Yon lòn pawòl file: Orijin Zèv “Lapèsòn” Syto Cavé a

This post is also available in: English

Lapèsòn: powèm, chante ak kont an kreyòl, se pwobableman pi gwo zèv powetik Syto Cavé, ki kouvri tout chan enspirasyon li yo: depi sou politik, pase nan fòlklò, tout sa ki fòme sosyete a, ak lanmou. CD a te pwodui nan lanne 1994. Zèv la fè alizyon ak chante sakre yo, kont popilè yo ak teknik dramatik teyat Ayisyen yo. Lis mizik yo kapab li oubyen tande tankou de tèks separe oubyen tankou yon sèl istwa. Kèk mizik suiv youn lòt dirèkteman, tankou chapit nan yon woman, kèk lòt rezonnen youn ak lòt apre plizyè mizik fini. Estil ekriti a varye anpil: gen teknik ekriti konvansyonèl, rive nan pwezi sireyalis ak lengwistik. 

Gen 6 mizik ki pote non Lapèsòn sou CD a. Premye Lapèsòn yo ( mòso 1 – 2) se yon aranjman mizikal ak yon entwo ki louvri pòt listwa ak tèm lan. Nan mizik 3 a, Yon ti lapli, sijè sou lanmou powèt la pèdi a pi parèt aklè. Sèl twazyèm tit Lapèsòn lan ( mòso 8) ki koresponn a itilizasyon mo sa a pou piblik la: 

Peyi a sonb, nanpwen limyè.
Solèy kouche depi 4trè.
Kote m prale, kote m rete?
Nan tout lavil m ape chèche l.
Lapèsòn, o! Babay, babay(X2)
Men malè mwen pran koulè
Yon vye chen sou lapli.
Vwazinay ba l kout pye,
li jape gwo lannwit.
Lapèsòn, o! Babay, babay, babay(X2)
Mwen desann sou Pòtay,
M ateri Bisantnè,
M ajenou bò lanmè,
Mwen rele :"Agwe kote w?"
Lapèsòn o! Babay, babay, babay(X2)

Lapèsòn vle di “entèl entèl”, yon moun nou pa ka oubyen nou pa vle site non li. Nou tande yon nanm an pèn ki ap chache yon moun ki ale. Men “entèl entèl” la jwe yon wòl enpòtan nan pa nonmen sijè a, e dèyè tristès la gen yon kote pase nan rizib nan babay yo. Pase nan rizib la vin anpeche nou konprann sans egzak santiman ki eksprime yo. Ensètitid sa a pèmèt tranzisyon ak lòt mizik ki pale de mond ki pèdi yo (sitou yon Ayiti ak Ayisyanite ki pèdi), ak libète nou pèdi anba opresyon politik. Pi fò tèks yo te ekri pandan egzil oubyen nan lanne 80 yo, dènye lanne diktati Jean-Claude Duvalier a. Kidonk, valè tèks yo genyen nan tan an pran fòm nan atmosfè eprèv politik la. Mòso 12 la – katriyèm tit Lapèsòn la – tankou yon stwòf (oubyen yon vè) ki ajoute ki modifye ak konplete mizik 8 la:

Papiyon nwa yo pran lari,
Vil la andèy, pral gen lapli,
Van ap soufle, lanmè move,
gad jan bato mwen chavire.
Lapèsòn o! Babay, babay, babay(X2).
Moun yo pa menm, tan a chanje,
Malè pandye sou tout do kay.
Fanal timoun yo pran dife,
Kè m ap rache, kè m ap fè m mal.
Lapèsòn o! Babay, babay, babay(X2).

Diskou politik ki kache yo parèt pi fò toujou e li difisil pou nou imajine Cavé pa te rann li kont de sa lè li t ap ekri powèm lan -jan li esplike li a – pou yon fanm ki kite Nouyòk pou ale Brezil. Jan li ye a, yo entèprete mizik la otomatikman tankou yon mizik politik. Yo chante Babay yo nan plizyè mouvman sosyal ki pase ann Ayiti nan kenz dènye lanne ki sot pase la yo. Mekanis ki pèmèt nou pase de entimite a politik la konstui anndan tèks yo. 

Peyi Pa m se Lannwit (mizik 5) kòmanse ak yon balad piyano jazz tradisyonèl, epi ak menm istwa lanmou an, men ki vin transfòme nan chache yon zanmi ki ka konprann doulè powèt la; piyano a chanje ritm ak de nòt stakato di, yon anbyans konba, tankou powèt la ap pouse yon kout rèl pou yo ede li; Li kòmanse chante pou Èzili, deyès lanmou an, li di li rankontre jou fèt drapo a ( 18 me ), epi Desalin, papa fondatè endepandans Ayisyen an. Powèt la ankouraje yon moun li pa site non li ( petèt yon fanm, oubyen li menm, oubyen Èzili/Desalin…): “tèt ou plen drapo/ w ape bayila/ Gouyad ou se pa w sa pa gade Leta”Si nou pa te ann Ayiti ak nan Karayib la, nou te ka sezi wè rezistans kont Leta a makonnen ak danse. Men nou ann Ayiti, chante ak danse ka a la fwa yon zak oubyen yon ekspresyon entim rezistans pèsonèl ak kolektif. Diferan atmosfè mizikal yo ak diferan diskou ak tèm yo melanje youn nan lòt jouk li parèt nou natirèl pou chante an menm tan Ayiti, mennaj ou paka sonde, Desalin ak Èzili. 

Rapò ak mizik la kondisyone ni tèks la ni pwosesis ki pran rasin nan imajinasyon kiltirèl la. Siksè ak  konpreyansyon li pa ka separe paske tèks la ou viv li, konnen li e ou aprann li tankou yon melodi. Nan yon antrevi, Cavé ak Valcourt ki konpoze melodi a esplike an detay orijin istwa a:

– Syto : Mizik sa a se istwa yon lanmou. Mwen t ap viv ak yon fanm ki t ap pati pou Brezil epi lè li pati a mwen konpoze mizik la. Mwen te santi yon gwo absans, yon gwo twou, yon gwo vid. Mizik la fèt konsa, li fèt apati kè sere sa a, de depa sila a. Se pou sa li gen koulè Brezilyen sa a.

– Boulo Valcourt : Syto avè m toujou ap konpoze mizik. Le pli souvan se li ki ekri pawòl pou mwen. Men fwa sa a sete nan sans envès la, li vini ak mizik la epi li di m mete akò sou li. Mwen te oblije chache yon jan pou m te ba li yon koulè pou li pa te ret twò plat. Lè misye te vini ak [li fredone melodi a], [li jwe melodi plat la sou gita l], [li jwe vèsyon ki gen koulè a]. Mwen ba li koub sa yo paske se sa mizik la te bezwen. Syto vini ak yon bagay ki te trè bèl, vreman, men an reyalite li te manke koub sa a mwen te mete ladann. Mwen panse m te remèt misye pyès li […]

– Syto : Mizik la vin pi laj. Li vin tounen yon mizik fanm, yon mizik vil, yon mizik peyi.[…] Kidonk li vin pran yon karaktè politik. Nan pwen, anvan diktati Duvalier yo fini  nou te konn jwe li nan ba ki rele Batafou – rejim lan te frajil nan epòk sila a – kidonk moun yo te panse nou t ap di rejim lan babay. Se vre tout sa ka nan chante a. Men mwen di nou ki kote li sòti, sete yon istwa lanmou, yon istwa ki kanpe, epi tout bagay kilbite. Li kòmanse sou yon wout, e li suiv wout li. 

– Boulo : […]Se yon reyalite Syto t ap di ki te mete tout moun nan yon refleksyon. “peyi a sonb nanpwen limyè… babay” elt.. Nan epòk sa a, sete de bagay ou pa t ap ka di twò kri, men an reyalite Syto te pase yon jan ak li.  Ki fè tout moun,  kit sa ki te nan gouvènman an kit moun nan opozisyon te aksepte mizik la. menm si anndan yo, yo te gen yon refleksyon trè fò sou mizik la. 

Sèl bagay ki klè, se dinamik ak kolaborasyon pwosesis la. Vre Mizik la, se sa ou tande nan moman an. Pwodui final la pran fòm e li ka pran diferan siyifikasyon, sa ki bay piblik la posibilite chwazi kote li prale.  Lapèsòn paka egziste si li pa chante ak jwe, entèprete selon otè a, oditè a ak entèl entèl.

Ofinal, Lapèsòn se yon kont sou lanmou, zanmitay, ak lespri moun ak divinite, lespri ki chaje koulè, ki chaje emosyon. Se istwa tou, mond ki ap mouri, mond ki ap suiv ak mond ki etènèl. Istwa yo nan tèks la, nan mizik la, nan vwa Cavé ak nan istwa ki dèyè atizay sa a. CD a plis pase istwa inisyal la, pi rich pase jan yo resevwa istwa a ak jan kolektivite a re entèprete l. Gen plis istwa, plis moun ak vwa nan istwa nan istwa enpòtan pase sa piblik la ka byen itilize nan yon moman detèmine. Men se vre, nan mitan Lapèsòn lan, gen yon fanm yo pa site non li, pandan gen plizyè lòt bagay yo site, tankou: wout, moun, lwa ak yon zile antye ak tout listwa li, ak yon bagay ki pa di. Pa gen mizik san silans. 

Mehdi Chalmers

Mehdi Etienne Chalmers is a poet with a background in Modern Letters and the History of Philosophy. He published his first collection of poetry, Jaillir est la solution in 2014, and his second collection in 2017, From lies. He is currently pursuing a doctorate in Francophone literature (French and Francophone Studies) at Florida State University.

No Comments Yet

Comments are closed