Ekri pou pwopaje vid: yon entèvyou ak otèz dramatik Andrise Pierre

This post is also available in: English

Gen dwa se pou sa se teyat mwen ekri, paske mwen bezwen vid mwen yo pwopaje epi rezonnen depi nan moun k ap li l la, ki deside pote l bay de komedyen ki pral repete l pou pote bay yon piblik.

ANDRISE PIERRE

7yèm edisyon Festival Théâtre En Lisant fèt dènyèman sòti 12-18 desanm 2022. Direktè teyat ak komedyenm Eliezer Guerismé, te fonde Festival teyat sa nan lane 2016. Dènye edisyon festival la te abòde tèm Vyolans ak Kontestasyon. Yo eksplore tèm sa nan travay Andrise Pierre atravè plizyè aktivite tankou pyès teyat ak lekti, yon seri konferans, yon seri anliy ak yon konsè. Andrise Pierre se yon otèz teyat Ayisyen ak pwofesè literati ki kòmanse resevwa rekonesans entènasyonal. Pyès teyat li yo atake pwoblèm sosyal vyolans nan fanmi an ak nan sosyete a.

Kòm envite donè, de nan twa pyès teyat Andrise yo, Le Chêne Endormi ak Vidé mon ventre du sang de mon fils, te jwe. Li te fasilite tou yon atelye ekriti teyat pou fanm ki vle evolye nan domèn sa, e li te ekri yon seri anliy ki te pwodui ak elèv lekòl teyat ACTE yo. Woy Magazine te chita ak Andrise Pierre pou n diskite eksperyans li kòm envite donè En Lisant 2022.

Ki jan ou te kòmanse nan ekri teyat e kijan ou rive metrize fòm ekspresyon sa sou plizyè lane?

Mwen te toujou enterese ak teyat. Pa antan ke ekriven men pito lektè. Lè m te nan segondè, pyès klasik se te youn nan kou m te pi renmen. M te fasine ak jan pèsonaj yo dechire nan chwa yo dwe fè, jan yo pa mèt tèt yo, jan santiman yo depase yo.

Piti piti, lanmou m gen pou literati kondui m nan ekriti. Epi chwa teyat la vin pou kont li. 

Ekriti rive nan lavi m nan yon moman kote m te bezwen vide m. Mwen te bezwen mete mo ak non sou yon pèt, asisina frèm ki t ap wonje m. Yon melanj ant raj, kòlè ak yon tristès san non. Si m pa t pale, m te ka toufe. M kontinye ekri paske plis m ap dekouvri vid yo plis lòt ki te kache lwen ap reveye, epi montre tèt yo.

M pa konn si yon jou m te di se teyat pou m te fè, men fòm sa te pito enpoze l a mwen. Youn nan pi gwo kapasite teyat genyen se reyini moun, anpil moun, tout moun, menm kote. Gen dwa se pou sa se teyat mwen ekri, paske mwen bezwen vid mwen yo pwopaje epi rezonnen depi nan moun kap li l la, ki deside pote l bay de komedyen ki pral repete l pou pote bay yon piblik. Vid yo pa pou mwen ankò, m pa pou kòm, li sonnen nan vid chak lòt moun.

Yon panèl avèk Darline Alexis, Andrise Pierre, ak Gaelle Bien-Aimé. En Lisant Desanm 2022

W ap viv eletranje e ou antre an Ayiti pou patisipe nan Festival Théâtre En Lisant malgre ensikirite a. Kijan ou viv eksperans “Invitée d’honneur” nan kad Festival Théâtre En Lisant ane sa? Kisa sa pote pou ou antanke dramatij? 

Depi septanm 2022 mwen ap viv lafrans kote m ap etidye jesyon pwojè ak etablisman kiltirèl. Envitasyon festival la se youn nan pi bèl pretèks m te genyen pou m vin nan peyi m, wè fanmi m, epi viv bèl esperyans sa ke Festival Théâtre En Lisant pwopoze chak ane.

Si m te koute konsèy anpil zanmi, m pa t ap vini: “Tout moun bezwen ale epi ou menm ou bezwen tounen.” Anpil moun gen menm santiman sa, malgre tout sa w tande yo, m pa wè vi m lòt kote ke nan peyi m.

Envitasyon sa se te yon onè ak yon jwa san non. Jouk jodi a mwen pa sispann souri lè m sonje tout enèji ak travay ki makonnen pou bay edisyon festival sa.

Se de eksperyans menm si w ta refè yo, premye fwa a ap toujou make w. Mwen s on jèn otèz ki fèt nan yon peyi kote nou ka konte sou dwèt nou konbyen sal teyat ki genyen tèlman pa genyen; kote kondisyon lavi moun, lavi moun kap egzèse metye atistik tankou komedyen, eskiltè, dansè, pent… mwen panse chwazi m, jwe m, li m, bay travay mwen espas pou touche lòt moun, se bay anpil lòt jèn atis, otè ak otèz menm jan ak mwen bourad. Nou bezwen plis inisyativ ak plis manifestasyon konsa.

M pa konnen kisa pyès mwen yo fè sou piblik la, men mwen swete yo toumante.

Nan kad Festival Théâtre En Lisant mwen te asiste a prestasyon 2 pyès teyat ou ekri “Le Chêne Endormi” e “Vidé mon ventre du sang de mon fils”, ki eksplore ki jan moun viv e diskite vyolans. Ou tire sijè pyès sa yo nan eksperans pèsonel ou. Ki kote ou jwenn kouraj pou ekri sou sijè penib sa yo e ki pwosesis ou itilize pou ou fè l? Eske ou fè rechèch ak fanmi ou menm jan pwotagonis la fè ak Manman l nan “Le Chêne Endormi”?

Wi. Tou de pyès sa yo trete de vyolans. “Vidé mon ventre du sang de mon fils” pale de vyolans ak enpinite, men tou de dèy ak soufrans moun ki pèdi moun yo yo asasine. Pyès sa son kritik sosyete nou an ak fay ki ladann. Vyòl manman an s on twal de fon ki pral esplike relasyon kawotik li gen ak pitit sa ki mouri a : impossible de l’aimer, incapable de le haïr.

Mwen ekri pyès sa a pati de lanmò frè m, men nou pa ka konte konbyen frè ak pitit yo asasinen, ni konbyen krim ki klase san okenn pousuit lajistis.

Tou de istwa yo enspire de lavi m ak lavi fanmi m. Mwen di enspire paske gwo moso travay la tout menm rete nan fiksyon. Yon fiksyon mwen adapte apati temwanyaj ak rechèch mwen fè.

“Le Chêne Endormi” se denyè pwojè m genyen nan moman an, ke mwen kontinye travay sou li. Li reprann tèm fanmi an men pi elaji.

Papa a son nèg ki te konn bat epi imilye manman an. Nan pyès la, li mouri, men prezans li manifeste nan tout kòvèsasyon moun yo genyen. Li se pilye ki nan yon sans lye epi make chak pèsonaj yo yon fason ki diferan.

Men tou, mwen te vle kesyone pwosesis kreyasyon an, se pou sa pèsonaj prensipal la s on atis ki vle ekri sou istwa lavi fanmi l. Nan pwosesis kreyasyon an l ap kesyone antouraj li men tèt li tou, sou ki moun papa l te ye, kisa li ka di sou li, ak jis ki kote li ka ale nan sa l ap di yo.

S on istwa ki difisil e ki pataje nan mitan yon fanmi ki pa gen menm memwa sa k te pase yo. Dilèm pèsonaj mwen an se ki jan li ka rakonte istwa sa, ki pati ki pou li.

S on pwojè ke Manman patisipe anpil ladann, paske gen de temwanyaj ak pyendvi mwen te bezwen, se li ki pote yo. Sa pèmèt mwen kreye yon konfrontasyon jenerasyonèl.

Piblik la nan 2 reprezantasyon yo te swiv ak anpil atansyon e te genyen yon reyaksyon viseral. Kisa ou espere pyès ou yo fè pou piblik la? 

Aristòt di trajedi reveye lakay nou pitye ak krent. Pitye pou lòt yo, krent pou pwòp tèt pa nou. Epi rezilta de santiman sa yo debouche sou plezi.

Mwen p ap fè yon teyat pou defann valè moral, ni pou m bay leson, menm si nan teyat mwen, mwen fè pase angajman, notamman angajman antan ke feminis. Men mwen toujou swete ke sa m vle montre yo pa pase tankou se yon istwa mwen envante pou moun vin gade, pase yon tan epi bliye.

M pa konnen ki efè pyès mwen yo fè sou piblik la, men mwen swete yo toumante. Mwen vle yo poze kesyon sou tout sa ki anime yo ki bon, ki trè bon, ki pa bon, ki pa bon menm.

Photos by: Victoria Onélien
Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed