Kondane Viktim Kadejak se yon Pratik ki Dwe Fini

Kondane viktim yo nan plas malfektè san fwa ni lwa, se yon pratik ki dwe fini.

Deklarasyon Pòt pawòl lapolis la pou konseye jèn fanm “evite ale nan chanm gason” olye kondane e montre lapolis detèmine pou arete kadejakè yo e pini yo. Se yon deklarasyon ki ankouraje plis vyòl. Kondane viktim yo nan plas malfektè san fwa ni lwa, se yon pratik ki dwe fini.

Kadejakè yo pa sèlman vyole yon adolesan men yo filme li e distribiye li. Yo konn sa yo fè a, e yo bezwen yon repons pwopòsyonèl. Jan enspektè lapolis ap pale a se plis tankou yon moun k ap plenyen, sa pa mesaj sosyete a dwe voye bay apranti kadejakè ki gen ide fè menm bagay lan. Lapolis dwe kanpe fèm e mete tout resous deyò pou jwenn kadejakè yo e trase yon egzanp.

Nan moman n ap pale a, de nan pi gwo militan kont kadejak ann Ayiti ap viv nan egzil, Malya Villard ak Eramithe Delva. De militan sa yo se manb fondatè KOFAVIV, Komisyon Fanm Viktim Pou Viktim ki se youn nan òganizasyon ki ede fanm jwenn swen sante aprè kadejak ak asistans legal.

Toulède oblije pati kouri kite peyi a nan lane 2014 aprè lajistis lage yon gwoup kadejakè yo te pouswiv lajistis. Aprè plizyè semèn kote bandi tire devan biwo yo nan Kriswa ak fè foto anplwaye yo, yo te mande lapolis èd sa ki pa evite yo te kontinye sibi menas. Aprè plizyè mwa menas, medam yo te oblije kite peyi a e ap viv an egzil Nan Etazini Amerik depi lò.

Mwen kontakte Malay Villard sou dosye kadejak kolektif sou jèn fi 17 lane a e deklarasyon enspektè polis la.

“Bandi jwenn plis sipò kote otorite jidisyè ak polis pase viktim yo. Mwen sonje lè mwen al devan yon polisye pandan nou t ap fè yon plent, youn ladan yo di ‘timoun kounye a yo cho anpil e yo pa konn kijan pou abiye.’
“Mwen vrèman pa etone jan sitiyasyon sou pwoteksyon fanm ak timoun ap deteryore paske nou menm ki dedikase lavi nou pou batay sa a, nou oblije kouri. Li tris pou kontinye wè ka sa yo ap repete men li pi tris pou wè otorite yo pa vle fè plis pou pwoteje fanm ak timoun. KOFAVIV kontinye travay pou defann viktim yo, men prezans nou manke. Viv ann egzil pandan fanmi nou kontinye anba menas pa yon bon siy n ap jwenn bon pwoteksyon pou tounen lakay pou kontinye travay la. Batay pou defann dwa fanm Ayiti dwe miltipliye jodiya malgre sitiyasyon an difisil, nou dwe fòse otorite yo tande vwa fanm yo.”

Lapolis ak lajistis dwe ankouraje viktim pou fè plent e fè travay yo la Pou fè ki se pwoteje ak sèvi sitwayen onèt, vilnerab e arete pouswiv tout kalite bandi.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed