Covid-19 Kapab Fè gwo Dega nan Batey Yo nan Repiblik Dominikèn

This post is also available in: English

Kit se ann Ayiti oswa nan kominote ayisyen andeyò peyi a, travayè ayisyen pa pwoteje e yo ap sibi konsekans yo.

Semèn pase, premye minis ayisyen an deklare yon swadizan viktwa sou pandemi kowonaviris la, e li tou anonse ouvèti faktori ki te fenmen pou tèt eta ijans sanitè a. Nan jou ki te suiv deklarasyon sa, nou te kòmanse wè videyo foul moun ki ap tounen travay nan izin kwense, epi san materyèl pou pwoteje yo. Gen yon rapò ki soti sa pa gen lontan ki montre zòn nan vil Nouyòk ki plis afekte avèk kowonaviris. Rapò sa montre ke anpil nan katye ki plis afekte yo se katye ki gen anpil imigran ki soti nan Karayib la. Yon gwo pousantaj Ayisyen ki ap viv Etazini travay nan endistri sèvis ki rann yo plis vilnerab nan moman an. Kit se ann Ayiti oswa nan kominote ayisyen andeyò peyi a, travayè ayisyen pa pwoteje e yo ap sibi konsekans yo. Malerezman, sitiyasyon an pa diferan lakay vwazen nou yo kote anpil ak on pakèt Ayisyen ap travay nan chan kann kote ki gen gwo danje nan mitan yon pandemi.

Covid-19 deja touye plis pase 250 moun nan Repiblik Dominikèn e enfekte 5300 daprè otorite Dominiken yo. Ayisyen k ap viv nan batey se gwoup moun ki pi mal trete nan tout sosyete Dominiken an. Dènye fwa mwen te nan yon batey, se te  nan mwa janvye 2019 nan tounaj “A Sweet Deal”, yon epizòd pou Rotten ki se yon cho sou Netflix. Mwen pase anpil tan nan batey ak travayè ayisyen yo e anpil ladan yo te malad. Majorite travayè yo pa konn ki maladi yo soufri paske yo pa gen aksè ak swen sante. Yon batey se yon kote ki deja izole e ki la sèlman pou travayè ayiysen k ap koupe kann. Ayisyen nan batey yo sèlman gen aksè ak bezwen bazik yo, tankou yon ti kay an bwa, dlo ak manje. 

Poko gen okenn enfòmasyon ki disponib sou sitiyasyon batey yo, men sa ki klè, gen plis pase 40 mil travayè aktiv plis fanmi yo k ap viv nan plizyè rejyon andedan peyi a. 

Daprè Jesus Nunez, Kòdonatè Inyon Nasyonal Travayè nan Batey yo, “travayè yo pa fè pati proyirite leta e yo pa kapab rete san travay, yo oblije kontinye travay san materyèl pwoteksyon. Konpayi yo ak gouvènman an pa fè anyen pou travayè yo jiskaprezan nan mitan pandemi an. Jiskaprezan mwen pa konnen si genyen travayè ki gen viris lan, men mwen kwè sa posib. Batey yo se espas ki pi vilnerab e gen anpil moun k ap viv pil sou pil nan yo, viris lan kapab rann sitiyasyon travayè yo ki deja mal vin pi mal. Mwen ap bay presyon pou wè si gouvènman an ak konpayi yo pral pran mezi pou pwoteje travayè yo, men mwen pa gen okenn garanti yo pral fè sa. Mwen panse li enpòtan pou gen plis je sou batey yo nan moman pandemi an paske travayè yo ak fanmi yo vilnerab anpil devan viris lan.” 

Malgre Pandemi an Repiblik Dominikèn kontinye voye Ayisyen retounen Ayiti prèske chak jou, sa ki se yon gwo danje pou toulede peyi sou zile a. Li enpòtan pou toulede gouvènman yo travay ansanm pou kreye yon plan pou kòdone repons kont pandemi an, san sa Covid-19 pral fè gwo dega nan zòn fontalyè toulede peyi yo.

Ayisyen nan Repiblik Dominikèn sibi anpil diskriminasyon ak vyolans, espesyalman travayè ki nan koupe kann e ki viv nan batey yo. Li enpòtan pou nan moman sa a, pou òganizasyon dwa moun, nasyonal tankou entènasyonal pou mete presyon sou gouvènman Dominiken ak konpayi ki ki anplwaye travay yo. Gouvènman Ayisyen an tou gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan mande peyi vwazen pou pwoteje travayè yo e respekte dwa yo.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed