PHTK, G9, Kò Gwoup ak Vyolans nan Katye Bèlè

This post is also available in: English


Timoun mwen yo wè twòp san koule

Roselaine Pierre Gregoire, 49 lane, pèdi kay li kote li abite depi plis pase 20 lane aprè gang ame G9 ak alye ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier atake katye Bèlè. Roselaine kontan paske li sove 2 pitit li yo, yon ti fi ak yon ti gason. “Se anba bal nou kouri sove, se Bondye ki fè nou vivan. Plizyè moun ki la ak nou nan kan an pèdi fanmi yo. Mwen pa kwè m ap kapab janm bliye jou sa. Timoun mwen yo wè twòp san koule.”

31 Dawout nan aprè midi gwoup gang G9 atake katye Bèlè. Plizyè moun mouri, anpil kay boule e plizyè santèn fanmi kouri kite lakay yo. Se pa premye fwa Jimmy Cherizier alyas Barbecue komèt zak terè sou popilasyon sivil Ayiti. Jimmy Cherizier, ki se yon ansyen polisye, gen akizasyon sou li kòm responsab plizyè masak, espesyalman nan Lasalin ak Gran Ravin ki koute lavi plizyè dizèn moun.  Jimmy Cherizier, ki gen avi rechèch lapolis dèyè li, te plis fonksyone nan kache pandan manda ansyen chèf lapolis lan Michael Gédéon, sa ki chanje depi kèk tan. Jimmy Cherizier patisipe nan distribisyon manje ansanm ak lapolis nan katye kote li viv nan Delma 6 nan kòmansman pandemi an. 

Nan yon entèvansyon eksplosif sou radyo Magik9, nan konmansman mwa Septanm lan, youn nan manm ki pi enfliyan nan komisyon pou dezameman Prezidan Jovenel Moise kreye an, Jean Rebel Dorcénat, di se li menm ki te sigjere pou plizyè gwoup gang mete ansanm pou fòme federasyon gang G9 lan. Yon deklarasyon li t ap pral klarifye kèk jou aprè pou di se pa li menm ki fòme G9 lan, men pito li te sigjere sa pou fasilite travay komisyon dezameman an.

Olrich Jean Pierre, yon aktivis ki ap batay kont koripsyon, pataje jan li konprann sitiyasyon an: “Okenn moun pa dwe sezi remonte vyolans lan nan dènye mwa sa yo. Nou abitye ak taktik PHTK yo. Depi pral gen mobilizasyon, vyolans lan toujou remonte. Jodi a li pi grav paske gouvènman an itilize federasyon gang yo pou kreye panik e pou evite mobilizasyon. Tout remonte vyolans sa yo se paske pouvwa a pa vle gen manifestasyon aprè piblikasyon dènye rapò Petro Karibe an ki montre a klè jan anpil gwo zotobre nan PHTK gagote lajan an. Se pou sa gwoup gang yo ap atake katye popilè kote ki toujou gen mibilizasyon yo.”  

Nan yon abri pwovizwa nan katye Solino, kèk timoun ap jwe

Plis pase 500 moun ap viv sou teren foutbòl Teren Pè Espiriten nan katye Solino kote yo pran refij yo anba tant ak prela. Anpil ladan yo pèdi tout sa yo te genyen nan dife ki te mete nan zòn lan.

“Mwen pèdi kay mwen ki se tout sa mwen te genyen. Jodi a se moun k ap ede m jwenn manje, rad pou m pase jou yo. Mwen pa gen mo pou eksplike kijan m santi m fache. Mwen ap viv nan Ri Maya depi 1985, sa fè dezyèm fwa mwen kouri kite kay mwen. Premye fwa a li te andomaje nan tranbleman de tè 12 janvye an, jodi a se gang ki ap simen terè. N ap mande jistis ak reparasyon paske nou pap kapab kontinye konsa nan mitan yon pandemi.” Phalange Alexis, youn nan viktim ki rete nan abri pwovizwa Teren Pè Espiriten nan Solino.

Nan yon entèvansyon nan Palè Nasyonal prezidan Jovenel Moise voye jete akizasyon ki ta fè kwè li ak gouvènman li an kontwole gang yo. “Mwen ki sòti Twou Di Nò ki te Podepè ap travay, se mwen ki gen tout bandi nan Pòtoprens? Sa vle di, pil zanmi sa yo se mwen ki vin genyen yo nan Pòtoprens tout suit konsa? Mwen ki konn jwe ti foutbòl mwen nan vil Pòdepè?…E mwen menm mwen di sa, se Ayisyen yo ye. Se pa yon pwoblèm. Tout moun mèt ban mwen yo kòm zanmi. E se pou sa mwen mete CNDDR la, e wòl CNDDR se pou li al pale ak tout moun … Jodi a, leta se li ki gen monopòl de la vyolans. Vyolans pa gen dwa nan men pèsòn. Sa vle di, lapolis, se li ki gen pou jwe wòl sa. Lajistis, se yo ki gen pou jwe wòl sa, e lame Dayiti ki an jestasyon an…”

Ayiti toujou anba menas Covid-19 lan ki kontinye fè gwo dega nan mond lan. Se vre, jiskaprezan pandemi an pa fè otan dega yo te predi pou Ayiti, men pandemi an poko fini. Ayiti toujou ap anrejistre yo karantèn ka an mwayèn chak jou, e plis moun kontinye ap mouri. 

Malgre zak vyolans òganize yo kontinye ap fèt sou popilasyon sivil lan, gwo òganizasyon entènasyonal tankou Amnesty International, Human Right Watch, ak Konsil Dwa Moun pou Nasyonzini yo pa kondane zak sa yo. Yon atitid ki depaman ak misyon yo. Jiska prezan, Prezidan Jovenel Moise jwi sipò Kò Gwoup, ki se rasanbleman peyi tankou Etazini, Lafrans, Inyon Ewopeyen ak BINUH. Kò Gwoup kontinye sipòte gouvèman malgre tout akizasyon krim, koripsyon kontinye nan tout enpinite, e Kò Gwoup piblikman ap sipòte plan Jovenel Moise genyen pou chanje konstitisyon an e òganize eleksyon.

Pierre Esperance, Direktè egzekitif RNDDH, youn nan pi gwo òganizasyon dwa moun nan peyi a ki te pibliye yon rapò sou aktivite gang pou zafè politik sa gen kèk mwa, ofri kèk remak sou sitiyasyon an:

“Mwen konsidere Jean Rebel Dorcenat kòm yon alye gwoup gang G9 lan, deklarasyon Dorcenat ki bat bravo pou federasyon gang yo pa nouvo. Se depi nan mwa Jen l ap mache nan tout radyo pou di menm bagay lan. Sa ki pi grav kominote entènasyonal lan kontinye sipòte yon pouvwa ki mare sosis li ak gang e ki fè 9 masak nan peyi a. Mwen pa janm wè yon bagay konsa depi aprè depa Jean Claude Duvalier.” 

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed