Prezève patrimwàn kiltirèl nou: Sant Konsèvasyon Byen Kiltirèl nan Inivèsite Quisqueya

This post is also available in: English

“Byen kiltirèl nou yo se temwanyaj idantite nou kòm pèp. Li enperatif pou nou sove yo epi konsève patrimwàn kiltirèl nou an paske li pote lespwa e li anrasinen nou. Si nou pa prezève byen kiltirèl nou yo, n ap pèdi moso nan nou. Chak jenerasyon ap pase, e p ap gen okenn lyen ant jenerasyon yo.” – Erntz Jeudy

Chita ak restoratè prensipal atizay nan Sant Konsèvasyon Byen Kiltirèl nan inivèsite Quisqueya a, Erntz Jeudy, louvri je mwen. Konsèvasyon atizay se pa yon sijè nou pale de li chak jou, alòs wòl li enpòtan nan prezève istwa nou ak idantite nou. Jeudy, yon mesye mens e entelijan pataje ak anpil pasyon travay li sou konsèvasyon atizay–yon metye ki ra nan espas kreyasyon ann Ayiti–istwa sèl sant konsèvasyon kiltirèl Ayiti a, e sa ki motive li kontinye travay sila a nan yon anviwònman ki deja difisil.

12 janvye 2010 se jou tout Ayisyen p ap janm bliye. Dezas tranbleman tè sa a te touye anpil nan pwòch nou yo, men li domaje anpil ak yon pakèt achiv, koleksyon atizay ak byen ki fòje patrimwàn kiltirèl nou pandan dè syèk. Byen kiltirèl sa yo pa sèlman dokimante istwa nou kòm pèp, men li bay yon temwanyaj sou valè diyite, libète, otonimi, kominote, lafwa ak kreyativite nou.

Sant Konsèvasyon Kiltirèl te mete sou pye nan kad yon pi gwo pwojè, Pwojè Rekiperasyon Kiltirèl Ayiti, Enstitisyon Smithsonian te fè nan tèt kole ak gouvènman Ayisyen an pou prezève anpil nan byen kiltirèl ki te pran gwo domaj nan tranbleman tè 12 janvye a. Pandan premye lanne yo, Smithsonian Institute  ak patnè li yo, sove epi trete  plis pase 30 000 penti, eskilti, liv ki ra, penti sou mi, byen achiv, e yo fòme plis pase 100 Ayisyen sou baz travay konsèvasyon atizay. Anvan, sant lan te nan yon ansyen batiman ONU anba lavil Pòtoprens jouk nan mwa jen 2015, apre sa yon sant konsèvasyon pèmanan vin inogire nan Inivèsite Quisqueya. Sa te rive posib gras a soutyen Inivèsite Quisqueya, Enstitisyon Smithsonian, USAID ak Fondasyon Stiller.

Apre inogirasyon sant lan nan inivèsite a an 2015, sant lan te dirije pa Frank Louissaint, yon atis e pwofesè rekoni, te youn nan premye jenerasyon atis ann Ayiti ki espesyalize nan konsèvasyon atizay. Lè li mouri an 2021, mesye Erntz Jeudy ki te yon fidèl elèv e ki te gen Franck Louissaint kòm mentò, vin suiv tras li. Ekip restoratè atizay sant lan gen 4 moun ladann, mesye Erntz Jeudy, mesye Richard Ruthger, mesye Marc Gérard Estimé ak mesye Godson Antoine.

Mesye Jeudy kontinye pou li esplike nou lanmou li ak angajman pèmanan li pou travay sila a. “…Mwen renmen sa m ap fè a paske mwen renmen tèt mwen. Mwen renmen tèt mwen paske mwen renmen orijin mwen. Di mwen renmen orijin mwen, vle di mwen renmen peyi m. di mwen renmen peyi m, se di mwen renmen istwa m, idantite m antan ke moun. Kidonk pou sa gen sans pou mwen, se temwen sa yo. E sa oa sèlman pou jenerasyon sa yo, se pou jenerasyon k ap vini yo.”

Mesye Jeudy kontinye travay sou diferan pyès atravè peyi a, restore byen kiltirèl ki gen plis pase 200 lanne, tankou restorasyon tablo Palè San Sousi Numa Desroches te fè nan lane 1818. Pwosesis pou chak byen kiltirèl delika e ka mande anpil mwa konsantrasyon sou tablo a selon jan zèv la deteryore. Chak pyès pataje pwòp istwa li e mande divès degre entèvansyon. Ekip Jeudy a travay anpil pou prezève zèv orijinal la.

Pwosesis restorasyon an gen plizyè etap ladann, tankou netwayaj, reparasyon, epi souvan, elimine ansyen tantativ restorasyon yo. Se sa ki rive ak gwo penti ki sot nan katedral Okap la ki rele Asansyon. Yo te eseye restore chedèv sila a deja, sa ki te defigire zèv orijinal la e ki afekte entegrite pyès la. Mesye Jeudy esplike, antan restoratè, nou dwe anpil fwa pote plizyè chapo epi travay ak anpil rigè. Entasyon yo se amelyore eta zèv la pandan y ap estabilize pwoblèm fizik yo epi abòde tout defigirasyon ki sou sifas zèv la sa ki pwovoke deteryorasyon ak domaj yo.

Katastwòf natirèl yo ki pa janm kanpe, enstabilite sosyo ekonomik ak politik  ki toujou pèmanan, oblije Ayisyen  siviv nan de kondisyon ki difisil anpil. Nan bay priyorite nou a bezwen fondamantal nou yo, nou souvan bliye a ki pwen ekspresyon lakilti atravè listwa nou te enpòtan pou nou siviv. An verite, malgre eprèv nou travèse, nou pa janm bliye kilti nou nan peryòd dout yo. Okontrè, nou refijye nou nan li. Nou priye pi fò, nou chante pi fò e nou kenbe youn lòt pi fò. Atizay se yon mekanism pou prezève idantite nou ak ekspresyon kiltirèl nou.

Sant Konsèvasyon Kiltirèl la se on espas ki fèt pou echanj, fòmasyon, rechèch, ekspozisyon ak deba sou plas ak wòl lakilti nan devlòpman ekonomik. Jodi a, sant lan ap travay komisyon pyès ki soti nan tout peyi a epi li ap travay kounye a sou rekipere zèv atizay ki andomaje pandan tranble man tè nan mwa dawout 2021 an nan depatman sid peyi a.

Si ou vle konne plis sou travay yo, ou ka konsilte sit entènèt sila a:

https://uniq.edu.ht/ccc/presentation/

Photos by: Cassendy Lafond
Christina Jean-Louis

Christina Jean-Louis

Artist. Communicatee. Creative Strategist. Visionary. Change Agent. Explorer. Ayiti Enthusiast. Penn Stater. World Citizen. Global Misfit.

No Comments Yet

Comments are closed