Ann Ayiti, teyat se yon atizay ki vivan

This post is also available in: English

An immersive experience, “Dechouke Lanfè sou Latè” is performed within the audience and features formerly incarcerated women as well as actors to bring home the brutal reality of Haitian prisons. The Quatre Chemins theater festival took place in Port-au-Prince, Haiti, from Nov. 21 to Dec. 3, 2022.
Yon eksperyans vivan, “Dechouke Lanfè sou Latè” te jwe nan piblikla e te mete an sèn yon seri fanm ki te nan prizon ak aktè/komedyen pou montre vyolans reyalite prizon ann Ayiti.  Festival teyat 4 chemins an te fèt Pòtoprens, Ayiti soti 21 Novanm pou rive 3 Desanm 2022.

Yon apremidi anba yon bèl solèy, o mwen 60 moun rasanble nan ti lakou Yanvalou Café a ki se espas ki pa ofisyèl sèn teyat yo. Se lansman 19 èm festival teyat 4 chemen ki fèt chak ane men pa t janm garanti espas la t ap plen konsa. 

Pandan dènye 3 lanne sa yo, Pòtoprens,  kapital Ayiti a, anvayi ak gwoup bandi kriminèl. Yo ap teyorize chak jou pi plis sitwayen yo, yo komèt kidnapin, agresyon seksyèl epi brake moun ak zam, sa ki anpeche moun yo sikile jan yo ta vle depi asasina prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021 an. Anpil sitwayen kite kay yo dènye mwa ki pase yo nan chache sekirite lòt kote – nan kèk ka, yo al viv sou plas piblik paske katye yo a vin twò danjere.  

” Vil sa fè pè nan jou sa yo” Évens Dossous di. Li se yon edikatè ki vin gade lekti ” Port-au-Prince et sa douce nuit”, yon nouvo pyès dramatij  Gaëlle Bien-Aimé ekri. Anvan m kite kay la apre midi a, m mande tèt mwen: ” eske li vreman nesesè pou m pran lari a? Eske y ap kidnape m?”

Atizay, espesyalman teyat, gen yon istwa rezistans politik ki rich ann Ayiti. Menm si sitiyasyon ensekirite sa nou pa t janm viv li gen plis pou wè ak yon mank lidèchip – pa gen eleksyon depi 2016 – pase opresyon ak represyon sitwayen yo te viv anba diktati ki pase yo. Foul ki te nan Yanvalou jodi a montre a klè teyat la rete yon zam rezistans. 

” Nou konnen, lavi pake rezime a ensekirite a” mesye Dossous di. 

Theatergoers talk after an event at the Yanvalou Café in Port-au-Prince, Haiti. The Quatre Chemins theater festival brings audiences together with Haitian playwrights, actors, and dance companies for readings, staged productions, and street performances.
Moun ki ale nan teyat apre yon evènman nan Yanvalou Café nan Pòtoprens,  Ayiti. Festival teyat 4 chemen an mete ansanm dramatij Ayisyen, komedyen ak konpayi dans pou lekti, teyat ak pèfòmans nan lari.

Yon atizay vivan nan mitan vyolans.

Yon pil grafiti atis ak pansè nou konnen kouvri mi beton Yanvalou yo, pami yo gen chantè Nina Simone, dansè Ayisyen Viviane Gauthier ak antwopològ nasyonal Jean Price- Mars. Pandan lansman an nan mwa novanm, piblik la pase nan lakou a epi ale nan restoran an kotete gen chèz ki te enstale an fas 2 pipit wo. 

Lekti a konsantre l sou 2 jèn ki damou fou nan yon kay nan Pako, yon katye plen pyebwa ki te yon zòn moun rich anvan nan kè Pòtoprens lan. Li mete aksan sou kantite defi lavi reyèl la, tankou frajilite kapital la ak difikilte ki gen pou kite kay ou pou w manje, vwayaje, ale lekòl oubyen nan travay. Men li pale tou de kestyon ki pi laj tankou jan nou renmen – renmen tèt nou ak lòt yo – lè yon vil ap depafini anba je n. 

“Teyat ede m poze kestyon sou lavi m” se sa madanm Bien-Aimé , dramatij la, te di . Li se dezyèm Ayisyen ki jwenn suivi suivi gwo pri RFI teyat la, yo bay atis frankofòn k ap monte yo. ” Teyat se yon atizay vivan” li di. 

Depi asasinay prezidan Moïse la, gwoup bandi yo pran kontwòl 70% kapital la. Depi lè yo te bloke tèminal gaz nan mwa septanm lan, sa ki te anpeche transpò ak endistri sou tout teritwa nasyonal la fonksyone, jouk rive nan pran kontwòl katye kle, bandi yo simaye dezòd ak grangou epi rann pi grav kriz politik la. Dapre Nasyonzini, a pe prè 20 000 Ayisyen gen sou tèt yo menas grangou e twa ka moun sa yo nan kapital la.

Nou jwenn ensekirite a tou nan itilizasyon vyolans seksyèl kòm zam, sa ki fè anpil moun deplase kite zòn yo. Ka kidnapin yo ogmante 45% nan Pòtoprens lan nan dezyèm trimès ane 2022 a dapre RNDDH , yon òganizasyon Ayisyen ki pa gouvènmantal. Anpil Ayisyen panse lapolis, politisyen ak elit  ekonomik la ap pwoteje bandi yo.

Victoria-Onélien
Moun nan asistan lan k ap reyaji a blag nan pyès teyat “Kalibofobo” a. 

“Leta dakò retire tèt li pou gwoup bandi yo kapab kontwole sosyete a.” Deklarasyon Sabine Lamour, yon sosyològ Ayisyen nan inivèsite leta Ayiti a, fè pandan l ap site rechèch prensipal òganizasyon pou defann dwa moun lan fè, RNDDH. 

Kòmansman mwa oktòb pase a,  gouvènman enterim Ayisyen Ariel Henry a, mande ofisyèlman yon entèvansyon militè etranje pou fè fas kare ak pwoblèm ensekirite a. Malgre dezòd jeneralize a,  anpil moun voye jete lide sa. Vyolasyon dwa moun ak kolera etranje ki t ap travay pou misyon estabilizasyon ONU yo te pote nan peyi a an 2010 la kite yon enpresyon negatif ki pa janm ale sou enjerans entènasyonal la. Semenn sa, Etazini akize 4 moun ki enplike nan asasina mesye Moïse, sa ki montre difikilte sistèm jidisyè Ayisyen an. 

Micaëlle Charles, komedyen ki ap entèprete wòl prensipal Zily nan pyès jodi a,  rekonèt anpil bagay chanje nan teyat Ayisyen an pandan dènye lanne sa yo. Li menm ak tout ekip ki mete sou pye spektak jodi a pran de prekosyon sekirite yo pa t janm imajine pran anvan, tankou dòmi nan lokal yo repete à. “Sa ede m kenbe malgre pwoblèm peyi a ak tout lòt pwoblèm lavi te ka gen pou mwen.” Li di sou pasyon li gen pou metye a. 

“Sa tris pou atis ak òganizatè kiltirèl yo dwe panse a sekirite nan nivo sa.” Sa se pawòl Éliezer Guérismé ki se direktè atistik En Lisant,yon festival teyat. Dènye lanne sa yo festival yo kòmanse fonksyone dapre lòt règ yo bay tèt yo, tankou òganize aktivite sèlman lajounen pou spektatè yo ka gentan rantre lakay yo anvan solèy kouche. Mesye Guérismé esplike n: “Sa vin fè nou paka fè okenn eklaraj sou sèn lan, men nou genyen pa rapò ak sekirite sa ki pèmèt piblik la fè n konfyans.” 

Actor Kav-Alye Pierre, playing a prison guard, is defeated in “Dechouke Lanfè sou Latè (Unleash Hell on Earth),” presented by Cie Hors-temps (Out of Time Company). The performance was part of the Quatre Chemins theater festival in Port-au-Prince, Haiti, which took place Nov. 21 to Dec. 3.
Komedyen Kav-Alye Pierre ki t ap jwe yon gad prizon yo touye nan “Dechouke Lanfè sou Latè” Cie Hors Temps prezante.  Pèfòmans lan te fè pati festival teyat 4 chemen nan Pòtoprens, Ayiti ki te fèt 21 novanm pou rive 3 desanm.

Lakilti tankou zam rezistans? 

Itilize teyat pou kritik sosyal ak politik pa sèlman fèt ann Ayiti, se yon tradisyon ki la depi lontan. Teyat se ” yon zam sansibilizasyon mas la ki bay spektatè a zouti pou li libere l”, Félix Morisseau-Leroy te ekri sa an 1955. Li te youn nan premye ekriven peyi a ki te te kreye pyès teyat an kreyòl.  Pandan rejim Duvalier yo, yon diktati papa ak pitit gason ki te kòmanse an 1957 e ki dire 30 lanne ann Ayiti, yo t ap pèsekite Morisseau-Leroy ak lòt moun, sa ki te fè yo te oblije egzile akòz kòmantè sosyal yo te konn fè, sa ki te fè yo parèt tankou mesaj kont gouvènman an nan teyat yo ak literati.  

Karakteristik rejim Duvalier yo sete vyolans ak represyon libète lapawòl. Youn nan zèv Morisseau-Leroy ki pi popilè se tradiksyon kreyòl trajedi Grèk “Antigòn” lan, yon pyès kote diktatè a mouri a kòz ògèy san mezi li. Sete yon zak rezistans pou mesaj la – ak itilizasyon lang tout moun pale a. 

“Pran konsyans sa nou ye, sitiyasyon nou nan mond lan, wòl nou nan sosyete a, se debarase n de ilizyon tout kalite pouvwa yo enpoze nou.” Sa se deklarasyon Joubert Satyre yon espesyalis teyat Ayisyen te fè nan Christian Science Monitor fen ane pase. 

Li kontinye pou l di, jodi a ankò, teyat nan peyi Ayiti jwe yon wòl enpòtan nan lit sosyal ak politik yo. 

“Se kote liberatè ak kritik teyat la ki te rann li e ki toujou rann li sispèk nan je otokrat yo”. 

Onlookers take in the street performance of “Inchallah," part of the 19th annual Quatre Chemins theater festival in Port-au-Prince, Haiti.
Spektatè yo ap asiste ” Inchallah” yon pèfòmans nan lari a ki te fèt nan 19èm festival teyat 4 chemen nan Pòtoprens, Ayiti. 
Actors Rolando Etienne (left) and Chelson Ermoza perform “Kalibofobo” by Frankétienne during the Quatre Chemins theater festival. The play is about a Haitian politician in the early 21st century whose buffoonery knows no limits.
Komedyen Rolando Etienne (a gòch) ak Chelson Ermoza ap jwe yon tèks Franketienne  “Kalibofobo” pandan festival teyat 4 chemen. Pyès teyat la pale de yon politisyen Ayisyen nan kòmansman 21èm syèk la ki gen foli san limit.

Dapre Madan Bien-Aimé, leta pa bay anpil enpòtans a atizay nan dènye lanne sa yo. Li menm li angaje l de pye fèm nan yon “teyat k ap pwoteste”. Li kontinye pou l ajoute, li pa konn si zèv li yo fè gouvènman an pè menm jan ak metòd aktivis li a ki solid. Pandan ete 2018 la, g on gwo mouvman batay kont koripsyon ki te demare pou mande kont sou gagòt gouvènman an fè ak plis pase 3 milya dola. Ayisyen te plen lari a pandan plizyè mwa, men asasina prezidan Moïse ak vyolans gang yo ki ogmante mete fen a peryòd kle pwotesasyon sa yo. 

“Jodi a, leta pa menm ale nan teyat” Gaëlle Bien-Aimé di. 

Mesye Guérismé di gen anpil Ayisyen ki ale nan teyat, pami yo anpil atis ak etidyan ki swete fè metye atizay la. Malgre tout jwa espektak pote jodi a, vyolans ak kriminalite patisipe nan degradasyon teyat vivan an. Se vre, yon gouvènman ki nan dezòd sa fè pati pwoblèm lan: envestisman nan tout sektè, depi nan enfrakstrikti rive nan ledikasyon, pa sifi. Malerezman sa afekte sal teyat yo ki fèmen ak Ayisyen ki te enterese a metye a pito al fè yon lòt karyè. 

Li kontinye pou li esplike “kestyon finansman an te toujou yon pwoblèm delika, men jounen jodi a li vin pi grav a kòz enstabilite politik ak sosyal la.” Ekip li a ap eseye jwenn yon seri plan kreyatif pou ki finanse yo menm  festival la. 

Actors perform “Inchallah,” choreographed by Daphné Menard. Their movements show the daily struggle of Haitians in the face of violence.
Komedyen k ap pèfòme “Inchallah” ki se yon kowegrafi Daphne Menard. Mouvman yo montre jan Ayisyen ap batay chak jou fas a vyolans lan.

Anpil bagay depann de lanmou istorik Ayisyen genyen pou teyat ki dwe kenbe nan moman difisil sa. 

Stephanie Jean yon anplwaye ong ki nan 30 lanne, fè 20 minit wout dèyè yon moto pou li ka vin gade festival 4 chemen an. Sete premye vre sòti li depi yo te fin kidnape yon paran  pwòch li nan mwa dawout la. Li pa t fin si si li te dwe vini ou pa. 

“Lakilti se youn nan mwayen ki pi fò pou n reziste” Madan Jean di, epi li ajoute: “Nan yon kontèks politik ak ekonomik ki difisil konsa, atizay se jan pa nou pou nou raple tèt nou ak mond lan nou vivan”.

“Mwen vini la pou m ka santi m vivan”.

Repòtaj sa te pwodui ak sipò Round Earth Media Program of international Women's Media Foundation [ Medya Latè Won nan Fondasyon Entènasyonal Fanm pou Medya] an patenarya ak Woy Magazine. Melodies Cerin kontribiye nan reputation la depi Pòtoprens; Nathalie Cerin tradui franse a anglè.
Imaj: Victoria Onélien/Special pou The Christian Science Monitor

Websder Corneille

Websder Corneille

Websder Corneille is the communication director of the Francophone platform RaccourSci, which aims to help science communicators to simplify and promote their research work globally. Websder’s report on child trafficking won the 2020 Philippe Chaffanjon International International Award. His other awards include the Young Journalist Prize in Haiti’s special mention and a Public Discourse Award in Canada. Websder graduated from State University of Haiti majoring in Linguistics.

No Comments Yet

Comments are closed