This post is also available in: English
Si gen pou YOUN, gen pou DE (Twazyèm Prensip Bwa Kayiman)
Nan maten 14 Dawout la, nou sonje nan yon dat konsa, plis pase 200 lane, yon bann esklav te mete tèt yo ansanm pou montre rès mond lan tout moun se moun, ebyen latè te deside montre se li ki granmoun. Li fè afè l jan l vle, li pran tranble, 2248 pitit tè a vole pou peyi san chapo.
Ayiti se yon peyi ki sou wout tranbleman tè. Daprè listwa se lame a ki toujou kanpe tennfas swa nan devlopman nasyonal, swa nan jesyon katastwòf natirèl. Enstitisyon sa kraze san li pa transfere konpetans li bay okenn lòt enstitisyon piblik. Sa ki lakoz repons leta fas ak sitiyasyon sa yo bay kè plen.
Repons ki te fèt aprè 12 janvye 2010 la te genyen anpil gaspiyaj ladann. Paske leta fèb, Loni ak ONG yo te pase sou enstans lokal yo pou reponn e jere lojistik nan nivo sa te konplike. Rezilta a sete Komite Entènasyonal pou Rekonstriksyon Ayiti (CIRH) la Clinton te mete sou pye pou bay gwo djòb bay etranje olye yo itilize kad ayisyen, e depanse san rann kont. Nou tout sonje ka Lakwa Wouj Ameriken ak Yele Ayiti ki te kolekte kòb pou pèp la, e kòb la rete nan pòch yo. Jis jodia genyen moun ki te nan kan apre 12 janvye ki rete nan tant toujou.
Depi 10 lane, ki preparasyon ki te fèt pou yon lot katastwòf? Pandan 10 lane sa yo, peyi a te okipe nan fè pwomosyon pou koripsyon ak bantidis menm nan pi wo nivo leta a. Jiskaprezan pèp la ap mande kote lajan CIRH la pase.
Nou we efò Pwoteksyon Sivil fè 10 denye lane sa yo pou sansiblize moun kont siklòn ak goudougou. E nou wè efò yo fè pou dirije repons la fwa sa. Nou menm wè ONG yo ak Loni fwa sa fè yon jefò pou aliye yo. Men lakòz mank mwayen ak planning manch long, Pwoteksyon Sivil pa rive pote sekou bay anpil moun ki te nan bezwen. Aprè tranbleman tè a, Pwoteksyon Sivil te estime plis pase 650,000 moun te bezwen èd. Nan dènye rapò ki sou sitwèb Pwoteksyon Sivil la ki date 4 septanm, yo di yo rive bay apwi bay 70,000 fanmi, sa vle di apeprè mwatye moun ki nan bezwen yo. 10 lane apre yon sitiyasyon konsa te pwodui (300 000 moun anviwon te peri), Ayiti toujou pa pare pou bay menm premye asistans yo ak moun ki nan bezwen.
Men eske depi 12 janvye 2010 Ayiti genyen yon plan nasyonal pou jere risk ak dezas ki byen finase e egzekite? Lè m al chèche, m jwenn yon plan pou 2019 – 2030 sou entenet. Pou plan sa ta rive egzekite sa nou bezwen se bon jan envestiman nan enfrastrikti e kòb pou kore Pwoteksyon Sivil ak meri yo nan tout peyi a.
Nan ka sa rete sèl TÈT KOLE ki ka bay pèp la yon souf. Nan demen katastwòf sila, diferan gwoup moun, nan dives kouch sosyal kòmanse fè apèl solidarite pou al bay kout men nan Gran Sid peyi a, kote tranbleman tè a fè plis ravaj. Soti sou entènèt, pase nan radyo, apèl toupatou, tout moun ap mete men. Mesaj yo sikile vit vit. Gen lontan nou pa wè ayisyen mete tèt ansanm konsa. Moun yo kanpe nan chache nan tout rakwen pou ede bay lavi. Se gwo bravo pou pèsonèl medikal ayisyen an, jèn medsen ak enfimyè nou yo kanpe djanm, yo kite lakay yo depi nan demen pou yo ale pote kole. Ajisman ak repons rapid sa yo fè nou jwenn mwens moun yo oblije koupe pye yo ak men yo jan sa te ye an 2010. Leta pa t pare pou pèp la, men pèp la pa t pare pou tann leta tou.
Pandanstan anpil èd gentan ap kolekte nan kapital peyi a, nan dyaspora a, pitit peyi a kanpe pou itil peyi a. Premye pwoblèm ki poze nan de premye jou yo, se lagè bandi ap fè depi plis pase senk mwa nan antre sid peyi. Tout moun gen volonte, men konsa tou tout moun pè pase Matisan. M te fè pati yon gwoup etidyan ki t ap tann lè sa pi bon pou m travèse koulwa lanmò sa. Konsa nan Vandredi 20 dawout, 10 jèn gason ak jèn fanm deside pran lawout pou al bay koutmen epi pote sa yo genyen bay moun nan Nip, youn nan depatman ki afekte nan Gran Sid yo.
Soti Pòtoprens, pase Matisan pou al bout Lazil, Bakonwa, ak Ano, plis w ap vanse, mwens gen lavi. Moun yo lage de bra balan, yo kanpe, yo paka konn sa y ap tann, yo pa konn sa y ap jwenn. Chak bri machin ba yo lespwa. Nenpòt sa w pote ap twò piti pou separe. Eksperyans sa pa pou moun ki gen kè nan men. Kè w ap rache lè w wè jan moun yo p ap viv. Kamyon nou te chaje, men li pa reprezante anyen devan nesesite moun yo. Timoun piti ak fanm yo te priyorite nou, nou distribye kit ijyenik, dlo ak prela pou konstwi kèk abri pou moun yo konbat lapli a. Gen yon raj ki gen pou monte w, lè w sonje lajan ki gaspiye nan leta, epi frè nou ak sè nou yo ap trimen nan kondisyon parèy.
Nou tounen lakay ak twa santiman, lakontantman dèske nou sot mete mayon pa n nan gwo chenn solidarite sa, lapèn paske nou pa konn si nou ap jwenn pou pote ankò, lè w sonje eta nou kite frè ak sè nou, e pou fini gwo laperèz paske nou pral pase Matisan, koulwa lanmò, kote leta kite moun ap mouri chak jou san se pa katastwòf natirèl. Leta kowonpi sa se pi gwo katastwòf peyi Dayiti.
Si gen pou youn, gen pou de. Se tèt kole k solisyon pèp.
Cassendy Di Aly D. Lafond