Refleksyon sou reprezantasyon Ayisyen nan sinema ameriken

This post is also available in: English

By Martine Jean and Ella Turenne

Wi se vre, reprezantasyon enpòtan men tip, pwofondè ak reprezantasyon otantik enpòtan plis toujou.

Sa gen kèk lanne, yon konpayi te bay yon konsiltan yon kontra pou li te antrene yon jèn fi sou aksan ayisyen pou yon gwo seri nan televizyon. Karaktè seri a se te yon jèn fi Ayisyen ki te nan lopital nan yon zòn nan pwovens ann Ayiti. Aprè yon pakèt echanj mesaj elektwonik, konsiltan an resevwa senaryo a e li te sezi li dyalòg an franse. Li mande, ” Pou kisa tifi a ap pale franse ak fanmi li ak doktè yo? Nòmalman li ta sipoze pale kreyòl.” Reprezantan konpayi an reponn byen rapid pou li di dyalòg yo p ap chanje.

Nan televizyon, depi senaryo a aksepte epi pwodiksyon an kòmanse, li prèske enposib pou chanje kèlkeswa sa li ye a, espesyalman si ou pa fè pati ekip ekriven oubyen pwodiksyon an–menm si se yon konsiltan. Konsiltan an nan istwa sa te yon ti pyès nan yon gwo operasyon. Istwa sa se pou montre kantite barikad ki genyen nan reprezantasyon Ayisyen nan televizyon Ozetazini. Eske senaryo Ayisyen sèlman ka sèvi pou rakonte istwa ki montre estereyotip sou povrete, vyolans oubyen “Vodou se djab”? Wi se vre, reprezantasyon enpòtan men tip, pwofondè ak reprezantasyon otantik enpòtan plis toujou. 

Sa pa gen lontan, New York Times kòmanse yon atik ak refren yo toujou ap itilize ki se” Ayiti peyi ki pi pòv nan emisfè oksidantal la.” Jan yo pèsiste itilize fraz sa a tout tan montre a ki pwen estereyotip sou Ayiti ak sou Ayisyen yo antre fon nan medya popilè ameriken yo. bell hooks abòde sijè sa nan analiz li sou anvi sipremasi blan an genyen pou wè sa yo konsidere ki primitif sou ekran yo pou li ka kenbe estati. Reprezantasyon Ayisyen ki plis fèt nan televizyon se Manbo/ Ougan, “Haitian Zoe” ki se yon manm gang vyolan, ak moun ki ap viv nan malsite a. Yon lè konsa, yon karaktè touche tou lè twa dimansyon, tankou nan Bad Boyz II, kote manm gang ki vyolan epi pòv la se yon Ougan tou.

Sa pa vle di karaktè sa yo pa ta dwe egziste – yo dwe egziste – men jan Chimamanda Ngozi Adichie di li a, “Yon istwa inik ka kreye estereyotip, e pwoblèm ki genyen ak estereyotip yo se pa ke yo fo, men yo pa konplè. Yo fè yon istwa vin sèl istwa a.” Reprezantasyon Ayisyen nan televevizyon dwe fè yon jefò pou genyen pèsonaj ki gen plizyè kouch e dwe devlope ak ajans nan lavi yo. Kit se nan yon karaktè ki Ayisyen, oubyen yon istwa ki fèt ann Ayiti, oubyen yon kote Ozetazini kote gen anpil Ayisyen, reprezantasyon an dwe yon eleman entansyonèl pwodiksyon an dwe panse sou li. 

Youn nan reprezantasyon lang kreyòl Ayisyen an ak aksan an nan televizyon se nan Grand Army sou netflix. Direktè a chwazi yon aktè ki Ayisyen Ameriken ki non sèlman gen yon aksan pafè men ki pale kreyòl la byen. An plis de sa, seri a ofri yon reprezantasyon yon fanmi ki ap viv lavi imigran nan yon peyi etranje ak tout kalite diferans ki genyen ant imigran Ayisyen premye ak dezyèm jenerasyon yo. Sou yon lòt bò gen seri tankou The Politician ki sou netlfix tou, kote yon karaktè Ayisyen ki rele Pierre Toussaint ki sanble sòti dwat nan Wakanda ak yon aksan ki t ap fè wa T’Challa fyè anpil.

Nan mitan de (2) ekstrèm sa yo gen seri oubyen fim kote istwa oubyen karaktè Ayisyen yo ekspoze sa Kristen J. Warner rele “reprezantasyon plastik.” Li ekri, “Reprezantasyon plastik la fonksyone tankou yon sistèm ki transfòme nwa an bwat pou kwoche sou yon lis objè. Se yon mòd reprezantasyon ki bay yon lenpresyon pwogrè, men an reyalite ki fè plis mal ke byen pou piblik nwa.” Travay sa yo pa sèvi anyen nan reprezante Ayisyen ak kilti Ayisyen an. Kèk seri ki depase limit sila a, nou ka site Orange is the new black, kote karaktè ki rele Miss Claudette Pelage la te Ayisyen, oubyen repriz Charmed la, kote  nan de premye sezon yo, relasyon lanmou youn nan pèsonaj prensipal yo te yon Ayisyen (e aktè a te yon Ayisyen). Egzanp sa yo patikilyèman enteresan paske seri a te sou maji. Prezans yon karaktè Ayisyen ede nan fè vanse entrig seri a ki sou yon mond maji. Depi lè pèsonaj Ayisyen an sòti nan seri a, entrig ki te gen rapò ak estereyotip vodou yo disparèt tou. Sa vin ranfòse yon lide ki vle fè kwè ke tout pèsonaj Ayisyen yo dwe egziste sèlman si yo fè pati de istwa sila yo. 

Yon lòt jan yo reprezante Ayisyen tankou moun ki limite se nan niyans dyalèk la. Souvan, karaktè Ayisyen manke espesifik, sa ki lakòz gen yon aksan Ayisyen jenerik. Se vre karaktè a Ayisyen, men ki kote li sòti ann Ayiti? Poukisa sa enpòtan? Senpleman paske pa gen yon sèl jan pou yon moun Ayisyen. Gen yon varyete aksan Ayisyen ki sòti nan plizyè kote nan peyi a. Aksan ki pi diferan se aksan ki sòti nan Nò peyi a, menm gen mo ki diferan nèt. Kreyòl nan Nò peyi a gen yon melodi ou paka nye ki gen yon ritm ak yon kadans diferan. Diferans sa yo sanble a dyalèk ki egziste Ozetazini. Pa egzanp, ou pa t ap janm pran yon karaktè ki gen yon aksan Brooklyn pou reprezante yon karaktè ki fèt epi grandi nan Sid peyi a. Byen si gen anpil varyasyon nan aksan Amerikan an; men se sa mwen vle esplike. Nou konprann li egziste anpil aksan Ameriken, sa ki tankou yon nòm. Se menm bagay la pou moun ki sòti nan lòt peyi. 

Platfòm kote nou ka gade seri ak fim vin rann anpil bagay pi egal. Lè Netflix, Amazon Prime, Hulu ak Disney Plus kreye, anpil kontni vin elaji. Fim tankou I Love You Anne ak Barikad jwenn plas yo sou espas yo nan mond dijital yo pou Ayisyen ka pwofite tout kote nan mond lan. Fim ak seri kontanporen yo jwenn espas yo tou sou platfòm  sa yo e yo bay fim tankou Kafou ak Forever Yours yon lodyans pi laj. 

Sepandan, egzanp sa yo montre travay atis Ayisyen. Ki jan nou ka fè pou nou asire nou gwo platfòm kreye kontni ki pi enklizif e pi otantik nan reprezantasyon Ayisyen yo? Gen anpil estrateji  yo ka aplike pou asire yo pa mete sou move reprezantasyon Ayisyen yo ap sibi. Premyèman, pwodiksyon konpayi yo dwe anplwaye konsiltan depi lè fim lan oubyen seri a ap konsevwa. Konsiltan sa yo ka konseye sou istwa a, ede ak chwa aktè ak figiran yo, jwe wòl antrenè dyalèk e menm rive nan bay opinyon yo sou lokalizasyon yo, konsevwa dekò ak kostim yo. Patisipasyon yo depi nan kreyasyon pwojè a pèmèt pou pa gen vid sa yo. Apre sa, moun ki ap ekri yo ka jwe yon wòl fondamantal nan asire otantisite istwa a. Finalman, chwazi aktè ak figiran yo dwe fèt ak anpil entansyon. Menm si pwodiksyon yo dwe fè jefò chwazi Ayisyen pou jwe yon wòl Ayisyen men o mwen pwodiksyon yo dwe fè dilijans pou pran aktè ki ka reprezante kòrèteman yon Ayisyen. 

Nan priz  konsyans sou koze ras pandan ete 2020 an, yo te kouri dèyè konpayi pwodiksyon pou yo pa sèlman gen plis divèsite men pou yo reprezante otantikman divès vwa yo. Jan travay kreyatif yo ap devlope, gen anpil opòtinite pou sa ka rive. Si yo chache, konpayi sa yo ap jwenn yon dividal Ayisyen ki ap kreye  ki pare e ki kapab ede nan rakonte istwa konvenkan ki chaje fòs.

Fanm On Films

Fanm On Films

Two dope fanm vanyan (Martine Jean and Ella Turenne) podcasting about Haitian cinema!

No Comments Yet

Comments are closed