Vann Dèt? Kisa Otorite Ayisyen Al Regle Qatar

D14o6yaWkAYjuvN.jpg-large
via @QNAEnglish

Negosyasyon ant Ayiti e Qatar lan se yon bagay nòmal.

Nan aktivite komèsyal e finans entènasyonal, dèt se yon byen e li gen anpil valè sou mache finansye entènasyonal lan. Menm jan ou ka vann lò e petwòl, li posib pou vann dèt tou.

Kòm nou konnen deja peyi Dayiti gen anpil dèt piblik paske leta nou an prete kòb anpil. Youn nan kreyansye nou, sa vle di moun ke nou dwe, se gouvènman Venezwela a. Sa se dèt nan kad akò PetwoKaribe a.

Prezans reprezantan gouvènman Ayisyen an nan Qatar se pa pou vann dèt Petwokaribe a. Se pa sa ditou. Ayiti dwe Venezwela kòb, ki vle di, se Venezwela ki pwopriyetè dèt sa. Sou bilan ekonomik Venezwela, sa se yon kreyans ou byen sa yo rele yon ‘aktif’ paske li rapòte yo kòb. Donk se yon kont kap rantre kòb pou Venezwela paske yo te prete nou yon kòb ak yon to enterè. Se Venezwela, kòm pwopriyete, ki ka vann dèt la bay Qatar.

An revanch, prezans gouvènman ayisyen an nan Qatar se pou pale ak youn nan peyi ki swadizan entèrese nan achte dèt sa nan men Venezwela. Peyi Venezwela anba sanksyon ameriken depi kèk jou, e yo bezwen kòb kach e rapid. Lane pase, prezidan ameriken an entèdi envestisè achte dèt nan men venezwela pou kach. Donk si nou wè Qatar ka potansyèlman achte dèt sa, se ke Tonton Sam o kouran e li deside kite sa pase.

Negosyasyon ant Ayiti e Qatar lan se yon bagay nòmal. Gouvènman ayisyen an gen dwa pou chache pale ak Qatar pou eseye negosye pi bon kondisyon pou ranbouse dèt lan si se Qatar vre ki vinn nouvo pwopriyetè dèt sa. Epi tou, ka gen negosyasyon pou restriktire dèt lan, ki vle di ke yo ka deside pwolonje echeyans dèt lan ou byen amelyore tèm e kondisyon yo. Men pa bliye, jiskaprezan li poko definitif ke Qatar pral achte dèt sila a.

Li nòmal pou anpil moun gen laperèz paske otorite nou yo enkonpetan e anpil fwa yo pa byen reprezante enterè nou. Nan menm tan an, nan tranzaksyon konsa Ayiti pral gen anpil limitasyon paske se mèt dèt ki chwazi tèm ak kondisyon ranbousman dèt la. Ou ka mande kèk chanjman, ou ka swete yon bagay, e ou ka negosye. Men lè ou dwe, an jeneral pozisyon w ak manèv ou limite.

Ke Venezwela deside vann dèt ou pa vann dèt, sa pa genyen okenn rapò ak jan lajan sa te depanse. Lajistis Ayisyen ap kontinye travay sou dosye PetroCaribe a, endepandamman de kiyès leta ayisyen ap ranbouse kòb lan.

Ann pran yon egzanp: An nou di, Moyiz achte twa bannann kredi nan men Martine pou 100 goud ke Moyiz di li ka peye nan 2 semèn…

Ann pran yon egzanp: An nou di, Moyiz achte twa bannann kredi nan men Martine pou 100 goud ke Moyiz di li ka peye nan 2 semèn. Epi paske Martine bezwen kòb la rapid, li di Lalo li mèt touche 100 goud Moyiz lan nan 2 semèn si li ba li 75 goud kounya. Sa vle di Martine vann kredi an, e kounya Moyiz vinn dwe Lalo 100 goud la pito. Moyiz ka eseye mande Lalo pou ede l peye mwens oubyen ba li delè elatriye. Sa pral depann de si Lalo vle.

Men si Moyiz te toufe yon moun ak bannann lan epi moun lan mouri, lajistis pral deside pou jije Moyiz endepandamman de kiyès ki dwe kiyès. Tranzaksyon orijinal lan pa relevan. Se 2 bagay diferan. Youn se yon tranzaksyon finansye ; e lòt la se yon zak kriminèl.  Kounye a ranplase bannann nan metafò sa ak lajan Petrocaribe a, epi wap konprann.

Vizit delegasyon Ayiti an nan Qatar se nan kontèks potansyèl konsekans tranzaksyon finansye sa nou sot dekri la. Qatar se youn nan peyi ki gen youn nan pi gwo fon souvren sou latè, ak plis pase 320 milya dola nan Fon Souvren Qatar lan. Yo se youn nan pi gwo gwoup envetisè nan anpil gwo peyi. Se yo ki pwopyetè Paris Saint Germain (PSG), Aljazeera Channel, beIn Sports elatriye. Qatar gen anpil byen imobilye nan anpil gwo vil tankou Paris, London, New York City. Sou mache finansye an, Fon Souvren Qatar lan kalifye kòm yon envestisè sofistike.

Pinga nou fè erè nan panse se  ede yo pral ede nou nan tranzaksyon sa a jiskaprezan. Men si nou gen bon negosyatè, nou ka jwenn yon bon rezilta, malgre l ap difisil jwenn yon pi bon kondisyon pase jan pwogram ranbousman PetroCaribe a te egziste.

Nenpòt sa ki fèt ak dèt PetroCaribe a sou mache finansye an, pa konfann li ak sa nou dwe fè pou Pwosè PetroCaribe an ka vinn yon reyalite.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

1 Comment