Fè konesans avèk entèprèt Kreyòl Conan O’Brien lan, Lu Louis!

This post is also available in: English

Non sèlman mwen te jwenn chans fè yon eskètch nan lang natif natal mwen, mwen te jwenn chans pou yo te anonse non pa m sou televizyon. Pa yon pèsonaj fiksyon ke mwen t ap jwe, men mwen menm, Lu Louis!

Tout moun tande nouvèl sou konmantè rasis Trump te fè sou Ayiti ki te fè tout lemond ap pale de peyi nou ankò. Mwen pa kontan bay mesye sa ak vye konmantè li a plis atansyon, men gen kèk bon bagay ki te vin rive akoz de reyaksyon sa te kreye. Conan O’Brien te anonse ke li pral vizite Ayiti pou li fè eksperyans peyi a li menm li. Misye te deside entwodui tèt li a pèp ayisyen an avèk yon eskètch komedi, e eskètch sa te fè nou tout eksite pou wè kisa vizit Conan lan ta pral pote. Nan eskètch sa, Conan te gen yon entèprèt ayisyen komik ki t ap pran plezi sou mesaj Conan lan ak tradiksyon li yo, “fenmen pòt nou paske nèg sa se yon gwo vòlè !” misye te di nou.

Kiyès blagè sa ye ? Lu Louis, yon komedyen Ayisyen-Ameriken, ki leve ann Ayiti, e ki ap viv nan Los Angeles. Misye se youn nan premye moun ki te kreye yon seri pou entènèt avèk seri popilè li a ki rele “My Roommat the”. Nou te gen chans poze Lu kèk kesyon sou karyè li avèk eksperyans li avèk Conan O’Brien.

Ki lè ou te reyalize ou te vle fè yon karyè nan komedi ?

Lè mwen te piti, mwen te toujou blagè anpil. Pwofesè te konn mete m deyò klas la paske m te pale anpil nan, e mwen te toujou ap fè zanmi m yo ri. Chans pou mwen, direktris lekòl la pa te wè mwen kòm yon timoun dezòd sèlman, li te rekonèt ke mwen te yon timoun ki te bezwen on fason pou eksprime kreyativite mwen. Yon jou, direktris la mande mwen ede li avèk yon eskètch li ta pral fè pou yon asanble pou tout lekòl la. Mwen menm, yon timoun nan 4èm ane Aprè asanble a, mwen te sezi wè jan tout moun t ap felisite mwen, menm elèv segondè yo ! Se te premye fwa mwen te montre talan mwen ba yon foul moun ki pa te zanmi mwen ak kamarad klas mwen.

Depi jou sa, mwen te konnen m te gen talan pou m fè teyat. Men se lè mwen vin rive nan segondè, mwen te vin gen yon pwofesè teyat ki te rele Mesye Webb. Se lè sa mwen aprann ke ou ka fè yon karyè nan pèfòme. Se konsa, lè mwen gradye nan segondè, mwen deside ale nan Inivèsite San Diego kote mwen te etidye Teyat. Aprè 4 an mwen gradye ak lisans mwen an 2006, e aprè sa mwen demenaje ale Los Angeles e se la mwen ye depi lò, e m ap viv rèv mwen !

Eske Ayiti avèk anfans ou ann Ayiti enfliyanse travay ou ?

Kilti ayisyen konn enfliyanse travay mwen dèfwa, espesyalman lè m ap ekri. Paske mwen se yon Ameriken ke de paran Ayisyen leve ann Ayiti, mwen devlope yon pèspektif sou lavi a ki diferan ak pa lòt moun. Pèspektif sa pèmèt mwen devlope istwa, ide, ak pèsonaj ki inik.

Ou se youn nan premye moun mwen sonje ki te genyen yon ‘web series’(yon  feyton/seri pou entènèt).

Mwen te konmanse fè seri pou entènèt mwen an nan konmansman 2008. Aprè yon lane ap viv nan Los Angeles, mwen vin reyalize byen rapid ke si w ap rete tann opòtinite vin jwenn ou, w ap pase tout vi w ap tann. Mwen menm avèk kamarad chanm mwen deside pran destine nou an men. Nou toulède te mal pou jwenn odisyon. Nou deside ekri, edite e pwodui pwòp kontni pa nou e kreye opòtinite nou pat ka jwenn yo pou tèt pa nou. Seri nou an te vin koute twò chè, ki fè nou oblije pran yon poz. Men m ap tann avèk pasyon, jou mwen ka fè seri a tounen jan li te ye a.

Ki jan ou te reyaji lè yo te rele ou vin fè entèprèt pou Conan O’Brien?

Premye reyaksyon mwen se ke m te kontan tande m t ap jwenn on ti lajan. Lol! Tout bagay te tèlman fèt rapid, se reyaksyon sa sèlman m te gen tan pou m genyen. Ban m eksplike nou jan sa te pase : Mwen resevwa yon kout fil a 10:30 nan maten, se te yon nimewo telefòn lokal. Lè mwen reponn, yon mesye ki rele Ric di mwen li t ap rele mwen de cho Conan O’Brien lan. Li mande m si mwen se Ayisyen, e si m pale Kreyòl. Lè mwen di l wi, li eksplike m ke Conan gen yon ti eskètch komedi ke yo ta pral filme menm maten an, e yo te vle m vin patisipe.

Lè mwen di misye ke mwen te disponib, misye deside ban m gig la menm kote a. Nòmalman pou angaje m pou on bagay konsa, moun dwe rele ajan mwen, aprè sa mwen t ap oblije odisyone pou wòl la oswa voye yon videyo de mwen ki ap odisyone. Se pou sa mwen te sezi ke mwen te jwenn gig la aprè sèlman yon konvèsasyon tou kout. Yo mande mwen si mwen te ka vini nan lokal la nan 45 minit. Mwen rive laba a nan 45 minit, jisteman. Nou fè yon ti repetisyon byen rapid, aprè sa yo voye m al prepare. 1 èd tan pita, nou te deja ap anrejistre cho a. Sèlman 1 èd tan pita ! Sa vle di, mwen pat menm gentan pou m reflechi byen sou sa ki tap rive a anvan nou te deja fini. Mwen te panse se te sèlman zanmi mwen ki ta pral wè klip la, men videyo a fè yon gwo hit sou entènèt. Sa te rann eksperyans lan pi bèl toujou.

Kiyes nan akonplisman nan karyè ou ki rann ou pi fye ?

Franchman, se seri pou entènèt mwen an “My Roomate the” ki rann mwen plis fyè, paske se te 100% kreyasyon pa m e sa vle di anpil pou mwen. Men patisipasyon mwen nan cho Conan O’Brien lan vini an dezyèm plas. Sa ki te pi enpòtan pou mwen se ke li te konfime ke tout travay m ap fè nan karyè mwen te vo lapèn. Non sèlman mwen te jwenn chans fè yon eskètch nan lang natif natal mwen, men mwen te jwenn chans pou yo te anonse non pa m sou televizyon. Pa yon pèsonaj fiksyon ke mwen t ap jwe, mwen menm, Lu Louis! E zanmi m ak fanmi m yo te jwenn chans wè mwen nan televizyon antan ke mwen menm. Anpil moun ki pa te konnen oswa pa te kwè nan sa m t ap fè nan Los Angeles te finalman ka wè sa m ka fè sou televizyon. Mwen pa bezwen di w, mwen jwenn ANPIL kout fil ak mesaj. Tout sipò de kominote mwen ke sa te pote te ban mwen anpil satisfaksyon.

Ki nouvo pwojè ou genyen ke nou ka espere ?

Nan moman an, m ap travay ak 2 gwo pèsonaj rezo sosyo, kote n ap kreye kontni pou Instagram ke nou pataje sou YouTube ak Facebook tou. Mwen renmen defi sa bay pou rakonte yon istwa ki gen sans nan sèlman 60 segond. Avèk limitasyon sa yo, sa fòse w pouse kreyativite ou jiskobou. Ou ka swiv mwen sou Instagram @LuontheLoo. Aprè sa, mwen toujou ap ekri nouvo senaryo ak ide pou nouvo seri pou televizyon. Mwen espere m ap jwenn chans pwodui youn nan ide sa yo pou televizyon anvan lontan, epi evantyèlman mwen ta renmen fè yon fim.

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed