Fè konesans ak de sè ayisyen ki ap chanje jan nou konprann lamòd

This post is also available in: English

“Nou kwè anpil nan lamòd tankou yon ekspresyon moun ou ye a ak sa ou kwè ladann”

Ayisyen renmen lamòd. Kit se maryaj, batèm, yon resepsyon kominyon oubyen yon dimanch apre midi- nou renmen jwenn yon eskiz pou nou ka mete pi bèl teni nou pou nou ka chèlbè. Se sa ki fè jounen jodi a, kote nou gen plis aksè ak liks epi enfliyansè, jèn ayisyen ap mete sou pye mak ak platfòm ki enpresyonan. 

Sa pa gen lontan, Woy Magazine te gen opòtinite pou li pale ak Shelcy ak Christy Joseph, 2 sè ki kreye NYCxClothes, yon platfòm ki rasanble moun ki ap kreye a travè lanmou yo pou istwa ak lamòd. Nou pale ak medam yo pou nou te ka konnen ki jan idantite ayisyen yo ede nan pwosesis kokennchenn travay yo ap fè a. 

Pou moun ki pa konnen yo, tanpri esplike ki moun nou ye ak kijan NYCxClothes kòmanse?

Nou fèt epi elve ann Ayiti, aprè sa nou vin al viv New York an 2010 apre tranbleman tè a. Lè nou t ap grandi, Shelcy te konn kreye katalòg pou rad li te konn desinen a pati sa li wè nan lari Pòtoprens. Li te konn anime defile mòd lakay la epi fè Chris anime ak li. Se te yon premye egzèsis sou estil ak lamòd, epi se konsa li vin pi enterese nan bagay sa yo depi lè a. Men malerezman Ayiti pa vrèman ofri opòtinite sila yo, kidonk li te pran yon lòt direksyon, men vin viv New York la chanje tout bagay.   

Enterè Chris te genyen nan lamòd vin tounen pita lè li kòmanse ap debat pou li te jwenn tèt li nan gwo vil New York. Nou tèlman te abitye gen yon kominote ki soude ann Ayiti, sa fè nou te yon jan timid nan kalite vil ki toujou ap bouyi sa a. Aprè yon tan, nou vin kòmanse rejwenn kè kontan nou, epi leve abiye vin ba nou menm plezi anvan an. Nou te ap chache kisa ki te alamòd, epi amize nou, yon jan pou nou te jwenn estil pa nou. Epi se konsa Chris vin obsede ak videyo youtube kote moun ap pale de rad yo achte ak videyo ki montre jan pou w makiye. Gade videyo sa yo ansanm vin kreye yon nouvo aktivite pou nou, epi se konsa nou kòmanse yon chèn sou youtube. E se la NYCxClothes derape. Epi rakonte istwa vin mennen nou yon seri kote nou pa t ap menm imajine. 

nycxclothes_67590791_656914454796661_2875928865940498574_n

Nan moman kote moun ap kreye pwòp kontni pa yo, nou remake plis fanm Ayisyen ki ap parèt nan domèn enfliyansè medya. Kijan nou panse idantite kiltirèl nou bay yon lide sou mak nou an ak travay nou?

Se eleman santral sou moun nou ye a, e li parèt nan tout sa n ap fè. Nou toujou di avan tout bagay nou se Ayisyen, apre sa nou moun New York. Jan nou konekte ak moun yo ak imou nou, fè nou pote idantite nou sou do nou. 

Nou toujou di avan tout bagay nou se Ayisyen, apre sa nou moun New York.

Ki wòl ou panse lamòd jwe nan montre eksperyans dyaspora a pou fanm tankou nou ki fè tan ap viv ni Etazini ni Ayiti?

Li reflete mantalite ak pèsonalite nou pandan nou ap viv chanjman sa yo. Nou kwè anpil nan lamòd tankou yon ekspresyon moun ou ye a ak sa ou kwè ladann (pa egzanp mayo ki gen enpresyon sou yo. elt), kidonk rad ou se yon ekstansyon eta despri w (se la a eksperyans yo pran fòm). 

nycxclothes_73004007_680287302460646_1939779617095821430_n

Rakonte istwa se yon gwo pati nan NYCxClothes. Ki istwa ou swete ki sòti nan travay nou ?

Franchman se menm istwa nou toujou rakonte yo. Sa ki varye ant ti detay ak lide filozofik. Nou vle kontinye pataje kèk pati nan nou – sou kote nou sòti ak jan edikasyon nou fòje moun nou ye jodi a, sou jan nou rive nan viv NYC, avèk kisa ki enfliyanse reyalite nou ap viv kounye a. Nou swete kontre ak plis moun ki gen menm lide sa yo konsa na va ede kominote nou an grandi. 

Nou ap viv nan yon tan kote nesesite pou wè fanm nwa yo reprezante nan diferan domèn rete enpòtan e li pa chanje. Kijan ou panse mak ou ede nan sa?

Nou santi, nan rakonte istwa nou yo, travay nou an ede koze reprezante fanm nwa a tounen yon reyalite. Nou ap kontinye goumen pou plis mak mete nou nan kanpay yo, men an menm tan, nou ap fè yon jan pou nou reprezante tèt nou sou pwòp platfòm nou.

An nou fè yon ti jwèt kestyon repons rapid  sou bagay Ayisyen nou pi renmen: 

  • Mizik ayisyen ou pi renmen ?  M gen twòp m te ka chwazi, men nan moman an se: malad – Kai (Shelcy)
  • Manje ayisyen ou pi renmen ? San reflechi: pwason gwo sèl ak bannann peze, diri djondjon (Shelcy) Diri, sòs pwa  ak legim militon (Chris)
  • Kote nou renmen ye ann Ayiti ? sa nou pral di a pral sonnen kliche men se lakay nou pòtoprens ak paran nou. 
  • Pwovèb nou pi renmen ? Twò prese pa fè jou louvri (Shelcy), Chita pa bay (Chris)

Kisa moun ki ap swiv nou ak moun ki ap sipòte nou dwe espere wè pou ane 2020 an nan NYCxClothes?

Nou ap travay sou yon ekip pwojè ki enteresan men nou paka pale de yo, men pou kounye a, nou ka pataje ak moun yo nou gen pou nou anime plis evènman toujou, tankou ti chita pale entim ak gwo panèl ak atelye. Nou konsatre tou sou kreye kontni videyo, sou TikTok (kote nou gen yon nouvo chèn), IGTV, ak youtube (nou ap tounen ak chèn nou an).

 

Valerie Jean Charles

Valerie Jean-Charles is a Communications Strategist living in Washington, D.C. She is also an editor at Woy Magazine.

1 Comment
  1. Woh!
    Medam sa yo anfòm.Yo ka sèvi ekzanp pou anpil nan jèn ki soti Ayiti ki tonbe nan gwo depresyon, ki pa rive jwenn chimen yo nan peyi lòt bò dlo.
    Kenbe la medam. Nou gen avni. Epi, wi, sipòte lòt pou yo ka jwenn chimen yo nan gwo vil kote moun yo pèdi sa yo ye epi ki mennen nan gwo depresyon sikolojik.