Èske Toussaint Louverture te vle Ayiti vin endepandan ?

This post is also available in: English

Sòti 1793 pou rive 1801, Toussaint Louverture enpoze tèt li kòm pi gwo otorite nan koloni fransèz Sendomeng (Ayiti jodi a). Depi lè li t ap prezante tèt li kòm chèf rebelyon an, nan pwoklamasyon li te fè nan kan Turel, nan dat 13 daout 1793, Toussaint Louverture montre klèman pwogram politik li pou peyi a lè li deklare : « Mwen vle libète ak egalite reye Sendomeng ». Depi lè sa, li tanmen defye ènmi anndan kou deyò pou li ka vin sèl chèf nan kanton an. Li batay pou Lespay, li batay kont Lafrans, li batay kont Lespay, li batay pou Lafrans, li kontrekare Angletè. Li pozisyone l pa rapò ak chak peyi dapre plas libète genyen nan ajannda yo pou koloni an.

A pati 1794, Toussaint pran pozisyon klè pou Lafrans ke li rele « la mère patrie » (manman peyi). Men a chak fwa tou, li montre Lafrans li pa ka yon senp sèvitè. Tout reprezantan Lafrans nan koloni an, li fè yon jan pou kontrekare yo epi voye yo tounen nan manman peyi a. Non sèlman li meprize reprezantan Lafrans yo, men tou, li aplike lòd manman peyi a nan jan sa fè l plezi. Konsa, anpil espesyalis panse Toussaint te vle fòse Lafrans aksepte pou li konsidere Sendomeng tankou yon eta asosye, yon modèl yo pral aplike anviwon 150 an aprè nan koloni ki te sou depandans Lafrans, Angletè, Lawoland elatriye. Espesyalis ki panse konsa yo, estime Toussaint Louverture te an avans sou tan li a, lide li te devlope yo te twòp pou peryòd li a. Men èske se sa sèlman Toussaint Louverture te vle ? Eske li pat gen pwojè pou fè Ayiti vin endepandan ?

èske se sa sèlman Toussaint Louverture te vle ? Eske li pat gen pwojè pou fè Ayiti vin endepandan ?

Gen plizyè karakteristik ki fè yon peyi endepandan. Genyen 4 eleman enpòtan pou bati yon peyi ki te jwe gwo wòl nan estrateji Toussaint Louverture nou ka analize : konstitisyon, lame, diplomasi, ekonomi.

Konstitisyon

Yon konstitisyon se dokiman ki tabli ekzistans yon nasyon. Se batistè yon peyi. An 1801, 2 mwa aprè li fin pran kontwòl Santo Domingo (pati espanyòl zile a), aprè li fin chita kòm chèf siprèm tout teritwa a, Toussaint Louverture konvoke yon asanble pou kreye yon konstitisyon. 7 jiyè 1801, premye konstitisyon ki fèt sou tout Amerik Latin pibliye nan Sendomeng.

Konstitisyon 1801 an presize avèk a klè kesyon libète ak egalite a. Li garanti egalite ras, egalite chans ak egalite trètman devan lalwa. Tout moun genyen menm dwa, kèlkeswa koulè yo ak orijin sosyal yo. Kanta pou libète a menm, atik 3 konstitisyon an di : « Pa gen dwa gen esklav [nan Sendomeng], restavèk aboli pou tout tan. Tout moun fèt, viv epi mouri lib kòm sitwayen fransè. » Nan konstitisyon sa, ou rejwenn prensip Toussaint Louverture yo. Se tankou yon akonplisman pwoklamasyon Turel la. Pandan li ap prezante konstitisyon an bay pèp la, Toussaint Louverture deklare : « Konsitwayen mwen yo, kèlkeswa laj ou, klas ou, koulè ou, ou lib. Konstitisyon sa [asanble a] remèt mwen jodi a, li la pou li prezève libète sa pou tout tan.»

Li enpòtan pou nou souliye karaktè endepandantis aksyon Toussaint Louverture a. Li pibliye lwa fondamantal sa, ki gen tout garanti sou libète ak egalite, san li pa jwenn konsantman swadizan manman peyi a, Lafrans. Anplis, li detèmine ki rejim politik ki dwe tabli nan koloni an, san li pa jwenn dizon Lafrans. Konstitisyon an bay Toussaint Louverture tout pouvwa. Li nonmen li gouvènè jeneral avi. Anplis, Toussaint Louverture gen dwa pou li chwazi moun ki pou vin ranplase li.

An klè, Lafrans pa gen anyen ankò pou l di nan avni Sendomeng. Se te yon ak endepandans, menm si konstitisyon an presize Sendomeng se tè Lafrans. Avèk konstitisyon sa, gen 2 bagay ki klè nan lespri Toussaint Louverture : moun ki nan koloni an lib, tout sa ki konsène bout tè sa se sou bout tè sa pou yo deside.

Diplomasi

Kapasite yon peyi genyen pou defann enterè li sou plan entènasyonal, nan tabli lapè osnon koupe fache ak lòt peyi, ka detèmine si yon peyi kòm yon leta endepandan ou pa. Toussaint Louverture pran wòl diplomat an chèf la trè o serye.

An 1798, Toussaint tanmen negosyasyon avèk prezidan Etazini an, John Adams, pou mande leve anbago Lèzetazini te mete sou do koloni Lafrans yo. Negosyasyon sa yo reyisi. An fevriye 1799, kongrè Meriken leve anbago a pou kèk koloni. Li klè pou tout moun, anbago a pat leve pou kèk koloni, li te leve sèlman pou Sendomeng. Se sa k fè istoryen yo rele desizyon sa « Clause Toussaint ».

Aprè li fin afwonte anglè yo sou teren militè, Toussaint tanmen negosyasyon pou fè yo evakye Jeremi ak Mòl Sen-Nikola san yon kout zam pa tire. Li menm ak jeneral Maintland siyen yon akò sekrè 31 dawout 1798. Desizyon sa yo pat fè Lafrans plezi paske li te gen konfli ak Etazini ak Angletè. Plis ankò, okenn koloni pat gen dwa mennen diplomasi pou Lafrans. Nan pran desizyon pou mennen diplomasi Sendomeng, Toussaint voye yon mesaj klè bay Lafrans.

Ekonomi

Anpil moun bliye souvan, lè yo di « Haïti, perle des Antilles », se te lè Lafrans te konn ap eksplwate gout san Afriken ak desandan yo anndan koloni a. Ayiti pat janm « Perle des Antilles » pou Ayisyen. Se Ayiti ki te konn bay pi bon randman nan mitan tout koloni Lafrans te genyen nan Antiy yo. « Perle des Antilles » la, se te pou Lafrans. Sitiyasyon an chanje depi soulèvman esklav yo kòmanse. Defi Toussaint se fè peyi a tounen « Perle des Antilles », men fwa sa pou moun ki ap viv ladan l.

Depi 1791, gen anpil paramèt ki chanje nan koloni an.  Se tanzantan gen yon kraze brize paske « koupe tèt boule kay » se sèl mwayen pou te fòse kolon yo tande rezon. Destriksyon plantasyon yo se te yon estrateji nan wout pou libète a. Anpil kolon, ki gen teknik nan fè plantasyon mache, kite zile a pou al tabli yo Kiba ak Nouvel Òleyan. Epi, depi 1794, esklavaj pa ekziste ankò nan koloni an. Nouvo lib yo, sa ki te fèt nan esklavaj ak sila yo yo te bwote sòti an Afrik pou vin mete nan esklavaj, yo pat vle tounen al travay latè ankò. Lesklavaj vin fè travay pèdi valè, espesyalman travay lagrikilti.

Toussaint Louverture ankouraje sitwayen yo pou yo travay latè pou yo ka « dezapwouve lènmi libète yo ki panse moun nwa pa pare pou viv lib ». Kòm diskou a pa pote fwi, li deside itilize lòt estrateji.

Pou ede ekonomi peyi a, Toussaint Louverture adopte yon seri mezi ki trè konteste. Li bay lame lòd pou arete tout moun ki pa vle al travay. Li adopte lalwa ki pini vagabonday. Sa ki pi di a, sitwayen yo te dwe retounen al travay nan plantasyon kote yo te esklav anvan kòmansman revolisyon an. Kanta blan ewopeyen yo, yo te gen misyon pou jere plantasyon yo. Yo te dwe peye travayè yo. Epi tou, yo te dwe peye taks bay otorite yo.

Kaporalis agrè sa pèmèt ekonomi teritwa a kanpe djanm. Toussaint, tout pandan li ap klewonnen lanmou li pou Lafrans, deside voye jete prensip ki di tout sa ki fèt nan koloni an se pou Lafrans. Se sa yo te rele an franse « Le colbertisme ». Li deside ouvè pò yo pou fè komès ak Etazini, ak Angletè. Bagay sa pat janm fèt anvan nan okenn koloni. Plizyè lane aprè Toussaint Louverture, Ayiti pral siyen akò ak Lafrans ak Etazini pou ba yo avantaj nan komès kòm nasyon ki pi privilejye. Nan tan Toussaint Louverture, pat gen bagay konsa. Pò peyi a te louvri pou moun ki bay plis avantaj yo. Lajan ki fèt nan relans ekonomik la, Toussaint Louverture itilize li pou achte zam pou ranfòse defans tèritwa a. Li konnen Lafrans pa t ap rete gade l nan je.

Lame

An 1792, Toussaint fè premye zak li kòm militè sou lezòd Biassou, ki te kòmandan yon ganizon nan lame Lespay. Sonje Lespay, nan batay li ak Lafrans, te pwomèt li ap bay tout moun ki vin batay pou li libète ak pwopriyete. Toussaint kòmanse kòm doktè fèy nan lame a. Rapidman, li vin pran grad. Li vin gen pwòp twoup pa li. Lè li kite lame Lespay pou li al jwenn Lafrans, an 1794, li ale ak tout sòlda li yo. Twoup li a te genyen ant 3.000 e 4.000 sòlda. Sòlda Toussaint yo toujou montre yo pi byen antrene, pi disipline. A pati 1798, Toussaint montre yon obsesyon nan militarize tout koloni a. Li achte anpil zam nan men Etatzini. An prensip, lame Toussaint an ta sipoze lame Lafrans. Men Toussaint toujou klè, lame ap rete nan wòl li si Lafrans rete nan wòl li.

An 1801, Napoléon Bonaparte deside voye lame fransèz vin retabli lesklavaj Sendomeng. Li nonmen bòfrè li, jeneral Victor Emmanuel Leclerc nan tèt eskpedisyon an. Se te pi gwo ekspedisyon Napoléon janm voye al batay a letranje. Lè Toussaint gade li wè bato lagè yo aliye sou lanmè a, li di twoup li yo lè a rive, « Nou pral afwonte yon kowalisyon kont libète. Alòs, m pa vle demi mezi. Nou dwe viv lib oubyen nou mouri ».

Twoup fransè yo te mache ak rezèv pou sèlman 2 mwa. Yo pa t ka imajine sou ki lame yo ta pral tonbe a. Batay la dire 2 zan. Toussaint te dirije batay la pandan premye mwa yo, men yo rive arete li nan yon kou trèt. Yo transpòte li an Frans, kote li mouri nan prizon 7 avril 1803. Rès lame a reprann flanbo.

Konklizyon

Espesyalis ki panse Toussaint te sèlman vle yon fòm koloni asosye, yo twonpe yo. Toussaint te abòne nan tout jounal ki te konn pibliye an Frans. Li te gen sèvis ransèyman li nan Paris. Li te konn sa kap pase nan manman peyi a. Li te konnen klèman kote li ta prale a, se pat nan yon koloni-eta-asosye ak Lafrans.

Konsil jeneral Etazini nan Okap, Edward Stevens, ki t ap swiv Toussaint de prè, bay yon apèsi sou sa li te obsève nan peryod la. Li di : « Louverture ap pran yon seri mezi dousman, men siman. L ap kenbe aparans yo pandan on ti tan. Men, kan Lafrans antre twò fon nan zafè koloni an, l ap retire mask la nan figi l, l ap deklare endepandans lan».

Se vre Toussaint pa janm ekri, ni deklare ouvètman li ta pral fè peyi a vin endepandan. Sa pa te nan abitid Toussaint pou li montre tout vizaj li. Jouk jodi a, se tank espesyalis ap chache, yo ap jwenn koze Toussaint te ka enplike ladan yo san non li pat janm site.

Zafè klewonnen Lafrans se manman peyi a, se te yon estrateji Toussaint te itilize pou mete tout moun dakò. Avèk yon konstitisyon, yon diplomasi otonòm, yon ekonomi djanm, ak yon lame, Sendomeng te sispann yon koloni Lafrans ka dirije a distans. An reyalite, 4 eleman sa yo montre Lafrans pèdi koloni an depi 1801.

An reyalite, 4 eleman sa yo montre Lafrans pèdi koloni an depi 1801.

Weibert Arthus

Weibert Arthus

PhD in History of International Relations. Former journalist at RTVC and RFI. Author of Les Grandes dates de l'histoire diplomatique d'Haïti, Paris, 2017.

No Comments Yet

Comments are closed