Kriminalize avòtman p ap anpeche avòtman fèt

Nan kad jounen mondyal dwa pou moun avòte ,28 septanm, plizyè òganizasyon te reyalize yon kenzèn aktivite soti 14 septanm rive 30 septanm. Konferans ak kozri, espas X (ansyen twitter), live Facebook, pwojeksyon fim, ekspozisyon, mach pasifik se seri aktivite yo ki te reyalize pou sansibilize ak enfòme moun sou avòtman. Deba sa, tankou tout deba sou dwa fanm, te fè anpil tole epi jwenn anpil retisans bò kote anpil moun, fanm kou gason, nan lari a ak sou entènèt la.

Nan yon mach pasifik ke plizyè òganizasyon feminis reyalize nan lide pou mande dekriminalize avòtman, nan jounen 28 septanm 2023, plizyè moun k ap pase joure medam yo. Se pa yon sipriz, gen yon latriye jouman lèd ki egziste nan kilti ayisyen an pou diskriminen fanm ki entewonp yon gwosès. Pawòl tankou kanaldivan, Kan vid, Antèman prive, manman ti mò, antèman san rèl pou m site sa yo senpman fè pati yon lis jouman byen long lasosyete rezève pou fanm ki avòte. Pale anpil mach pasifik Septanm lan te soulve fè nou reyalize anpil moun nan sosyete a, fanm kou gason,  pa pare pou gen diskisyon sa. Alòske moun ki fè avòtman deja, deklare se yon pratik ki epwizan non sèlman fizikman men sikolojikman tou. Pandan tout pwosesis la, moun sa bezwen sipò pwòch li pou ede l viv moman yo. 

Depi byen lontan nan listwa nou menm kòm pèp, avòtman te toujou prezan kòm pratik. Pandan peryòd esklavaj la, fanm kaptif ki nan bitasyon yo kou fanm mawon yo te mete an plas on mwayen pou redui byen mèt yo. Parapò ak lalwa ki te tabli nan koloni yo, matris medam yo te tou pwopriyete mèt li. Chak grenn timoun ki fèt ogmante mendèv mèt la epi kondane timoun sa a on lavi esklav. Bernard Moitt, yon istoryen deklare : “Bay tèt ou lanmò, atake byen mèt la, keseswa se yon pwopriyete osnon yon pitit ou w touye, se yon afimasyon libète l ye. Dayè nou ka wè ki repons kolon yo bay fanm ki nan pratik sa yo; yo touye yo pa pakèt devan tout moun.” Nan ki moman avòtman vin yon zak degoutan nan pwen pou yo diskriminen fanm ki ta deside fè chwa sa e menm trete l kòm kriminèl?

Selon atik 262 nan kòd penal 1825 ayisyen an, gwo sanksyon rezève pou ni moun ki ta ede yon fanm ansent avòte, ni fanm ansent sa. Anplis de chay moralite a ki pa lejè ditou, lajistis mete tout pwa l nan balans lan pou anpeche fanm pran pwòp desizyon sou kò yo. Pwa lawonte ki sou do moun ki bezwen sèvis la konn anpeche l mande èd nan lide pou evite moun konn afè l epi jije l. Sa ki konn pouse moun sa yo reziyen yo ak de metòd ki mete lasante yo, e menm lavi yo an gwo danje. Ann Ayiti anpil fanm pèdi lavi yo pandan akouchman e avòtman ki fèt nan move kondisyon pou anpil nan chif sa. Selon Bank mondyal, sou chak 100,000 akouchman 732 fanm mouri

“M te rive retire l, men m te manke mouri, e yo di m si m kontinye pratik sa m ka mouri.”

Nan yon temwayaj yon jenn fanm bay Espas Fanm ki se yon emisyon medya AlterPress fè, li deklare li ansent e li pa t jwenn kouraj mete paran li okouran. Mennaj li mennen l kay plizyè medsen fèy pou jis timoun lan tonbe. Li kontinye rakonte pou l di : M te rive retire l men m te manke mouri. E yo di m si m kontinye pratik sa, se sa k ap rive m menm.

Yon fanm ki avòte, konteste lòd patriyaka a, li konteste sistèm ki di kò l ta dwe sou kontwòl gason” – Tamas Jean Pierre

Nan yon ti pale ak Tamas Jean-Pierre ki se sosyològ ki spesyalize nan jan epi manm Òganizasyon Feminis Dantò, li deklare sa konsa: “N ap viv nan yon sistèm patriyakal ki chita sou etewonòmativite ki genyen yon pakèt prensip. Youn nan prensip yo, fòk yo kontwole fanm nan tout demach li, tout jès li epi kò li. Yo fè konnen tou, seksyalite ak kò fanm ta dwe gen vokasyon fè pitit. Yon fanm ki avòte, konteste lòd sa yo, li konteste sistèm ki di kò l ta dwe sou kontwòl gason. Diskriminasyon yo fè sou fanm sa yo se chatiman sistèm patriyaka a rezève pou fanm sila yo.”

Men dinamik dominasyon sa yo pa afekte tout fanm ayisyen menm jan. Si la yo ki gen lajan ka peye pou fè yon avòtman nan yon klinik prive. Medam ki soti nan klas devaforize yo tonbe anba men chalatan ak lot mwayen ki pi riske sa ki mete lavi yo an danje. Madi 26 Septanm, pandan kenzèn aktivite pou dwa pou moun avòte, òganizasyon Nègès Mawon te òganize yon pwojeksyon-deba avèk IFH kote moderatè a mande moun nan asistans pou yo site metòd yo konn tande moun itilize pou avòte. Moun yo pran site metòd chokan menaj medam yo konn pran pou debarase yo de “pwoblèm” lan tankou te amwaz, kout pye anba ti vant, woule fi a nan eskalye, koka ak klowòks, fanta ak digo, sèso. 

Selon òganizasyon feminis yo, li ijan pou leta sansibilize popilasyon an sou koze avòtman an. Lagè gang yo ap mennen kont popilasyon an, ki espesyalman touche medam yo nan kò yo rann legalizasyon an pi ijan. Se nan lide sa sosyològ Tamas estime wòl òganizasyon yo se fè presyon sou leta ak sistèm lan, osnon etabli yon leta ki kapab pran an kont bezwen yo. Òganizasyon sa yo bezwen chita ansanm pou reflechi kisa on fanm kapab bezwen an tèm sante epi fòse leta a entegre bezwen sa nan politik piblik li. 

Kriminalize avòtman, simaye lawont ak diskriminasyon sou fanm ki entewonp gwòs p ap anpeche avòtman fèt. Okontrè, yo kontinye fèt pa pil e pa pakèt. Sa jis favorize doktè chalatan fè lajan sou do fanm sa yo nan move kondisyon. Sa oblije de seri de fanm al avòte anba tab pandan yo riske gwo konplikasyon pou sante yo ki konn menm mennen lanmò. Li ijan pou leta edike popilasyon an, rantre koze avòtman an nan politik sante piblik. Depenalize avòtman pou diskisyon yo kapab monte tab epi evite fanm ki oblije avòte yo, pafwa pwòch yo, tonbe anba lawont piblik.

Photo via Nègès Mawon

Magdala Louis

Magdala Louis

Psychologie, cinéma, militante et féministe, auteure, médiatrice culturelle en street art.

No Comments Yet

Comments are closed