“N ap frape bawo” : yon atelye pwezi nan Prizon Sivil Fanm Kabarè

This post is also available in: English

Nòt editè a: Nan limyè evènman ki sot pase yo ki antoure plizyè douzèn fanm ki sove Prizon Fanm Cabaret a, atik sa a ekri pou Woy Magazine pa Ricardo Boucher, ofri kèk apèsi sou kondisyon fanm yo ap rankontre nan prizon sa a, evoke pawòl yo, ak reyalite a pou prizonye atravè peyi a.

N ap manifeste
Pou n jwenn jistis 
Pou n al tribinal 
Gen nan nou ki gen 
Setan la
Dizan la
Ki pa janm pase devan jij
Vle pa vle 
Yo dwe tande vwa nou tout
Prizon pa dwe pwazon
Prizon pa dwe lanfè
N ap frape bawo
N ap chante 
N ap danse
N ap mande pou yo ban nou bon tretman 

(Powèm, yon fanm ki nan prizon fanm Kabarè)

Eske an Ayiti, prizon rive fè travay pote jistis bay viktim epi anpeche move zak repwodui? Kèlkeswa sèks ou, ou ka komèt yon zak ki deranje yon lòt moun, yon gwoup moun osnon lwa ak prensip ki tabli nan sosyete a.  Se nan sans sa, aprè sistèm jidisyè a fin kondane yon move aksyon, yo mete anplas espas fizik ki rele prizon an, nan lide pou rann jistis ak moun ki te viktim nan epi pou pèmèt koupab la reflechi sou zak li te komèt la, aprè pou l kapab retounen nan kò sosyal la. San di petèt, prizon nan peyi Ayiti pa ranpli wòl sila yo pou plizyè rezon. 

Aprè atelye pwezi nou te reyalize pandan yon mwa nan prizon sivil fanm kabarè nan kad rezidans Assosyasyon 4 Chemin te ofri, nou te obsève anpil bagay sou lavi fanm sa yo nan prizon sa a. Nan plizyè batbouch nou te gen ak anpil fanm sou kondisyon trètman yo, se te avèk anpil tristès, dezolasyon ak raj yo t ap mete deyò tout kalte move sitiyasyon y ap viv nan prizon an. Fòk nou di move sitiyasyon medam yo, pa sèlman nan Prizon Fanm Kabarè, li twouve l nan tout gadavi ak prizon, sitou nan penitansye nasyonal Ayiti.

Pami move tretman moun nan prizon ap viv isit nou ka site: agresyon seksyèl, absans swen sante, moun ki pil sou pil nan yon selil, pou yo dòmi se anba anpil goumen, moun ki gen plis pase dis lane ki pa janm pase devan jij ak vyolans polisye. Si n ta pran site move tretman yo, nou pa p fini. 

Mwen fèmen nan yon prizon kote m pèdi tout mwen menm
Mwen fèmen nan yon prizon kote m oblije sispann moun pou m viv
Lè yo di m w ap bay li la
Li kraze tout moral mwen
Li fè m pèdi lespwa
W ap bay li la
Vle di
W ap fè tout vi w la
Vle di w gen dizan nan detansyon 
Sa vle di w gen pèn ak de chif

(Sa se powèm yon lòt fanm nan prizon sivil fanm Kabarè) 

Powèm sila esplike klè kou klèròz, kòman prizon nan peyi pa nou se yon lanfè, yon espas ki fèmen tout posiblite sou lavni moun pa bò isit.

Anplis, anpil nan moun ki rive jwenn liberasyon yo tounen gwo danje pou sosyete a, paske prizon se youn nan pi gwo laboratwa demounizasyon ak pwodiksyon kriminalite. Yo pa konsidere prizonye yo tankou moun nan move tretman tout kalte y ap ba yo ; depi sou jan yo ba yo manje, pou bout sou jan yo fè yo benyen. Sa k pi mal la, menm nan lanmò yo, prizon isit kontinye ak pwosesis demounizasyon an, nan sans prizonye a ka mouri, fanmi l pa gen kenn nouvèl epi leta menm pran kadav la l al jete l Titanyen.

Vire isit yon mi
Vire lòt bò yon lòt mi
Chak jou yon sèl kalte kouch penti Yon sèl kalte vwa chèf
Prizonye
Yon sèl kalte sant
Sant manje moun pa ka manje
Ti moun kou gran moun fèmen
Menm ti bebe fèt tou fèmen
Libète tout moun fèmen san siyifikasyon

(Sa se powèm yon lòt fanm nan prizon sivil fanm Kabarè) 

Sa vle di mete bon jan kondisyon pou l epanouyi l sou plan fizik ak moral.

Fòk yo mete l nan kondisyon moun, pou l pa konnen lè l ki te espas prizon an, li p ap toujou moun. Fèmen yon moun nan prizon, paske l vyole dwa lòt moun, pandan menm prizon sa kontinye nan lojik vyolasyon dwa moun nan, se kontinye menm vyolans lan.

Mwen fèmen
Mwen ret bouch be
Mwen fèmen
Mwen pa konn ki lè 
Solèy leve
Mwen fèmen dlo bouche tou de je m
Mwen fèmen avni m kanpe devan pòt prizon an 
Mwen fèmen depi m te gen kenzan
Jodi a m gen vennsenk

(Sa se powèm yon lòt fanm nan prizon sivil fanm Kabarè) 

Ricardo Boucher

"Né en 1995, Ricardo Boucher est un jeune poète militant dévoué qui se laisse emporter par le vague de la poésie sur la mer des embûches à surmonter. Grandi entre plusieurs quartiers populaires de la Capitale haïtienne tels que Fort mercredi, Deuxième Avenue, “Savann Pistach”, ” Ti Bwa” en outre à Grand Ravine, il se sert de la poésie comme moyen de revendication dans une société où les crises socio-politiques font rage." - Passion Infos Plus

No Comments Yet

Comments are closed