“Kreyasyon se oksijèn nou” yon entèvyou ak Charline Jean Gilles nan NANM

This post is also available in: English

Sityasyon peyi a paka anpeche nou kreye. Fòk nou kreye pou nou viv paske se de kreyasyon nou viv. Kreyasyon se oksijèn pou nou. 

CHARLINE JEAN GILLES

Charline Jean Gilles se yon kokennchenn atis, ki ap kreye depi plis pase 15 lane nan teyat, chante ak prezèvasyon kiltirèl. Charline kounye a gen yon nouvo kolaborasyon ak atis ak gitaris Toussaint Jimmy Kerby ki rele Nanm — yon selebrasyon eritaj mizikal Ayiti. Pa manke yo si ou gen opòtinite pou gade yo sou yon sèn toupre ou. Nou te gen yon chans pale avè Charline pou nou aprann sou pakou atistik li epi chèche konnen kisa pwojè NANM lan pral pote.

Gen moun ki konnen w sou plizyè pwojè,  nan mizik, nan teyat. Mwen ta renmen konnen depi kilè ak kijan ou te kòmanse?

Kesyon sa tèlman fè m ri paske pou m reponn li gen de seri de dat pou mwen konfime. Men mwen konmanse chante, fè ti teyat nan legilz. An tan ke pwofesyonèl, sa vle di on moun ki chante, fè teyat epi yo peye w pou pyès la, se an 2007 avèk Gaëlle Bien-Aimé. Twoup la te rele Corps et Âme. Donk nou te jwe nan yon komedi mizikal ki rele Don Juan kote m te gen yon wòl nan komedi mizikal la. Apre sa nan menm ane a, avèk Gaëlle nou fe plizyè sèn. Nou fè sèn Mè Bourdon yo. M kwè yon lè nou fè sèn Bellevue…

Nan fen 2007, kòmansman 2008, mwen kontinye avèk Notre Dame de Paris dirije pa Bertrand Labarre, Maître Dechamps epi Stevenson, avèk koregrafi Jean-Réné Delsoin. Repetisyon pou spektak sa te etann li sou 8 mwa. Donk se depi 2007 mwen se yon vrè pwofesyonèl nan zafè mizik, chante epi nan teyat.

Nan yon videyo ou te fè sou paj Tiktok ou, ou te di ou te leve nan legliz, e nan travay ou, nou wè Vodou gen yon gwo plas ni nan mizik ni nan dekò. Eske w ka pale de tranzisyon w si nou ka rele l konsa ant 2 mond sa yo ki totalman diferan?

Woy Magazine avèk kesyon sa nap fè m ri ankò. Se yon kesyon pyèj paske li trè danjere pou m pale de tranzisyon m de legliz la avèk moun mwen ye jodi a. Mwen pa vle di yon seri de bagay ki ta pote prejidis e gen bagay mwen pa vle tout moun konnen.

Sa mwen kapab reponn se wi m leve legliz. Men “leve legliz” sanble ak manman ak papa ki te konn mennen m legliz. Se pa te ka pa m. An reyalite, manman m te konn fwete m lè m te konn retounen lakay mwen ta soti legliz ou byen si m te rete nan sèvis legliz la twò ta. M te konn pran baton pou koze legliz sa men mwen te toujou atire pa yon fòs mistik ke m pat ka vreman eksplike.

M te santi ke gen plis pase  sa m wè, plis pase jan yo ban m li an, epi m ap chache, m ap poze kesyon. M vinn konprann mwen te gen yon espirityalite anndan m, yon bagay anndan m, yon limyè anndan m m ap chache. Se te legliz m te konnen, donk mwen te trè relijye.

Men an menm tan ke m te legliz, mwen te konn ap fè de seri de travay, de seri de wout mistik ke mwen pat fin twò konprann. Gen yon tranzisyon ki fèt epi mwen reyalize pa gen lontan, vwayaj espirityèl sa te komanse depi anvan mwen te konsyan de li. Men, li fèt atan e mwen santi m byen.

Mwen dwe di ke vwayaj mwen fè nan espirityalite te toujou rasyonèl. M fè yon pakèt tan m ap etidye teyoloji pou m konn la pawòl paske mwen santi gen yon bagay ladann. 

M panse kesyon sa mwen dwe reponn li pou mwen. Pou mwen di byen fò sa mwen te sipoze di epi admèt depi tout etan. Mwen te toujou atire pa espirityalite.

Dènyeman, nou dekouvri pwojè NANM ou fè an kolaborasyon ak Toussaint Jimmy Kerby. Kijan pwojè sa a te kòmanse? E èske nou deside kontinye ak li nan tan ki ap vini yo?

jimmy-kerby-nanm
Toussaint Jimmy Kerby. Photo credit: NANM

Ayibobo pou kesyon sa. NANM se pa yon pwojè mwen fè an kolaborasyon avèk – se te de pwojè diferan ki vin fizyone ki vin fè yon sèl. Donk se te pwojè sòti lekòl atizay ENARTS pou Toussaint Jimmy Kerby, ki te gen pou objektif entegre pwojè amonik avèk tanbou epi rit lakou yo. 

Pou mwen menm se te fè yon travay sou mizik Vodou, sou tèks yo sitou, sou atikilasyon yo, sou wòl chante yo, pou montre nou kapab chante Vodou. Chante yo bèl, nou kapab byen chante yo e byen atikile yo. Sètènman gen de seri de pawòl ki andaki. Men sa moun genyen pou yo konprann y ap konprann paske jan mizik yo ye a yo trè difisil pou chante, sou akò pa posib.  Men yo gen anpil pwofondè, yo gen anndan, yo gen nanm. 

Donk se te sa ki te pwojè pa m, epi aprè sa, refè de seri kè, koral, peristil nan lakou yo. Fè yo redekouvri yon lòt fason pou yo apresye mizik yo lè y ap chante l pou yo kapab souse nanm avèk pawòl ki genyen anndan mizik lan. 

Nou tou lè de vinn rankontre youn ak lòt epi nou mete ansanm e nou deside fè yon bèl pwojè. 

Sitiyasyon sosyo politik ak ekonomik peyi a konplike e li afekte ni kreyasyon atis yo ni pèfòmans yo tou. Kijan w fè rive resouse w pou w vanse? Ki kote fòs ak kouray sa a sòti ? Kisa ki pèmèt ou kenbe antank atis nan peyi isit?

Mwen se yon atis, yon chantè, yon komedyen, mwen fè masaj terapi, atis makiyaj, administratè, lengwis epi mèt seremoni pou maryaj ak lòt evènman. Men tout domèn mwen sot site yo la, sitiyasyon sosyo ekonimik peyi a afekte yo. Pa gen djòb.

Mwen pa konnen men petèt li se yon ensten siviv m ta rele sa. Epi avèk tout ginen yo ki antoure nou ki ap veye pou nou ka jwenn kichòy pou nou kanpe, pou nou vanse, paske bagay yo konplike efektivman.

Mwen pa atis sèlman, mwen se yon manman tou. M gen yon pitit fi 12 lane epi mwen gen yon nyès tou. N ap viv ansanm e bagay yo konplike. Sa ki pi konplike a se ide kreye nan kontèks sa kote gen timoun ki anvi al lekòl, ki anvi soti, ki bouke rete nan kay la.

Gen delè ou ta anvi fè yon seri bagay avèk yo men finansyèman, gen bagay ou pa gen mwayen. Sou yon bò se yon bon bagay li ye tou, paske ou disipline yo tou. Men li konplike.

M pa kwè m kapab di kijan m fè pou m resouse m, men yon sèl bagay m kapab di, m paka pa vanse.  M pa gen dwa kanpe. Fòk mwen vanse. Paske chak pa mwen leve mwen mete l atè mwen p ap vanse pou mwen. M ap vanse pou pitit mwen yo, m ap vanse pou lantouray mwen, m ap vanse pou tout yon peyi. Pou yo di o mwen gen yon bagay fanm sa te kite, kèk grenn moun ki konnen m nan kominote m…

Pafwa ou santi ou ta lese w ale. Ou kriye nan mitan lannwit men tout pou kont ou paske nan demen maten ou gen tan kanpe ankò, paske fòk ou vanse. 

Nou wè w sou pwojè Liminasyon – Bazou an e nou dekouvri pwojè w ki rele NANM, sou ki pwojè nou ka wè w ankò? Eske w gen pwojè w ap travay sou yo nan moman?

Mwen te sou pwojè Liminasyon an kòm chantè e wi se yon bèl pwojè. Sètènman n ap kapab dekouvri li, men NANM se pwojè pa nou, se ti bebe nou. Li trè enpòtan pou nou souliye NANM se pa sèlman pwojè pa m men pwojè Kerby ak Charline. Mwen se NANM, NANM se mwen.

Nan yon ti tan nou gen yon konsè an kolaborasyon avèk FOKAL. Se yon konsè live ki genyen pou li soti trè byento. Nou gen lòt konpayi nou nan kolaborasyon ak yo pou nou fè lòt konsè live. 

Nou swete tou fè yon ti travay tou piti sou Gede a kote. Nou ta renmen piblye yon bèl ti travay nou vle fè nan studio pou Gede yo sou paj NANM yo. Se sa ki fè n ap toujou ap ankouraje moun yo abone avèk paj yo. Sou Youtube se NANM, Facebook se @nanmvodoua, pou instagram se @nanmvodoua.

Gen lòt pwojè k ap veni, sitou avèk Gaëlle Bien-Aimé. Epi nou sou yon pwojè de kreyasyon malgre konfinman avèk FOKAL. Se yon pwojè ki rele Dekonstriksyon ki te etann li sou 2 lane. La nou nan stad kreyasyon atistik lan. M kwè pral gen pèfòmans sitou nan festival trè pwochènman. Aprè sa gen pwojè ak lòt moun epi gen pwojè pèsonèl tou donk gen anpil bagay k ap vini e nou pral wè m ankò.

Sityasyon peyi a paka anpeche nou kreye. Fòk nou kreye pou nou viv paske se de kreyasyon nou viv. Kreyasyon se oksijèn pou nou. 

Ayibobo.

Foto: Cassendy Lafond pou Woy Magazine

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed