Yon Nouvo Ayiti Pou Pitit Fi Nou Yo

This post is also available in: English

Se menm ti medam sa yo ki te reprezante koulè wouj e ble nou yo bay lemond, ki bat peyi nou pa te atann nou te ka bat, ki kite tout sa ki anndan yo sou teren an jis yo vin yon sous fyète nasyonal. Men nou lage yo nan pi move fason yo ta ka kwè nou ta fè sa. 

Mwen te gen 11 lane premye fwa yo te asele m nan lari Nouyòk.

Se pa t youn nan ti gason adolesan ki te rete nan katye m ni nan katye ki te tou pre yo.

Se te yon adilt ki te rete nan apateman 2 etaj pi wo ke apateman fanmi mwen. Yon mesye paran m te konn salye chak fwa yo te wè li nan bilding lan oswa nan katye a. Yon adilt mwen te abitye avè l, e anvan jou sa, mwen pa te gen okenn rezon pou mwen te mal alèz avèk li.

Lè mwen te rakonte kouzin mwen ki pi gran pase m istwa a, li souri epi li reponn “si w pa t bèl, li pa t ap fè w sa.” Se vre, sa pa t ap dènye fwa mwen ta pral fè yon eksperyans konsa, men se te youn nan preymye leson mwen te janm aprann sou blam fanm oblije pote pou zak gason.

Mwen gen 31 lane konya e tankou pi fò fanm, mwen pote avè m plizyè eksperyans vyolans ak asèlman seksyèl. Mwen kwè ke se pou tèt sa mwen vin angoudi pandan mwen t ap li ekspoze the Guardian te fè sou akizasyon abi seksyèl ki pote sou Yves “Dadou” Jean Bart, prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, sou jèn fanm adolesan ki jwe foubòl nan sant nasyonal la. Mwen chita, mwen li fraz aprè fraz ki rakonte istwa zak seksyèl fòse, avòtman fòse, avèk sistèm silans ki te suiv sik abi sa yo. 

Se menm ti medam sa yo ki te reprezante koulè wouj e ble nou yo bay lemond, ki bat peyi nou pa te atann nou te ka bat, ki kite tout sa ki anndan yo sou teren an jis yo vin yon sous fyète nasyonal. Men nou lage yo nan pi move fason yo ta ka kwè nou ta fè sa. 

Sa ki pi mal la, de twa jou aprè rapò a, yon manifestasyon nan defans Dadou pran plas kote yo fè  jèn fanm atlèt tounen boukliye pou pwoteje abizè akize a. Medam yo kanpe avèk pankat manifestasyon nan men yo ki deklare ke akizasyon ki fèt sou Dadou yo t ap atake repitasyon pwòp tèt pa yo antan ke fanm ak jwè.

Antan ke dyaspora, gen kèk fwa kote tou de reyalite m yo kontre poutèt fòs ki panan kontwò, e gen lòt fwa mwen santi ke tou de kilti sa yo ki egzziste anndan mwen pi lwenn youn lòt ke Pasifik la ak Atlantik la. 

Men semèn sa, premye santiman an ki prezan.

Mwen suiv de prè pandan ka predatè ameriken vin tounen gwo nouvèl, non yo rete make nan lide m. Bill Cosby, Larry Nassar, Jerry Sandusk, Harvey Weinstein. Epi konya, m ap suiv menm kochma sa dewoule men fwa sa se ann Ayiti.

Kilti vyòl pa gen nasyonalite. Li pa gen paspò, li pa respekte okenn lajan. Li sal tout kilti ak tout sosyete nan lemond. Mwen suiv otan gason pote sipò pou mizik R. Kelly ke bag sipòtè Martelly fè sou atak ansyen prezidan an kont fanm.

Pandan m ap ekri sa, m ap suiv mouvman #MeToo a ki ap degringole Ozetazini pandan menm fanm ki te denonse abizè tankou Weinstein ak Donald Trump ap bati gwo defans pou pwoteje Joe Biden kont akizasyon zak seksyèl. M ap suiv fanm e gason ayisyen itilize kont sekrè sou rezo sosyo pou atake fanm ki ap itilize achtag #PaFèSilans ki te fèt pou edike moun.

Epi m ap mande tèt mwen ki kalite mond nou vle kite pou moun ki ap vini dèyè nou?

Nou nan yon moman pou nou fè fas a konsekans yo, yon moman kote chak manti nou te konn bay tèt nou pou nou ka alèz ap chape nan men nou. Yon kouzin mwen pataje vèsyon tradui rapò the Guradian lan sou Facebook, gen youn ki kòmante, “Sa tris anpil, men Ayiti pa bezwen sa konya la.”

Men nou pa kapab kontinye repete refren sa. Difikilte sa yo, konvèsasyon douloure sa yo ap ofri nou yon wout pou nou rekonèt krim sa yo, pou nou pran swen viktim yo, epi kenbe abizè yo reskonsab pou kòmanse bati yon lòt Ayiti. Sa pral pèmèt nou denonse gason ki abize fanm pou plezi yo, epi denonse yon sosyete fo konsèvatè ki itilize silans poto mitan li yo epi pasifye yo avèk de twa akolad chak 8 mas.

Moman sa ap ofri nou yon chans pou kreye yon nouvo sosyete ayisyen kote kadejakè pa gen dwa di “men madanm mwen!” lè yo wè viktim yo nan lari, yon Ayiti kote yon ti braslè yon fanm mete nan cheviy li pa lakoz pou yo imilye l, yon Ayiti kote manman ki ozetazini pa santi yo oblije chichote istwa abi pitit fi yo ap pase anba abizè ann Ayiti oswa sou katye a.

Nou kapab bati yon kilti kote fanm ki denonse gason tankou Weinstein ak Dadou sou rezo sosyo pa oblije pè resevwa yon kout fil nan men manman ak papa yo ki ap sipliye yo siprime sa yo poste a.

Mwen konprann sa m ap di a ka sonnen tankou yon kont de fe, yon rèv–yon bagay enposib nan mitan yon pakèt lòt enposibilite. Men fòk nou kenbe espwa, espwa ke Ayiti nou te eritye a, yon kilti silans ak wonte ke manman nou vin pote lòt bò dlo pa oblije menm Ayiti nou pase bay pitit fi nou yo tou.

Nou konnen Dadou yo ki nan fanmi nou yo, nan apateman kote nou rete, nan legliz nou, òganizasyon ak kominote nou yo. Nou vale ase silans ak doulè pou dire tout yon etènite. Se rèv mwen ak espwa mwen  pou nou tout ke eritaj wonte sa fini avèk nou.

Valerie Jean Charles

Valerie Jean-Charles is a Communications Strategist living in Washington, D.C. She is also an editor at Woy Magazine.

No Comments Yet

Comments are closed