Ti Jak devan imigrasyon ak Joe Biden

This post is also available in: English

Jakson pa gen moun lòtbò, ou pa janm konnen sa k ka rive li di fò l mete tout chans nan kan li.

6zè nan maten, Jakson fin detire, li leve chita epi l souke tèt li. Malgre jan l kouvri rès manje a, sourit yo manje l. Li f on souri, apre tou fòk ti bèt yo manje. Se kreyati Bondje yo ye menm jan avè l. Li sispann konte depi ki lè li wè dlo nan tiyo a. Sa ki nan doum nan tanmen fè bèt. Li pase anba bra l, yon bwòs nan tèt li, chemiz li byen chita anndan pantalon l.

Li  pare pou l pran lari.  Li gen randevou ak Jan Bon-Sèvis devan imigrasyon. Apre plis pase 6 mwa l ap tann, jodi a li deside fò l jwenn paspò li. Jakson pa gen moun lòtbò, ou pa janm konnen sa k ka rive. Li di fò l mete tout chans nan kan li.

5 janvye 2023 a, selon jounal Le Nouvelliste ki t ap site yon atik jounal etazinyen Miami Herald,  nenpòt ayisyen ki swete sa ka mande yon viza pou l al viv Etazini depi l gen yon parenn oswa yon marenn ki dakò  esponnsorize l. Men se pa yon baryè ki louvri san kondisyon. N ap analize dosye yo youn pa youn anvan n aksepte moun k ap mande a vin tabli kò l lakay nou. Se sa Prezidan Joe Biden deklare.

Jackson fèt nan lane 1994 nan komin Twou-Koukou. Li ak manman l rantre Pòtoprens yon mwa Desanm pou yo te vin akeyi Prezidan Jean-Bertrand Aristide merin etazinyen t ap mennen vini apre militè san manman te fin pouse do ti pè a sou pouvwa a pèp la te remèt li demokratikman 16 Desanm 1990. Papa Jakson te yon lavalas wouj, li pèdi lavi l yon dimanch aprèmidi pandan l pral nan gagè ak kòk kalite l anba bra l. Epòk sa a, Cedras te pase tout militè lame d Ayiti lòd pou pa kite okenn kòk chante menm douvanjou paske Aristid te itilize kòk la kòm senbòl li. Papa Jakson te komèt pi gwo krim lavi l : Li lavalas epi l pran lari ak yon kòk anba bra l nan peryòd koudeta.

Manman Jakson pa la ankò men miche pa bliye ti sware lalin plenn lè malerèz la te konn ap chante l istwa lavi yo anba galri lakay yo nan Matisan.

Paspò sa a, fòk li jwenn li.

Se tankou s on devwa pou l onore memwa manman l ak papa l ki pèdi lavi yo nan chèche lavi pou li. Dayè, manman l te fè tantativ ale Etazini nan bato nan lane 2000, se gad kot yo ki pat kite l rive.  Li pa bezwen konnen, fò l rive Etazini, fò l al wè ki sa k fè moun sa yo toujou pare pou mete bouch yo nan koze Ayiti. Lè se pa prezidan yo mennen vini, se baryè lakay yo yo louvri ba nou. Ala de moun gen bon kè sa! 

Ayisyen pa moun ki vle wè byen pou kretyen vivan parèy li. Jakson twouve se derespektan sa. Moun nan pa konn ki sen ki mete l deyò granm maten sa a,  li tonbe rakonte l koze l pa mande. Li tande radòtè a ap di pwogram Biden nan sispèk kou chen k pete legliz. Ki byen Frize te fè pou koukou pou koukou t a fè pitit li pou l rele l Frizelya!!!  Premye kesyon l poze : Pou ki sa, menm gouvènman ki te imilye plis pase 10 mil ayisyen anba pon nan vil Del Rio eta Texas se li menm ankò ki vin ouvri baryè l bay moun yo ? Li kontinye pou l di : “menm majistra vil la, mouche Bruno Lozano, lonje dwèt sou konpòtman penyen lage gouvènman federal la alòske kriz imanitè a ap anvlimen.”

“Se pa renmen granmoun dètè a renmen nou, se manda l l ap pwoteje, eleksyon pral rive”

Se moun ki gen koze wi, li pouse pi lwen pou l di menm moun ki nan kan Biden te fè konsta a. Yon manm kongrè a  ki sòti drèt nan pati demokrat la e ki pa janm mete dlo nan bouch li lè pou l defann dwa moun ki pote non Ilham Omar deklare sou kont Twitter li : “migran ayisyen sa yo soufri twòp pandan vwayaj danje sa pou rive sou fwontyè nou an. […] Konpòtman penyen lage ki genyen nan aksyon yo bay gwo kè kase”.

Jakson pa kontan jan l ap chèche dekouraje l la men li pwoche pi pre pou l tande. Sa fè prèske inèdtan karannsenk minit  Bon-Sèvis di l pòs machan li poko janm rive. Enben Ti Jak ap pwofite pase tan an nan tande aryennafè a. Li menm, sanble se sa l fè pou vi l.

Li rale souf li epi l lage yon bonm : “Se pa renmen granmoun dètè a renmen nou, se manda l l ap pwoteje, eleksyon pral rive.”

Pawòl la fann devan imigrasyon an an de bout. Yon bò pare pou lapide l, yon lòt bò ap bat bravo lakontantman pou li. Si yo tout dakò yo pa ka rete nan sitiyasyon malouk sa a ki gen nan peyi a depi lè pwoblèm gang ajoute sou move lavi ap kokobe yo a, genyen ki aksepte poze pwogram nan kèk kesyon. Dayè, yo p ap peye pou sa.

“ Daprè eli repibliken Ted Cruz, se yon kriz iminitè Biden pwovoke alòske Donald Trump li menm te fè batay kont imigrasyon ilegal la tounen chwal batay li.” Li di li  li sa ak de nawè l nan yon jounal etranje ki pote non Radio Canada, li pa ka pa fè koze a konfyans.

Depi non advèsè Biden site plim pa ka pa leve sou do l, fòk li leve pye l; radyodjòl la k ap pale toujou. Alèkile, se kon sa devan imigrasyon rele l. Kou k pral touye koukou a nèt  la se lè l di nan lane 1994, Joe Biden deklare devan tout moun si Ayiti ta koule nan loseyan an sa p ap deranje pèsòn, ki sa k fè jodi a la li kanpe an papa bon kè k ap simaye bonbon pou ti moun? G on bagay yo pa di n mezanmi!  

Ti Jak pa gwo gason, li pa ka pran pouse. Telefòn Bon-Sèvis pa sonnen menm kounya; chak lè li rele l se vouzave aksede y ap plede di l. Li deside mete fòs li pou l rantre nan imigrasyon. Lè l wose, li wè 2 moun pa ka pase nan ti baryè a an menm tan. Ajan sekirite a gentan pran yon bon pati nan wout la. Nan lespri l l ap mande si gwo zannimo sa l ap gade a  ka bese lase lasèt li. Men la a se li ki Sen Pyè a, se li k ap bay viza ak refi pou paradi fò w pase devan l kanmèm.

Ti Jak santi pye l ap pèdi tè, li pa moun k ap priye, li konnen trè byen se pa anlèvman ki kòmanse. Dayè, la a pa legliz, se chak koukouy klere pou je w. Li poko menm fin konprann, li santi yon koko makak tonbe ant zepòl li ak bò zòrèy li, moup. Epi l wè manman l k ap souri ba li nan yon wòb tou nwa ak yon gode blan nan men l epi yon fènwa anvayi l. 

Metye Ti Jak se plante ak pran swen  flè. Chak maten se yon plezi pou li pou l kite lakay li Bèlè, desann Chanmas epi kannale monte Bwavèna kote kliyan l toujou ap tann li. Se pat yon metye ki rapòte l gwo lajan men ti sa l ranmase yo te penmèt li peye sòl epi pran swen tèt li piti kou l ye. Sa fè, li te toujou fè l ak souri sou vizaj li. Lè l ap manje, li di se fòs kouray li, li fè sa ak fyète.  Ti Jak pa gen ni madanm ni pitit; anvi kite peyi a kenbe l nan gòj depi lè li te wè yon machin ofisyèl ki gen ladann yon politisyen ak yon fanm blan debake nan zòn nan epi lonje yon sak lajan ak gwo zam bay yon ansyen polisye ki konvèti tèt li an chèf brigad pou pwoteksyon katye. Se te yon sware nan mwa Fevriye 2020.   

Ti Jak pa mande anyen sinon viv nan peyi l san kè sote epi kontinye pran swen ti pye flè kliyan l yo. Sitiyasyon sa ki gen la a pa bon pou li. Li pa konn ki jou y ap vin mande l rantre nan lame a, li temwen sa k rive tout moun ki pa dakò.

Kèk jou apre, li wè fanm blan sa k ap di nan tele ki jan ansyen polisye sa a s on ajan lapè. Se devan de grenn je l li wè ki jan miche ak sòlda li ap fè move trezaksyon nan katye a. Yo touye, vyole lè lide yo di yo. Sa k pi di a, katye a vin tounen baz pou sere moun yo kidnape. Pi rèd toujou, yo pa janm p ap ekspoze pouvwa ak lajan yo genyen. Sa lakòz anpil ti jèn fanm kou gason k ap chèche alemye pote tèt yo ba yo.

Chak jou lame a ap ogmante. Ansyen polisye a rele tèt li dezòmè revolisyonè. Li deklare se sou fyèl li pou yo ta pase pou yo jete prezidan l la. Ti Jak pa mande anyen sinon viv nan peyi l san kè sote epi kontinye pran swen ti pye flè kliyan l yo. Sitiyasyon sa ki gen la a pa bon pou li. Li pa konn ki jou y ap vin mande l rantre nan lame a, li temwen sa k rive tout moun ki pa dakò. 

Dezè nan maten, yon rafal katouch reveye miche, li santi bò kou a rèd. Vwazin nan te mare fèy bouldimas pou fonn boul la, lè l jou fòk li degaje l jwenn kòb pou l achte fèy pou l pran yon beny. Li pa ka retire nan lajan pou l peye Bon-Sèvis la. Pawòl radyodjòl yo pa sispann fè mikalaw nan lespri  l. Apre tou li panse radyodjòl la gen rezon wi men li menm li konnen l pa gen tò nonplis. Si lakay pa bon fò l al gade kote solèy leve. Yo di l nan peyi Etazini pa manke flè ak bèl solèy. Petèt l a jwenn ti degaje pou l pran swen tèt li. Li di ak tout kè l, kou l sou de pye l, l ap reprann wout la. L ap monte lali jouk li rive devan imigrasyon. Fwa sa a, l ap rantre kanmèm. 

Imaj: AFP

Mawon Ann Di Èzli

No Comments Yet

Comments are closed