Èske w konnen 12 prensip Bwa Kayiman yo?

This post is also available in: English

“12 prensip Bwa Kayiman se yon repons ki vin jwenn mwen…”

Pwofesè Pierre Michel Chery

Seremoni Bwa Kayiman ki te fèt nan Nò sa ki kounye a Ayiti nan dat 14 Dawout 1791, te yon evènman kritik nan listwa dAyiti. Ayisyen ki te nan chèn lesklavaj te òganize rankont sa pou lanse yon revolisyon kont esklavaj ak kolonyalis Franse a, e li te fèt sou fòm yon seremoni Vodou ak yon reyinyon politik. Nou konnen ke rezistans kont esklavaj te fèt chak jou nan lavi zansèt nou yo e plizyè rebelyon te fèt lontan anvan 1791. Sa ki fè Bwa Kayiman diferan parapò ak lòt zak rezistans kolektif nan Sendomenik se ke se te yon reyinyon planifikasyon ak seremoni relijye kote moun ki te patisipe ladann yo te sèmante yo dwe lib oswa mouri pandan y ap batay pou li. Plis pase enpòtans li sou kesyon estrateji, se yon moman nan listwa Ayiti kote imajinasyon kolektif Ayisyen pou l vin yon nasyon soti, epi moun fè referans a li regilyèman nan moman lit politik an Ayiti jodi a.

Malgre enpòtans Bwa Kayiman nan kreyasyon nasyon Ayisyen an, leta pa mete dat la apa kòm yon jou fèt ofisyèl. Nan yon konferans Pwofesè Carlo Celius te bay sou fason leta Ayisyen ak sosyete sivil la te itilize sit istorik ak listwa pou kreye yon memwa kolektif, li eksplike kijan sa ajoute nan kreye yon idantite Ayisyen. Celius eksplike, leta fè pwomosyon fò e komemore dat diferan batay enpòtan pou lendepandans nou yo kòm jou ferye nasyonal. Bwa Kayiman tou senpleman pa valorize nan menm nivo lòt senbòl istorik endepandans nou an. 14 Dawout se pa yon fèt nasyonal e kote seremoni a te fèt la rete yon sit konteste akoz asosyasyon li ak Vodou.

Pwofesè Pierre Michel Chery te pwopoze 12 Prensip Bwa Kayiman nan menm dinamik tansyon sa sou sit sakre Bwa Kayiman an ak wòl li nan fòmilasyon idantite Ayisyen an. 12 prensip Bwa Kayiman se yon seri valè ki asosye ak Bwa Kayiman. Moun ki etidye Ayiti souvan fè referans a yo, patikilyèman premye a – Tout Moun Se Moun: Pa gen Moun pase Moun. Nou te gen chans pale ak Pwofesè Chery pou nou konprann kote prensip yo soti. Anba a se yon transkripsyon konvèsasyon nou an avèk li ak kèk chanjman pou rann li pi klè.

Poukisa ou te pwopoze 12 prensip Bwa Kayiman yo?

12 prensip Bwa Kayiman se yon repons ki vin jwenn mwen nan yon sans. Li te vin jwenn mwen nan yon kontèks byen patikilye nan peyi a an 2009. An 2009 te gen yon pastè pwotestan ki t ap fè yon kwazad ki te santre sou Bwa Kayiman ak Cecil Fatima kòm Jezabel. Pastè pwotestan sa te jwenn tout radyo nan peyi a, tout televizyon nan peyi a, gwo espas tankou Henfrasa. Yo te mete gwo ekran deyò a pou ke menm pasan yo te kapab tande sa y ap di. 

Sa k te choke m nan kwazad sa a ki dire yon semèn se jan pastè a te trete yon moun tankou Cecil Fatima ak Bwa Kayiman. Bwa Kayiman se fondman nasyon Ayisyen an. E m te twouve apre yon semèn pat gen yon entelektyèl, pa on etnològ, pa gen yon sosyològ, pa gen yon antwopològ ki reaji kont yon diskou negatif ki atake sa m ta rele fondman sosyete Ayisyen an.

Endiferans  entelektyèl yo te inakseptab. M te santi genyen yon entèpelasyon ki vin jwenn mwen. Gen yon pwovèb ki di, si gen yon travay ki pou fèt ou wè pa gen moun ki pou fè l, se ou ki pou fè l.  

Mwen te deja ap travay sou sa ki fè fòs peyizanri Ayisyen an. Nan menm aswè a, mwen rale travay sa a epi mwen assosye filozofi lavi peyizanri Ayisyen an ak 12 prensip Bwa Kayiman yo.

Painting of Bwa Kayiman Ceremony by Nicole Jean-Louis

Ki metodoloji ou te itilize pou chwazi 12 prensip ou te chwazi yo?

Metodoloji a te lajman obsèvasyon. Mwen pa t plonje tèt mwen men mwen te obsève, kolekte done epi mwen te ale nan entèprete obsèvasyon sa yo. Epi tou, mwen fè pati peyizanri a donk mwen konnen abitid yo. Lè ou poze yo kesyon, yo evalye ou epi yo pral ba ou yon repons ki baze sou evalyasyon yo sou ou – sa ou sanble pou yo.

S ak te pouse m ale gade filozofi lavi peyizan an se lè m tande yon peyizan di, “Depi m gen manje pou m manje” – li vin redui lavi a a nesesite yo. Sa vle di, yon peyizan Ayisyen se yon moun ki pare pou viv ak minimòm vital absoli sa ki enpòtan pou siviv. Nou dwe ajoute sou minimòm sa a, paske li pa ka rete nan nivo manje. Fòk li rive nan nivo sa yon Ayisyen bezwen pou l viv tankou moun. 

Distenksyon sa a mete aksan sou yon gwo diferans ant yon sosyete kapitalis kote moun ap goumen pou yo fè lajan, ak yon sosyete kote moun jis bezwen viv lavi a ak minimòm sa lavi ka ofri yo, san yo pa bezwen akimilasyon. Sa a te premye aspè nan travay mwen an.

Apati de la nou esansyèlman dekouvri ke filozofi peyizan an ta dwe asosye ak Bwa Kayiman paske se li menm ki fè diferans la pou nou menm kòm sosyete, pou nou menm kòm yon pwojè lavi.

Ki prensip ou panse ta itil pou fè peyi a soti nan kriz sa a?

Prensip 10: “Pa lage chay nan men manfouben”

12 Prensip Bwa Kayiman

Dapre eksperyans mwen, chak moun ki li prensip yo, ki renmen yo e ki adopte yo, jwenn yon prensip ki vin fondamantal pou yo. Gen moun ki renmen prensip ki di “Pa Lage Chay A Nan Men Manfouben” epi ki viv dapre li. Yon zanmi antropològ mwen te di m li pa pran okenn desizyon enpòtan san li pa konsilte prensip sa a. Yon lòt di “Chak Moun Gen Fason Pa Li Pou Li Lapriyè” te ede li aksepte lwa yo chwazi li pou li vin yon manbo e jodia a li se youn nan pi gwo manbo nan peyi a.  

Koulye a, si mwen ta chwazi ki prensip ki ta ede nou soti nan kriz sa a, yo ta dwe premye prensip la, “Pa Gen Moun Pase Moun” ak prensip ki mache ak li “Si Gen Pou Youn Gen Pou De”. Yo se fondamantal nan lavi Ayisyen. Epi, tout difikilte n ap viv yo soti nan kontradiksyon ki genyen ak prensip “Pa Gen Moun Pase Moun” ak sosyete apated ki soti nan kolonizasyon.

Pou nou konprann sosyete apated sa a, fòk nou kare prensip Bwa Kayiman ak Atik 59 Kòd nwa 1685 la. Afranchi yo ki te kòmanse goumen pou chanje sistèm nan anvan revòlt eslav la. Yo t ap goumen pou enterè pa yo, pou yo te ka gen menm dwa ak blan yo sou baz ak Atik 59.

Se sou baz Atik sa a yo t ap goumen e se ak li yo t ap fè revandikasyon yo devan Fransè yo. Nan menm atik sa a, yo pa t wè kesyon libète pou tout moun. E se la Bwa Kayiman antre.

Li te ofri libète pou tout moun, e li te poze prensip “Pa Gen Moun Pase Moun”. Sa vle di yon blan pa ka siperyè pase yon moun nwè. Sa ki fè ou yon moun se sa ou genyen anndan ak sa ou kontribye nan lavi, pa koulè po ou. De prensip sa yo fondamantal e w ap jwenn òganizasyon politik ki te adopte prensip sa yo kòm slogan.  E ak prensip sa yo nou kapab konstwi yon lòt sosyete kote nou gen yon Leta ki konsidere bezwen tout sitwayen nan peyi a, nan respè youn pou lòt e nan konsiderasyon “Chak Moun Sevi Bondye Jan Li Kapab”.

12 Prensip Bwa Kayiman

  1. Tout moun se moun. Pa gen moun pase moun.
  2. Tout moun gen plas yo anba syèl ble a.
  3. Si gen pou youn gen pou de.
  4. Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè. Respekte fason chak moun lapriyè…
  5. Sa nou pa konnen pi gran pase nou.
  6. Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.
  7. Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun, ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.
  8. Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a.
  9. Pa janm manje manje bliye.
  10. Toujou sonje: fè koupe fè; dèyè mòn gen mòn; pa fè san inosan koule; pa lage chay nan men manfouben
  11. Veye! Lènmi Bwa Kayiman ap vin sou tout kalite non, ak tout kalite rechany pou yo tire revany… 
  12. Malè yon eritye ki bliye esklav fè Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.
Imaj: Duke University

Melodie Cerin

Melodie Cerin

Haitian woman. MA in Governance and Public Policy

No Comments Yet

Comments are closed