Kisa ki pwochen pwojè Etant Dupain?

This post is also available in: English

Dènye fim Etant Dupain an ki rele Madan Sara te kòmanse ak yon atik li te pibliye la sou Woy Magazine. Li fèk anonse ke li pral soti yon nouvo dokimantè ki rele “Batay pou Ayiti”. Nou te gen chans chita pale ak Etant Dupain sou nouvo pwojè li a.


Etant Dupain ak Madam Clotilde

Nou te tonbe damou ak bèl fanm yo ki te nan fim “Madan Sara”. Kòman Madam Clotilde ak Madam Monique ye depi fim nan soti?

Madam Clotide ak Madam Monique la. Yo byen fizikman, men pa moralman. Biznis yo ap kraze lakoz kriz politik ki genyen kounye a ann Ayiti. Madan Sara se youn nan gwoup ki pi afekte nan ensekirite sistemik ki enstale nan peyi a pa gang ki gen lyen politik. Mwen te asire m rete an kontak ak yo ak kèk nan timoun yo paske nou bezwen kontinye fè  pwojeksyon fim nan an Ayiti e mwen ta renmen pou yo patisipe. Youn nan pwojeksyon ki gen plis siksè nou te fè nan Université Quisqueya (UNIQ), se pitit gason Monique ki te yon etidyan ki te òganize l. Mwen toujou ap planifye pou m travay avèk yo pou rekòmanse pwojeksyon piblik “Madan Sara” le pli vit ke nou kapab.

Ou fèk anonse nouvo fim ou a “Batay la pou Ayiti”… tit la fè m panse ak medam yo nan fim “Madan Sara” a ak lit yo pou yo viv nan mitan vyolans politik ak ekonomik. Ki sa ki koneksyon ant “Madan Sara” ak dokimantè k ap vini an?

Avèk “Batay pou Ayiti”, mwen espere ajoute kèk kontèks nan kriz aktyèl la an Ayiti. Ayiti fè buzz pou anpil bagay, men se pa pou batay la k ap menmen pou nanm peyi a. Mwen kwè nan fon batay kont koripsyon ak enpinite ann Ayiti se yon batay pou nanm peyi a. Sa se pa yon batay senp. Sa se yon batay kote sitwayen yo ap konfwonte yon elit koronpi san okenn sipò entènasyonal oswa solidarite reyèl, alòske elit koronpi an gen tout sipò sa yo rele kominote entènasyonal la.

Koripsyon se yon gwo pwoblèm ann Ayiti. Li enkwayab pou gade ki jan sèten peyi reyaji fas a mouvman anti-koripsyon an. “Batay pou Ayiti” fouye zo nan kalalou pou montre rezon ki fè “kominote entènasyonal la” sipòte politisyen koronpi yo ak chèf biznis ki te vòlè lajan PetroCaribe a ak rèv plizyè milyon moun.

Mwen santi m gen chans pou m rakonte pwòp istwa pa nou epi montre mond lan sa k ap reyèlman pase, olye pou je laprès entènasyonal brake sou nou apre gwo dezas moun te fè oswa dezas natirèl.

Fil komen nan travay ou a se jan li mete aksan sou ijans pou aksyon politik. Kisa ou espere pwochen fim sa a pral akonpli?

Avni mouvman anti-koripsyon ak enpinite pandye nan balans lan. Politisyen Ayisyen yo ak elit biznis la ak sipò total CORE gwoup la reyisi demonte mouvman an. Ak masak, entimidasyon ak mete tout peyi a anba syèj pou fè li enposib manifeste.

Mwen espere montre mond lan sakrifis enkwayab Ayisyen ap fè pou goumen pou yon Ayiti miyò. Mwen espere ke fim sa a pral bay mouvman an yon nouvo souf kòm Ayiti sanble kanpe sou plas nan moman an. Plizyè milyon Ayisyen mande moun k ap dirije leta yo rann kont e mwen pa wè yon fason pou avanse san yon fòm konsekans a eskandal Petrocaribe a. Yon pwosè Petrocaribe kapab yon nouvo kòmansman pou Ayiti.

Mwen panse dyaspora a ka jwe yon pi gwo wòl nan batay kont koripsyon ak enpinite, e mwen gen tout entansyon sèvi ak fim nan pou mobilize plis moun nan dyaspora a pou rantre nan batay la.

Ki leson ou te aprann pandan w ap fè dènye fim ou ke w ap pote nan nouvo pwojè sa a?

Premye leson mwen te aprann se pran pasyans. Li te pran m prèske senk lane pou fè “Madan Sara”. Mwen vle pran tan mwen epi rakonte istwa sa a byen. Pou “Madan Sara” okenn ofisyèl pa t pale avè m. M ap fè fas a menm sitiyasyon an, pi mal toujou ak “Batay la pou Ayiti”. Men, ekip mwen an avè m pral rakonte istwa a kanmenm.

Mwen te aprann kijan yon istwa ka gen enpak sou gwo chanjman, estriktirèl ak pèsonèlman. Mwen te pale ak Gouvènè Bank Santral Ayisyen (BRH) an, Jean Badin Dubois, ki te di m manman li se yon Madan Sara. Nou te pale de Madan Sara ak mank aksè a kredi. Dapre li, jiska dènyèman pifò enstitisyon mikwofinans an Ayiti pa te reglemante. Yo te bay prè epi yo te fikse pwòp to enterè yo ki twò wo pou moun tankou Madan Sara. BRH fèk chanje sa e yo kounye a ap aplike règleman pou asire ke enstitisyon mikwofinans ann Ayiti swiv tout règ yo epi respekte to enterè Bank Santral la fikse. Si li byen aplike sa a ka trè itil pou plizyè milye Madan Sara ki konte sou prè ki trè chè.

Nan yon nivo pèsonèl, mwen te resevwa yon pakèt imèl ak mesaj nan men Ayisyen toupatou nan mond lan ki pale de paran yo. Gen kèk ki admèt yo pa janm te konnen anyen sou Madan Sara jan sa dekri nan fim nan. Pou anpil moun, Madan Sara te yon move bagay e kèk lòt moun reyalize paran yo te Madan Sara apre yo fin gade fim nan. Mwen kontan fidbak mwen resevwa a e nou fèk kòmanse paske pifò moun ann Ayiti poko gen chans gade “Madan Sara”.

Ak ki moun w ap kolabore sou pwochen pwojè sa a?

M ap travay ak menm ekip “Madan Sara” a. Ou pa fè chanjman nan yon ekip k ap genyen.

Mwen se Kreyatè a, Direktè ak Pwodiktè Egzekitif sou pwojè sa a, men pwojè sa a la akòz yon gwo kolaborasyon ak Pwodiksyon Matenmidiswa. Se atis Ayisyen-Kanadyen, Manuel Mathieu ki dirije li. Wesley Lainé se youn nan Pwodiktè Ko-Egzekitif nou yo ak Lunise Cerin se Editè nou an. Nou gen yon gwo ekip e nou gen plis moun k ap travay avèk nou. Nou p ap ka bay non tout non yo poutèt pwoblèm sekirite, sitou pou moun ki abite ann Ayiti yo.

Trelè a pral soti 14 Dawout, menm dat Gilbert Mirambeau Jr. te poste premye tweet #KotKòbPetroCaribeA an 2018.

Ekip mwen an ak mwen espere trelè sa pral ajoute nan deba a sou bezwen an pou moun ki nan tèt leta rann kont.

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed