Ki leson ki ka tire nan dram 14 desanm Okap la?

This post is also available in: English

Leta toujou ap pran nan sipriz lanati

Aprè tout evènman malere pèp ayisyen ap sibi chak jou, yon lòt fwa ankò, dlo pa sispann koule nan zye nou, menm pandan peryòd fèt fendane. Pandan lemonn ap prepare pou rantre nan yon  nouvo lane, 2021 kenbe pye omwen 75 pitit peyi a nan lannuit pou soti 13 rive 14 desanm ki sot  pase yo.  

Dife pran nan vil Okap aprè aksidan yon kamyon sitèn ki t ap pote gaz nan dezyèm vil peyi a. Pami  sila ki chape yo, plis pase 60 blese kouche ap pran swen lopital. Nan fason yo kapab, ak fèb mwayen, doktè ki nan Lopital Jistinyen Okap la eseye sove lavi moun ki grav anpil yo. Dr. Calhil Turenne fè konnen gen plizyè moun ki brile sou plis pase 60% nan kò yo.  

Dram sa pase nan lannuit a minwi pandan pifò moun kouche lakay yo ap dòmi. Daprè sa yonn nan majistra vil la, Patrick Almonor, fè konnen, gen plis pase 40 kay ki boule nan zòn Nan Bannann  ki twouve l nan pòtay vil Okap. Sa gen plis ke 80 lane depi vil la pa t janm konnen yon trajedi nan  nivo sa.  

Pou yon lòt fwa ankò, Ayiti jwenn pwojektè entènasyonal la sou li nan yon move kondisyon aprè zak asasinay ansyen prezidan peyi a, tranblemandetè nan zòn sid la, depòtasyon ayisyen ki ap kite  peyi a ak ensekirite ki blayi toutpatou. Malè pèp ayisyen kontinye sèvi l kat idantite nan zye peyi  letranje. Devan tout fenomèn sila yo, pèsonn paka anpeche tèt li remake lanmò leta ki te sipoze  pi gwo fòs pou pwoteje popilasyon an.  

Apre anons ki te fèt pou fineray nasyonal viktim yo 19 desanm 2021, otorite lokal yo ak  gouvènman an te oblije repouse seremoni sa akoz te manke mwayen lojistik ak lajan pou li te fèt. Men 7 jou aprè trajedi a, 21 desanm 2021, seremoni sa te fèt nan Katedral Okap la ak prezans  majistra yo, komisè gouvènman an ak minis enteryè a pou yon bidjè 10 milyon goud ki te dekese.  Byenke otorite yo te anonse ap gen plis pase 25 sèkèy nan seremoni an, se sèlman 4 ki te nan espas  la. Apre seremoni an, anpil sitwayen fache paske leta antere viktim yo ak yon ti kras diyite. Sa te  menm okazyone yon mouvman pwotestasyon popilasyon an devan delegasyon Nò a. Yon lòt fwa  ankò, popilasyon an desi de dirijan li yo ki pa gen konpetans pou jere ni avan, ni pandan, ni aprè  kriz. 

Reyèlman vre, leta ayisyen ki mouri a se premye responsab trajedi sila ki voye anpil Ayisyen nan  peyi san chapo. Sa ki pase a se rezilta adisyon move gouvènans nou ap viv depi plizyè lane ki pase  yo.  

Chofè ki t ap kondi kamyon sitèn lan rapòte anpil moun te kouri vin pran gaz nan kamyon an aprè aksidan sa. Malerezman, malgre li t ap di yo deplase nan zòn lan pou si machin lan eksploze, moun yo pa t rive suiv konsèy la. Mank ledikasyon ak fòmasyon ki chita kòl nan kat kwen peyi a te  anpeche mesaj sa rive nan zòrèy yo. Ledikasyon ak fòmasyon pa janm yon priyorite pou Leta  Ayisyen, sa ki rann popilasyon an pi vilnerab toujou. Se pa san rezon filozòf Gaston Bachelard te  di : “Yo p ap ba w anyen. Tout bagay dwe konstwi” 

Yon lòt kote, rezon ki pouse moun yo al pran gaz, aprè aksidan sa, se paske depi 3 dènye lane sa  yo, aprè 6 ak 7 jiyè 2018, gaz tounen yon bagay ki ra nan tout peyi a. Pri gaz la pa sispann monte  disèt wotè jouk li afekte lòt sektè yo epi ogmante lavi chè. Pwoblèm gaz sa a vin pran tout nivo sa  nan lane 2021 paske chèf gang yo te deside pran kontwòl wout yo, sa ki anpeche gaz la distribiye  nomalman.  

Jounal Haiti Libre fè konnen chèf gang yo te detounen plis pase 10 kamyon gaz epi mande gwo  lajan pou libere chofè yo pandan lane 2021 an. Devan tout deriv sa yo, leta ayisyen pa janm rive  bay yon repons pou pini moun sa yo ni rezoud pwoblèm ensekirite sa n ap viv la.  

Pi plis ankò, desantralizasyon pa janm nan pwogram politik yo pou ede vil pwovens yo  endepandan. Apre gwo dega sa ki rive nan vil Okap la, anpil nan moun ki te blese yo te oblije al  pran swen jouk Pòtoprens paske se sèlman « Medecin sans frontières » ki kapab pran swen moun  ki brile nan gwo nivo yo. Tout sa yo, pou n di nan ki nivo Leta peyi nou responsab lanmò sitwayen  ak sitwayèn sa yo jou madi ki sot pase la a.  

Kidonk, nou kapab remake Leta se pwodui tout moun ki nan peyi a. Youn pa detache nan lòt  reyèlman. Men yon Leta konsyan, ki kwè nan devlòpman dirab epi ki deside divòse ak ansyen  pratik yo ka fè diferans lan epi aji tout bon pou transfòme lavi pèp la.  

Ayiti se yon peyi ki gen yon Leta ki pa janm fè okenn previzyon ni prevansyon kont danje ki ka  pran lavi moun. Vire tounen, Ayiti ap sibi anba katastwòf natirèl : inondasyon, tranblemandetè,  glisman teren. Leta toujou ap pran nan sipriz lanati pandan danje sila yo toujou la san pa janm gen  okenn koreksyon pou anpeche yon dram tounen ankò.

Boutofen, dife sa ki touye anpil ayisyen Okap la dwe sèvi nou leson epi sonnen yon klòch ijans  nan zòrèy nou pou n fè pi bon chwa pou avni nou ak pitit nou. Nou bezwen yon lòt lidèchip ki ka  pote bon rezilta epi aji alavans pou anpeche malè pandye yo fè san pèp la koule. Nou bezwen  rakonte yon lòt istwa devan zye limanite epi reprann flanbo lespwa ke nou t ap pote pou tout pèp  nwa nan monn lan aprè 1804.  

Katie-Flore Fils-Aimé

Katie-Flore Fils-Aimé

Haitian, Mom, Project management specialist, Procedure development specialist, Former President @ Groupe ECHO Haiti

No Comments Yet

Comments are closed