Kiyès n ap mande libere Ayiti?

This post is also available in: English

Ayisyen pa dwe janm nan mande libète sa se yon eritaj zansèt yo kite pou nou ak san yo.

Egzistans Ayiti kòm yon peyi e egzistans Ayisyen kòm moun se 2 bagay ki kontradiktwa ak lide siperyorite blan an. Depi aprè Jean Jacques Dessalines fin wonfle lame napoleon, blan rasis, kolonyalis, esklavajis pa janm sispann konplote pou redwi n an yon gwoup moun ki fou, ki pa kapab dirije tèt nou e ki bezwen sou kontwòl yo. Kreye yon nasyon ak fòs ponyèt nou, sou san nou, san mande pèmisyon p ap janm yon bagay akseptab nan yon mond rasis ki domine pa lide sipremasi blan. Plis pase 200 lane aprè endepandans Ayiti, Ayisyen ki vle libere Ayiti anba bòt politik kolonyal rasis ak neyoliberal dwe aksepte verite sa. Egzistans Ayiti ak Ayisyen se sinonim rezistans nan mond ki domine pa lide sipremasi blan. 

Ayisyen! Istwa Ayiti se pa yon chwa ou fè, se yon eritaj. Ou gen yon responsablite istorik pou w pwoteje l. Pa gen anyen nan sa k ap pase Ayiti an 2021 an ki pa konekte ak sa ki pase nan Bwa Kayiman nan mwa Dawout 1791. Pa gen Anyen k ap pase Ayiti jodi an ki pa konekte ak lide supremas blan an ke “yon gwoup moun ki enferyè ak nou pa gen dwa janm kapab montre nou pa gen rezon.” Peyi enperyalis ki bati tout fòtin yo nan kolonizasyon e ki kontinye domine mond lan p ap janm aksepte baton nou bay lame sanginè Fransè 1803 nan Vètyè. Si w se yon Ayisyen ki konn listwa w e aksepte pwoteje eritaj zansèt yo, ou gen responsablite pou w aji nan lespri zansèt pou w toujou mache tèt wo e batay kont tout fòm opresyon. 

Se nou menm ki pral libere Ayiti … An n refè l ankò

Libere Ayiti an 2021 vle di menm bagay li te vle di an 1791. Se vre nou pa nan esklavaj, men nou sou dominasyon Nasyonzini, Etazini ak Inyon Ewopeyèn. Maryaj ant elit konwonpi Ayisyen ak peyi enperyalis yo se pa yon aksidan. Lè w mete l nan kontèks istorik li ou konprann pi byen poukisa yo sipòte koripsyon, enpinite ak masak. Pa gen vrè liberasyon pou Ayiti san yon gwo leve kanpe e koupe fache total ak tout sistèm opresyon. Se pa yon aksidan elit ekonimik Ayiti k ap sipòte diktatiki tabli l nan peyi an plis sanble ak ansyen kolon yo. Reyalite sa a sòti dirèkteman nan lide sipremasi blan an ki vle fè konpran gen yon gwoup moun ki pa dwe janm kapab pwouve yo kapab dirije tèt yo

Menmsi kontèks politiks yo diferan an 2021, libere Ayiti vle di libere Ayiti. Istorikman se nou menm ki libere tèt nou e bati pwòp reyalite n, si n dakò sou pwen sa a ki se yon verite istorik, nou oblije pran responsablite n pou n batay. Ayisyen pa dwe janm nan mande libète sa se yon eritaj zansèt yo kite pou nou ak san yo. Peyi nou anba okipasyon, anba dominasyon neyokolonyalis e sa se yon rapèl : se nou menm ki pral libere Ayiti. Zansèt yo te konprann sa, e se sa ki te fè siksè revolisyon 1804 lan. Pou m pi klè ak nou, ban m prete yon mesaj ki toujou nan tout kanaval: Ann refèl ankò.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed