou yon moun ann antye men se pito de pwopriyete gang advès la yo ap sal.

Monik*, yon viktim dèyè mi te aksepte pale ak nou. Ak dlo nan je, li rakonte : Se pandan m ap sot vann, m te ak yon lòt dam, epi nou kwaze baz mesye yo. Youn di sa se moun Gabriel yo, avanse. Yo di nou pral konnen. Antou se 7 nèg ki viv avè m. Te gen yon 8e ki ban m on kout zam nan do m ki fè m endispoze paske m pa t dakò fè sa l te mande m la. Nan espas la gen yon pyebwa kote yo tann kilòt fanm yo fin viv ak yo yo.

Se chak jou, nonb viktim vyolans seksyèl ap ogmante nan zòn gwoup moun ak zam yo. Nan yon rapò pwogram Marennaj òganizasyon Feminis Nègès Mawon pibliye, ki pran an kont mwa Avril pou rive Jiyè 2023, nan lis vyolans seksyèl yo, gen 181 agresè ki se manm gang ak zam. Viktim yo pa gen aksè ak bon laswenyaj apre yo fin sibi zak yo, yo pa kab pote plent paske gen anpil ki jwenn menas y ap touye fanmi yo si yo pale. 

Menm si ka vyolans seksyèl yo anpil, pa gen okenn plent ki depoze pou fanm sila yo jwenn jistis ak reparasyon. Leta k ap bobo chak jou ak gwoup nèg ak zam yo rete ap gade popilasyon an k ap viktim chak jou ki jou. Fanm sila yo kontinye ap sibi vyolans sou plizyè fòm san konnen ki jou y ap rale on souf. 

Magdala Louis

Magdala Louis

Psychologie, cinéma, militante et féministe, auteure, médiatrice culturelle en street art.

No Comments Yet

Comments are closed