Legliz ayisyen ak yon pi bon Ayiti

This post is also available in: English

Kominote masimadi ann Ayiti a pa merite yon kominote evanjelik ki bèbè lè moun ap tiye yo, men ki pran lari lè gen mezi ki pran pou pwoteje lavi yo.

Semèn pase, yon santèn Pwotestan pran lari ann Ayiti pou manifeste kont yon nouvo Kòd Penal gouvènman Jovenel Moise la te pibliye mwa pase. Manifestasyon sa yo te vini pa twò lontan aprè Shekinah, yon legliz dyaspora nan Florida ki trè popilè, te pibliye yon petisyon pou denonse plizyè atik nan nouvo Kòd Penal sa.

Gouvènman Jovenel Moise la pa janm rate yon chans pou pwouve ke moun pa dwe fè yo konfyans. Se pou sa gen rezon pou moun kesyone tout zak yo pran. Paske gouvènman an pa te reyisi òganize eleksyon, pa gen palman nan moman an paske manda senatè ak depite yo ekspire anvan pèp la te gen chans vote ranplasman pou yo. Sa vle di, nan moman an, Jovenel gen pouvwa fè sa li vle pa dekrè san vòt yon palman pou bloke li. Se pa premye fwa nou wè sa rive nan peyi a.

Nan vèsyon orijanal li, petisyon an denonse chanjman ki gen pou wè avèk kèk sijè ki tabou tankou : laj konsantman, zafè fè bagay avèk bèt, epi ras kabrit. Men, anpil nan pasaj petisyon an sanble mal konprann kote Kòd Penal la penalize kèk bagay, petisyon an pran sa pou vle di la lwa legalize kèk konpòtman . Yon egzanp se Atik 305  Atik sa a penalize ras kabrit ant granparan ak pitit pitit, paran ak pitit, frè ak sè. Petisyon an mal di ke Kòd Penal la ranfòse bagay sa yo. Kèk jou pita, yo revize petisyon an pou korije kèk nan konfizyon sa yo. Kounya, nan ka Atik 305 lan, petisyon an di Kòd Penal la sipòte rapò seksyèl ant kouzen ak kouzin, tonton/matant ant nyès/neve (paske definisyon an pa te genyen kategori sa yo ladann).

Men se yon lòt sijè nèt ki te lakòz tout move san sa lakay moun legliz yo.

Petisyon Shekinah a denonse ak anpil fòs atik yo ki pwoteje moun kont zak mechanste sou baz oryantasyon seksyèl. Petisyon an, ki gen plis pase 120 mil siyati, di “nou denonse” atik sa yo :

  • Atik 208, ki agrave pinisyon pou yon krim oswa yon enfraksyon ki fèt sou yon moun pou tèt oryantasyon seksyèl li. Si avan, oswa pandan moun lan komèt zak sa, yo te di yon pawòl, oswa pataje yon imaj, oswa yon mesaj ekri, oswa pran aksyon ki sible viktim lan ak gwoup ke moun sa fè pati sou baz oryantasyon seksyèl. 
  • Atik 248, ki ogmante pinisyon pou yon moun ki tiye yon moun pou tèt idantite moun lan, tankou oryantasyon seksyèl, gwoup etnik, ras, relijyon, konviksyon politik, elatriye.
  • Atik 275, ki ogmante pinisyon pou vyolans ki tchake yon moun, oubyen ki lakòz yon andikap pèmanan ki komèt sou baz idantite moun lan, tankou oryantasyon seksyèl, gwoup etnik, ras, relijyon, konviksyon politik, elatriye.
  • Atik 362 defini ki kategori idantite, si yo sible yo ap konstitiye diskriminasyon, kounya enkli oryantasyon seksyèl, orijin moun lan, sèks li, aparans fizik li, laj, relijyon, ras, andikap, elatriye.
  • Atik 363 defini zak ki defini diskriminasyon tankou: refize bay moun sèvis poutèt idantite yo, refize anplwaye moun poutèt idantite yo, refize patisipasyon yo nan kontra piblik, epi monte kanpay medizan sou idantite sa yo.

Yo revize petisyon an sa gen de twa jou. Nan nouvo vèsyon an yo retire tout mansyon atik ki pwoteje kominote Masimadi a kont atak fizik. Mwen gen enpresyon gen yon moun ki konseye moun ki te ekri petisyon an ke li on ti jan lèd pou yo defann dwa yo pou yo atake oswa menm tiye moun sou baz oryantasyon seksyèl. Men moun sa te dwe pale yo tou ke entènèt la pa janm efase anyen. Si yon monte sou sit achiv Google, ou ka wè a klè vèsyon orijinal petisyon an ki di ke legliz la kanpe kont atik 208 lan. Men, petisyon an kontinye di ke Kòd Penal la vle fòse lidè relijye marye moun ki gen menm sèks.

Malgre sa petisyon an, manifestan yo, ak mesaj sou Whatsapp ensiste, pa gen anyen nan dekrè sa ki fòse pè ak pastè marye moun menm sèks. Jan sa sot esplike nan paragraf anlè a, atik 362 ak 363 penalize diskriminasyon sou baz oryantasyon seksyèl, e se pa kategori moun sa yo li pwoteje selman. Ki jan pou sa ta vle di ke yo pral fòse pè ak pastè prezide yon seremoni ki pa menm legal nan peyi a? Fòk nou klè, entèpretasyon sansasyonalis sa ap sèvi sèlman pou ensite plis vyolans. Kisa ki rive lè yon enstitisyon ki gen valè pouvwa ak moun dèyè l tankou legliz Ayisyen, deside sible yon gwoup majinalize ki deja sibi anpil zak vyolans ak diskirminasyon? Eske se pa plis vyolans sou yo sa envite ? 

Gen anpil moun ki kritike ipokrizi legliz nan koze sa. Gen yon lis men longè pwoblèm peyi Dayiti ap sibi nan moman an ke legliz kontinye inyore. Goud Ayisyen an kontinye pèdi valè, sa vle di grangou ak lamizè ap pran pye. Prezidan Donald Trump rele peyi Dayiti yon “twou kaka.” Non Jovenel Moise ak prezidan ki te vini anvan li an site nan yon ankèt sou disparisyon lajan ki te sipoze depanse pou bati lopital, lekòl, ak estad–bagay ki te dwe amelyore lavi moun. Rapò resan pi gwo òganizasyon dwa moun nan peyi a revele gang ki kontinye simen laperèz sou moun nan katye popilè ak masak ak dife pandan dènye ane sa yo, se leta menm ki bay yo zam epi itilize yo pou ajènda politik yo. E nou paka bliye kidnaping ak vyolans ki kontinye pran lavi moun ak enpinite. Vyolans ki tiye moun tout laj, tout relijyon, menm yon ti bebe 8 mwa tonbe viktim sa pa gen lontan. Pouki rezon legliz pa te soti pou denonse sa ?  

Sa pa dwe fè moun sezi ke legliz pa te di way nan ka lanmò yon timoun inosan. Plen timoun ki sibi mal anndan legliz sa yo, pandan lidè kontinye echwe pwoteje yo. Abizè chita alèz nan wòl lidèchip, e pa gen moun ki denonse yo, epi majorite moun kontinye kite yo gide yo ak fanmi yo nan zafè espirityèl. Yo preche bay fanm pou yo rete marye ak nèg ki ap fè yo abi. Yo kondane jèn fanm ki tonbe ansent, pandan ke jèn gason ki ede kreye pitit la, menm kwik yo pa di dèyè do li. Moun rich ak pratik biznis sousèt zo ki manje moun ki vilnerab chita ak tèt yo byenwonan ban legliz sa yo. Epi ofisye leta ki abize pouvwa yo pou vòlè byen sitwayen chita nan mitan kongregasyon yo, e pa gen moun ki kanpe an fas yo. Kesyon an se –pouki rezon bouwo santi yo alèz lakay nou konsa ?

Lidè legliz renmen di yo pa pran pozisyon politik paske se syèl la ki vrè kay nou, men lè yo fè sa, se yon pozisyon yo pran menm. Lè ou pa di anyen anfas grangou pèp la, ki fòme kongregasyon an, se grangou ou nòmalize. Lè ou envite kandida monte sou chè legliz ou pou vin vann manti, epi pa fè anyen pou kenbe yo responsab, nou lejitimize mantò. E lè ou bati yon kominote kote moun ki tiye yon moun ki omoseksyèl poutèt seksyalite li, ou vin andose asasina.

Lè m te timoun, manman m te eksplike m poukisa li Pwotestan. Li te di m ke yon Pwotestan se yon kretyen ki vle grandi e evolye. Ke yon pwotestan vle di konprann ke Bondye pa sispann pale jis jodi a. Li te aprann mwen ke yon Pwotestan vle di ou vle etidye bib la pou tèt ou, e pa sèlman kite yo entèprete l pou ou. Ke legliz Pwotestan se yon legliz ki te fèt pou l konsyan de li menm e de mond lan. Li se yon legliz ki te fonde aprè yon zak rebelyon relijye ak politik paske legliz Katolik a lepòk pa t ap aji an favè tout moun. 

Teyolojyen alman ki rele Martin Luther te kloure95 atik sou miray leglize chato Wittenberg la an Almay, pou li denonse politisyen visye. Aprè Dekrè Speyer a kondane sa Martin Luther akize yo, yon gwoup prens ekri yon lèt pou yo manifeste dekrè a, se la nou jwenn non Pwotestan an. Protest se rasin mo “Pwotestan. Yon moun ki dispoze pou gade reyalite mond lan ak legliz, epi denonse sa ki pa bon. Enben poukisa legliz jounen jodi a oblije reyizen l vini yon legliz ki bliye misyon sa? E pou nou menm ki nan laj mwen, poukisa nou reziyen nou pou fè menm wout ak granmoun yo ak menm vye kwayans ak pratik tèt anba sa yo, men kounya n ap pouse yo ak teknoloji ki pi avanse?

Kominote masimadi a merite plis. Yo pa merite nou trete yo tankou etranje ki soti nan yon lòt mond ki vin anvayi peyi a. “Moun sa yo.” Tankou se moun deyò k ap frape nan baryè kominote a pou mande nou kite yo antre. Kominote masimadi a se kominote nou li ye. Se pa yon lòt kote yo sòti, se pa voye yo voye yo. Fòk nou wè yo. Se moun nou te al legliz avè yo, nou te sou menm ban lekol, ti-sè patnè ex-menaj ou a, kouzen ak kouzin ou, pitit ou. Ki sa ki rive ki fè nou sispann kwè moun sa yo fè pati kominote nou kote yo leve ansanm avèk nou, e se nou ki leve yo. E kisa ki rive w ou menm ki fè w alèz pou w gade yo k ap soufri.

Kominote masimadi ann Ayiti a pa merite yon kominote evanjelik ki bèbè lè moun ap tiye yo, men ki pran lari lè gen mezi ki pran pou pwoteje lavi yo. Tout Ayisien merite yon kominote evanjelik ki leve kanpe pou mande jistis pou tout pitit gran mèt yo sèvi a, men sa yo jwenn pito se yon gwoup moun ki pi konsène ak sa adilt ki konsanti ap fè ak ti pati yo.

Mwen se yon moun ki remen imajine yon pi bon mond, epi goumen ak tout fòs mwen pou m fè rèv sa vin reyalite. M ap goumen pou yon avni kote m pa gen pou m ekri yon atik konsa. Oubyen pou o mwen, m pa oblije pase yon semenn trakase paske m oblije tape mo sa yo. Yon mond kote nou pa femen je nou lè moun ap fè lòt mal. Yon mond kote dirijan yo se vwa laverite ak rezon, kote sa ki pi vilnerab yo pwoteje. M ap envite w vini avè m, poze tèt ou kesyon sa: ki Ayiti ou vle? Nan ki Ayiti ou menm ak moun ou renmen yo ka byen viv? Nan ki Ayiti vwazen w yo ka an sekirite, ka manje? Nan ki Ayiti grangou ak vyolans p ap drive tou patou? Nan ki Ayiti ou ka travay epi bati pou w wè bon rekòt sa w plante. Femen je w, imanjine li, santi tèt ou k ap mache ladan l. Kounyea ouvè je w, èske legliz ou genyen an la jodia, jan l ap aji a, èske se li ki nan Ayiti ou reve a.   

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed