Alcibiade, eritaj imouris ayisyen an

This post is also available in: English

Se tankou nou ta di, pou Biade, jou dimanch se jou sakre. Jou pou w fè denye priyè w. Jou pou chante libera w. Jou ou viv lavi ou an gran jan.

Komedyen ak imoris Alcibiade ki gen pou vrè non Nicolas Pierre Rolin, se yon ansyen komedyen Teyat Nasyonal (Nan peryòd sa Teyat Nasyonal te pote non Théâtre de Verdure). Li pase plis pase 25 lane ap pwodui sou Radyo Televizyon Karayib feyton radyofonik Détente Théâtrale la. Se nan jou dimanch 23 Janvye 2022 nouvèl lanmò Alcibiade tonbe sou entènèt la. Poutan, komedyen an te rann dènyè souf li depi nan vandredi 21. Se tankou nou ta di, pou Biade, jou dimanch se jou sakre. Jou pou w fè denye priyè w. Jou pou chante libera w. Jou ou viv lavi ou an gran jan.

Se nan lane 1994 Alcibiade kòmanse pwodui feyton Détente Théâtrale sou Radyo Karayib. Dapre René Antoine Lerebours, ki se te pwodiktè diferan epizòd feyton Biade yo, ekip la pral sipann pwodui nouvo epizòd apati lane 2016 lakòz pwoblèm sante Nicolas Pierre Rolin. Depi dat sa, se redifizyon feyton an ki fèt sou 94.5 F.M nan senpman.

Anpil jèn leve jwenn paran yo ap koute Alcibiade chak dimanch lakay yo. Papa m pa egzanp, chak dimanch li te konn chita devan radyo li pou li koute yon nouvo epizòd Détente Théâtrale osnon yon epizòd y ap redifize sou 94.5 FM nan. Ansanm ak anpil moun nan  katye mwen te leve, Fòmèkredi, Détente Théâtrale te yon vrè randevou aprè legliz. Papa m te toujou prese rantre lakay li pou li pa rate feyton Alcibiade la.

Sou paj Facebook plizyè moun, nou ka li anpil temwanyaj byen emouvan pou Alcibiade. Nan diferan temwanyaj sa yo nou ka site yon jounalis nan Loop Haiti, Eberline Nicolas fè, kote li di : « Lè m te timoun mesye sa se li ki te konn fè m konnen manje an kwit chak dimanch. M te renmen tande l paske m te toujou renmen manje dimanch yo. Bon vwayaj Biade. »  Sa fè m sonje mwen menm tou jan feyton Alcibiade yo te toujou ede m pase tan pou m rete tann manje jou dimanch yo pare. Kòmkwa lwazi kapab ede nou bliye bezwen ki pi ijan ak pi imedya nou genyen, tankou vant nou k ap tann yon bon manje. Feyton Alcibiade yo te nonsèlman ka fè nou distrè nou, fè nou ri men ede nou bliye pwoblèm ki ka pi ijan nou genyen nan lavi nou.

Anplis kapasite pou fè nou ri ak distrè nou, feyton Détente Théâtrale la ede nou aprann e reflechi sou reyalite sosyal yo. Pèsonaj Alcibiade la se yon pèsonaj ki toujou jwenn yon mwayen pou fè yon move kou. Alcibiade la se yon dènye grennsenk. Yon aslè. Yon entèlijan. Yon pèsonaj ki dispoze nan djakout li yon dènye kout kat. Se te yon Malis.

Ann Ayiti, jodi a medya tradisyonèl yo (televizyon ak radyo) prèske pa pwodui pwogram atistik ak pwogram ki fèt pou divètisman tankou feyton, kwonik ak emisyon kiltirèl. Se yon obsèvasyon nenpòt moun ka rive fè pandan li ap vire pòs radyo osnon chèn televizyon li. Absans pwogram sila yo di anpil sou chwa medya yo ak sou priyorite yo akòde ak lakilti epi lwazi. Vid sila ki egziste nan medya tradisyonèl yo pa valab twòp pou nouvo medya yo. Atravè Facebook, Youtube ak TikTok gen anpil jenn, fi kou gason, ki kreye yon pil pwogram tout kalite. E gen yon fòm regilarite ak konstans nan diferan pwodiksyon sila yo. Nou ka site pwodiksyon imoris tankou : Jeff Oka, Aurelie, Cantave-K, Gaelle Bien-Aime elatriye. Atis sila yo rive trennen dèyè yo yon piblik ki ase laj e divèsifye.

Pakont, nan yon peryòd ki pa si lwen nou pase sa, nan divès radyo ak televizyon piblik kou prive, te gen anpil feyton ak lòt kalte emisyon pou divètisman ki te egziste. Nou kapab site pa egzanp Lavi nan bouk  ak Twoup Teyat Papa Pyè, « Languichatte au 20e siecle » ki  se zèv Théodore Beaubrun  ki te kòmanse pase nan televizyon piblik la (TNH) nan lane 1982, Woy Les voilàki se yon feyton Mona Guérin te kreye ki te konn pase sou Radio Métropole, Meli Melo ak pèsonaj prensipal li Dubréus (Nou ka sonje bèl espòt chante feyton sila ki te make anpil moun), Pè Toma ki se kreyasyon otè ak metè an sèn Sidney Louis ki te konn difize sou Televizyon Nasyonal tou, VIP (Vanités, Intrigues, Passions) yon feyton ki te konn pase sou menm radyo Métropole la, Zoukoutap yon feyton edikatif ki kreye pa ekip Bloom kominikasyon an. Pou m fini m ap site feyton Détente Théâtrale ki te kreye pa twoup Teyat Alcibiade. Détente Théâtrale jiska jodi a se sèl  feyton  pami tout sa nou site la yo ki rive kontinye difize sou bann FM nan.

Ki lyen ki egziste ant lavi ak griyen dan ? Ki nesesite nou genyen pou nou ri ? Ri gen yon fonksyon terapetik, men tou li gen yon fonksyon sosyal. Kilè nou ka ri? Lanmò yon komedyen-imoris tankou Biade ka yon bèl okazyon pou nou reflechi sou relasyon ki egziste ant lavi, griyen dan ak lanmò. Alcibiade, yon pèsonaj ki komik anpil, ki pase plis pase 40 lane ap fè moun ri atravè esketch li epi feyton nan radyo, pensonn p ap ka oze pete yon kout griyen dan nan lanmò li. Poutan sa ki paradoksal, Alcibiade san dout te kreye eskètch li yo pou li ka ede nou ri epi ede nou bliye moman ki pi difisil nan lavi nou. Li te la nan moman sa yo ki te fè nou tris.

San dout, sa Biade ta swete nou fè jou antèman li nou pa konnen. Men nou ka pwofite moman dèy sa pou n reflechi sou eritaj Nicolas Pierre Rolin kite. Nou ka chèche konprann  absans feyton komik nan radyo ak nan televizyon, epi gade dinamik atis k ap divèti moun  jodi a nan nouvo medya yo kreye. Pandan n ap swete yon lòt bò ak lanmò Biade bèl pratik atistik sa yo pa antere nan medya tradisyonèl yo ann Ayiti.

Eliezer Guerisme

Eliezer Guerisme

Eliezer Guérismé is an actor, author, and theater director. He has directed more than a dozen productions by Haitian and foreign playwrights. Guérismé is the Artistic Director of the En Lisant theater festival since its creation in 2016. He is also the Programming Director of the National Theater of Haiti. In collaboration with Haitian director Samuel Suffren, he created the web series “Lòk Mondyal” presented by the Ti Seri Ayiti Film Production. He was previously the host for the radio programs, Espace Jeunes and Bonjour Espace on Radio Espace FM.

No Comments Yet

Comments are closed