Sezon Kanpay Elektoral Ann Ayiti Se Tèt Chaje

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Pandan dènye semèn sa yo, nou te swiv tout ti pati, tout gwo pati kanpe ap prepare koudjay elektoral demen, jounen 9 Dawout la. Eleksyon sa yo te dwe fèt depi 4 an, tout moun ap prepare yo. Depi 9 Jiyè a kanpay elektoral lanse, timidman kanpay la kòmanse paske lajan kanpay pati politik yo KEP a  (Konsèy Elektoral Pwovizwa) bay li twa semèn an reta. Sa pa chay pou gwou platfòm politik tankou Verite, ak pati tankou Bouclier, PHTK, Lavalas, LAPEH pou’n site sa yo sèlman. Yon mwa kanpay fini ak 5 lanmò ak 27 moun blese. Demen pap yon jou òdinè ditou.

Kanpay Elektoral Ayiti se bagay je chèch ak je chèch, men onètman nou pa ka inyore gen kèk travay tanporè ki kreye pou ti blòdè kole foto kandida epi pwoteje foto ak pankat kandida paske gen zòn estratejik, si’w pa gen moun la pa al pèdi tan’w kole foto paske se pou chire oubyen kraze li deja ye.

                 IMG_0493 IMG_0497

(before and after)

Verite chanpyon nan matyè de kantite postè yo gen nan lari a. Tout kote depi premye jou kanpay tout lari a te deja anvayi ak imaj Plafòm Verite nimewo 69, mwen kwè nan moman sa nimewo sa se nimewo prefere anpil moun.

IMG_0521.JPG

Onètman jan kanpay la fèt la, mwen panse kandida yo bay votè yo plis pa anvi vote yo. Anpil nan metòd kanpay kandida yo itilize bay anpil pwoblèm. Kèk egzanp : kandida yo itilize machin ak mizik, byen fò nenpòt lè pou fè pase mesaj yo. Machin mizik la pase nan tout zòn pafwa twò bonè, oubyen twò ta. Ou mèt plenyen jan’w vle, se sezon eleksyon mizè’w pou kò’w.

Yon lòt pwoblèm kanpay la bay, se kandida ak patizan ki kole foto tout kote e fè plis fatra nan lari a. Mwen ba’w defi al sou yon pil fatra nan moman kanpay la pou ou pa jwenn yon bon kantite ladan se fatra ki konekte ak kanpay elektoral la. Yo kole foto nan tout mi kay moun, ki mete anpil moun nan repentire oubyen tann tout eleksyon fini pou fè bèbèl ak lakay yo, ak biznis yo.

Yon lòt tèt chaje ak kandida yo se apèl telefòn. Tout lajounen w’ap resevwa apèl kandida k’ap di’w vote pou li, jan li bon moun ak kijan li pral yon bon palmantè. Pèsonèlman, kandida pou depite Delma Gary Bordeau rele’m plis pase 10 fwa. Mwen jis nan yon ti plaj Pò Sali misye ap rele’m pou di’m li se pitit dèlma e mwen dwe al vote pou li. M’ap pwofite di misye li te deranje’m e sispann rele’m, mwen pap vote pou li.

IMG_0513.JPG

Dènye e pi enpòtan pwoblèm avèk kanpay la se ke, kandida yo aloral. Mwen pa janm wè yon kandida ki nan kanpay ki ap prezante yon pwogram, se toujou pale anpil ak pwomès. Kandida yo fò anpil nan fè pwomès vid, e pa janm delivre. nan Kanpay elektoral 2010 yo Michel Martelly pwomèt pou bay 30 mil kay pou moun ki te nan kan. Li akize ansyen Prezidan Preval li di ki anpeche li fè sa. Prezidan Martelly promèt pou te kreye 500 000 travay pandan manda li a, kòm manda li poko fini ann tann toujou.

Se pa tout moun k’ap pleyen pou kandida ak kanpay elektoral. Moun ki lwe sistèm son, machin, pano piblisitè, DJ, biznis ki printe ak fè foto, manje ak graten, ak bann rara nan bòl grès yo. Si ou al lwe yon machin kounye a w’ap gen gwo difikilte pou jwenn youn; menm bagay la pou yon pano piblisitè. Se yon moman kote anpil lajan brase kòmanse nan kole foto rive nan peye moun pou kraze eleksyon jou eleksyon an.

Nan yon sans tout moun jwenn, genyen ki jwenn nan pati ki bon an genyen ki jwenn nan sa ki pa bon an. Youn nan fason tout jwenn se plezi, anpil slogan ak postè se bagay teyat nèt. Slogan ak foto kandida sa yo ki ba nou anpil plezi e rann peryòd elektoral la mwens depresan.

IMG_8143

Pwovèb 6:6-9 Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y’ap viv pou ou manyè konprann lavi. Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon.” (hein??)

image1-5

Vote bò bòt la

Sa se premye tou eleksyon lejislativ yo nan yon kalandriye lektoral k’ap fini nan mwa janvye 2016 ak eleksyon lokal yo. Nan moman n’ap pale la Ayiti nan yon sitiyasyon ki vrèman konplike paske pa gen anpil enstitisyon demokratik lejitim ki egziste. Renouvèlman pèsonèl politik la enpòtan anpil e sa ap kòmanse dimanch 9 Dawout 2015 la. Nenpòt pozisyon yon moun genyen li enpòtan pou ou jwe wòl pa ou a nan pwochen eleksyon yo. Nan yon demokrasi tout aktè konsène. Vote oubyen ka vote ou konsène. Istorikman eleksyon an Ayiti toujou mal fini, men pa bliye nou tout responsab nan fen jounen an. Ann respekte youn lòt e montre nou ka jere diferans yo.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed