“Chèche lavi lòt bò dlo” : Yon entèvyou ak chantè Ayisyen Jean Belony “BélO” Murat sou migrasyon ak gerizon

This post is also available in: English

Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal  paske Ayiti gen de nesesite byen espesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.

BélO

An 2021, Ayiti viv yon seri evènman twomatizan tankou asasina prezidan Jovenel Moïse, yon lòt gwo tranbleman tè manyitid 7.1, 15,000 Ayisyen ki ap mande azil rive Del Rio sou fwontyè Tekzas.

Nan mitan tout twomatis sa yo ki pa janm sispann, Ayisyen ap eseye reoryante tèt yo pou yo ka gen konvèsasyon ki pi fondamantal sou gerizon. Jean Belony “BélO” Murat se yon atis Ayisyen ki sosyalman konsyan e yon anbasadè mizikal ki itilize son tradisyonèl patikilye pou pataje mesaj gerizon kolektif ak konstriksyon kominote.

Nan entèvyou sa, BélO pale de vizyon l sou “chèche lavi lòt bò dlo” a travè travay li. Kòm yon anbasadè Ayisyen, objektif BélO se itilize mizik li pou pataje eksperyans Ayisyen, tradisyon ak kilti lakay ak lòt bò.

Asire w ou tcheke dènye pwojè la, yon rekreyasyon premye albòm li a “Lakou Trankil” – ki te soti 18 lane de sa kounye a – reimajine avèk èd atis fanm tankou Wiliadel Denervil, Queen Bee, ak Sherlee Skai, ki reentèprete mizik sou albòm orijinal la pou fè yon konpilasyon cover ki rele “Fanm Lakou Trankil“.

Li pale ak Ashley E. Lazarre, ki doktoran nan enklizyon mondyal ak devlòpman sosyal nan inivèsite Masachousèt Boston.

 Mizik: entwodiksyon Kote Moun Yo – BélO

AEL: Nan yon entèvyou ou te fè anvan, ou te di enspirasyon w toujou soti ann Ayiti. Albòm ou an “Natif Natal” reprezante Ayiti tankou rasin natif natal ou. Menm lè ou eksplore lòt jan mizikal tankou Afrobeats ak Adekunle Gold oubyen mizik elektwonik ak Michael Brun (nou ka konsidere ki pa antre nan nòm ou yo), kèlkeswa bit la lè mwen tande vwa w mwen konnen se BélO. Poukisa li enpòtan pou ou, pou enspirasyon w sòt ann Ayiti?

JBM: Pou mwen onèt ak ou, mwen vreman panse si se pa t pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis. Privilèj ki vini ak tit atis la, tankou gwo machin ak liks, okenn nan sa yo pa ale ak mwen.

Misyon m se pou m yon atis ki gen konsyans sosyal  paske Ayiti gen de nesesite byen spesifik. Pou mwen li enpòtan pou Ayiti nan mitan mizik mwen, se pa menm yon chwa, se konsa sa te dwe ye.

Mwen pa t planifye pou mwen te konsa men se konsa sa te dwe ye. Si yo pa t chwazi m pou mwen yon mesaje pou Ayiti, mwen pa t ap yon atis paske mwen pa wè tèt mwen k ap chante bagay sipèfisyèl tankou lajan ou byen bèl kay, bèl machin — se pa moun mwen ye a.

Sa gen plis pase 200 lanne depi endepandans nou, nou ap mennen yon konba difisil, tankou batay kont pwoblèm anviwònman ak dezas politik yo.

Vre rezon ki fè mwen nan mizik se paske Ayiti gen anpil maleng ki merite gerizon, e dwe gen yon moun ki pare pou mete tèt li nan pozisyon pou resevwa mesaj gerizon sa pou li ka pataje l. “Si m pa dòmi mwen p ap fè rèv la”. Menm si tout moun ap fete, mwen dwe al dòmi pou mwen ka reve epi resevwa remèd pou maladi ki nan peyi a.    

AEL: Nan mizik ou, ou pale de gwo enpòtans gwo medya yo bay twomatis Ayiti, ki ka prezan tou nan milye inivèsitè a. Ou defye sa nan chante enpòtans depistaj VIH (sida), sou konn rasin nou,  sou prezèvasyon kilti nou, agrikilti ak sante mantal. Poukisa gerizon an se yon mesaj esansyèl nan mizik ou?   

JBM: Paske gen nesesite a. Medya yo ap chache nouvèl ki pi enterese mond lan—se wòl yo sa. Men ki wòl nou menm Ayisyen? Si moun ap eseye dyabolize w, eske w eseye mete tèt ou nan yon pi bon pozisyon chak jou?

Mwen panse se la pou nou konsantre jefò nou. Mwen dwe reyalis tou pa rapò ak eta aktyèl peyi nou an, men eske gen anpil Ayisyen ki konsantre yo sou pwomosyon bon bagay peyi nou an? Eske nou fyè ase de vodou nou an? Eske nou kite moun konnen kisa li ye? Ou byen nou kite Hollywood montre yon sèl aspè li ?

Se sa k fè lè mwen an toune, mwen toujou mete rad Ayisyen. Mwen toujou mete tradisyon nou yo devan pou tout moun ka konnen se teni tradisyonèl Ayisyen, li sòti nan Vodou, li sòti Ayiti. Mwen vle montre fas Ayiti moun pa janm wè anvan.

Nou bezwen moun tou ki pote plis valè nan lang nou. Gen anpil moun ki di mwen t ap rive pi lwen nan karyè mizikal mwen si mwen te chante nan lòt lang ki pa kreyòl. Mwen toujou reponn yo “mwen rive ase lwen ak lang mwen”. Si plis Ayisyen te kreye plis an Kreyòl petèt li t ap yon lang ki pi popilè pase jan li ye kounye a. Nou pa dwe adapte nou pou tout bagay an anglè epi swiv yon modèl paske n ap pèdi kilti n ak idantite nou.

“Nou se wozo, nou pliye nou paka kase”.

Mizik: Wozo – BélO

AEL: Wozo se mizik prefere m. Li te enspire m nan moman mwen pa t vreman wè limyè nan travay mwen, kote li t ap mennen m ou byen sa mwen te vle fè. Mizik la fè mwen sonje poukisa mwen la, sitou, mwen se Ayisyen e rezilyans mwen gen yon sans ki pi fò anndan m. Ou sòti mizik sa apre goudougoudou 2010 la pou raple Ayisyen pou yo leve kanpe pou tèt yo. Mwen itilize “wozo” kòm konsèp nan rechèch mwen yo lè m ap pale de Ayisyen ak lè m ap pale de moun nou ye. Eske w ka pale de rasin mo kreyòl “wozo” a?

JBM: “Wozo” se yon pye banbou. Pyebwa banbou se yon plant ki ka plwaye men ki difisil pou kase l.

Nan demen goudougoudou 2010 la, mwen te Gwadloup lè mwen te resevwa nouvèl ki di “pa ret Ayisyen Ayiti ankò”. Se konsa yo te prezante m nouvèl la. Yo te di sa fini pou Ayiti e pa t gen moun ki vivan nan peyi a. Mwen te choke men apre sa m panse “foto ak videyo sa yo sòt Ayiti, sa vle di gen o mwen yon Ayisyen ki vivan”. E jan mwen konn moun mwen yo, depi rete o mwen yon fanm ak yon gason Ayisyen ann Ayiti, sa ase pou nou pou fè lavi fleri. Mwen di tèt mwen “nou se wozo, nou pliye nou paka kase”. Wi nou pran yon gwo frap ki fè nou pliye, men jan mwen konn moun mwen yo, nou pa janm kase.

 Mizik: Istwa Dwòl – BélO

AEL: Ann pale de konsèp “chache lavi lòt bò dlo” a. Mwen kwè sa pale avè m pèsonèlman, paske mwen te oblije kanpe sou al Ayiti a kòz twoub sosyal dènye tan sa yo. Gen yon distans ki kreye ant mwen menm ak lakay, ki fè lakay vinn tounen kèlkeswa kote m ale. Kijan ou panse eksperyans “chèche lavi lòt bò dlo” lye ak chache gerizon?  

JBM: “Al chèche lavi” pa vle di al chèche yon plat manje. Nan yon kontèks Ayisyen, yon peyizan ki voye pitit li yo nan yon vil pou yo ka gen pi bon ledikasyon ap “chèche lavi” pou pitit li yo. Peyizan an konsyan limit ak obstak ki gen lè ou pa konn li, kidonk objektif li se fè tout sa l kapab pou bay pitit li plis.

Ayisyen batay pou bay pitit yo yon pi bon lavi pou yo ka pa viv menm mizè yo viv yo. E se menm jan an tou pou Ayisyen klas mwayèn. Paran voye pitit yo lòt bò dlo pou yo ka jwenn pi bon lavi pa paske yo bezwen pi bon manje ak kay men paske yo vle pi byen finanse avni yo pou yo ka vin doktè, atlèt, enjenyè ou byen atis.Y o ale Etazini paske se la yo ka jwenn pi bon ledikasyon ak resous pou aprann. “Al chèche lavi” pou mwen vle di kreye yon dinamik pou yon pi bon avni.  

AEL: Nan videyo “Istwa Dwòl” gen yon sèn kote 5 gason monte yon kannòt pou yo ka kite peyi a pandan fanmi yo ap panike pou kote yo ye ak tout risk potansyèl vwayaj la. Videyo sa ki fèt sa gen pase 15 lanne antisipe sèn nou te asiste lè 15 000 Ayisyen te mache nan Amerik Sid la pou rive sou fwontyè Teksas pou mande azil. Poukisa ou te chwazi montre Ayisyen ki ap kite peyi a nan yon videyo?

JBM: Mwen chwazi montre imaj sa yo paske yon imaj di plis pase plizyè mo. Li enpòtan pou mwen pou m montre Ayisyen gen kèk pwoblèm nou paka kontwole men gen bagay tou nou gen pouvwa sou yo.

Nou dwe konsantre enèji nou sou sikonstans nou ka kontwole. Mizik la mete limyè sou, si peyizan prale, atis ak doktè prale, se paske gen yon pwoblèm santral nan peyi a.

Ki moun y ap kidnape lè tout moun ale? Ou byen eske n ap re panse pozisyon nou pou konvenk youn lòt  pou n kanpe vyolans sila n ap fè sou tèt nou an pou nou ka lakay ansanm ankò.

Gras a solidarite nou ka reziste a lavaj sèvo a epi sove peyi a. Nou konnen nou se “wozo” e nou ka kanpe ankò men li pi difisil pou w kanpe poukont ou pase si yon moun ba w yon kout men. Ayisyen paka konsidere youn lòt tankou yon pwoblèm paske gen anpil lòt faktè ekstèn nou dwe fè fas a yo.       

Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.  

 Mizik: Pitit Deyò – BélO

AEL: Nan mizik sa ou elabore sou relasyon dyaspora a ak Ayiti. Kisa yon “Pitit Deyò” vle di?

JBM: Mwen rele mizik la “Pitit Deyò” paske literalman lè yon papa fè yon pitit ak yon lòt moun ki pa madan marye li nou rele timoun lan “pitit deyò”. Men  lè yon manman fè yon pitit deyò maryaj li, nenpòt jan, timoun lan rete pitit byolojik li. Nan sans sa, Ayiti se manman nou e kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, ou p ap janm pitit deyò Ayiti.

A pati de sa, mizik la pale de amelyore relasyon nou ak dyaspora a. Mwen te santi lapèrèz sa kay dyaspora a se pou sa m te ekri mizik “Pitit deyò” a. Nou paka espere lajan pa Western Union ak bèl tenis chak mwa sèlman nan men dyaspora a. Nou bezwen yon relasyon ki pi enklizif.  

AEL: Antwopològ Gina A. Ulysse pale sou nesesite pou “rasanbleman” — “nesesite pou gen konvèsasyon pi pwofon, pi reflechi ak entwospeksyon pami Ayisyen yo”. Li konstate “viv an fragman vin tounen mòd vi nou” e li ensiste pou Ayisyen yo pran poz pou rekalibre. Kijan ou kalibre tèt ou nan moman kriz, pèsonèlman ak antanke atis?   

JBM: Mwen ka di pèsonèlman se yon bagay ki di pou fè. 2 dènye lanne sa yo, mwen vin pi aktif sou medya sosyal yo, pa selman pou pataje atizay mwen, men pou pataje ti mesaj lespwa paske mwen konnen lè ou nan moman kriz li di pou w panse pi lwen pase sitiyasyon an. Men antanke atis, pafwa mwen vwayaje oubyen nanm mwen kite kò mwen epi al chèche enspirasyon yon lòt kote, pa sèlman pou mwen, men pou pataje ak lòt moun; paske pou mwen se sa yon atis ye.

AEL: Se yon bèl mesaj pou fini konvèsasyon nou an. Mèsi anpil paske w te pataje lide w sou “chèche lavi lòt bò dlo”.

Imaj: BélO

Ashley Lazarre

Ashley Lazarre

Ashley E. Lazarre is a PhD Candidate in the Global Inclusion and Social Development program at the University of Massachusetts Boston. With a background in post-disaster policy, social trauma and media studies, Ashley’s research focuses on the self-transformation of Haitian women healing their mental, physical, spiritual and emotional trauma. She uses photography, storytelling, and social media as a creative tool in her healing work. Ashley prioritizes resting, moving, and releasing in her own journey.

No Comments Yet

Comments are closed