Naomi Osaka: kiyès nou gen dwa rele ayisyen?

This post is also available in: English

Nan pwòp fason pa nou, jan nou toujou fè l la depi plizyè jenerasyon, nou envesti nan pitit nou. Se vre, nou pa envesti ak lajan leta, men se yon envestisman ki gen merit ki jwenn rasin li nan lanmou. 

Si ou te sou rezo sosyo sa gen 2 mwa, siman ou te wè mesaj sa k ap pase “Lafrik genyen koupdimond” tout kote. 15 sou 23 manm ekip nasyonal franse ki te bat la te soti ann Afrik ak Karayib la. Mesaj la te komik, men li te gen anpil verite ladann tou.

Avanse rive wikenn ki fèk pase a, e anpil nan nou jwenn tèt nou nan menm deba a ankò. Pandan ameriken yo kontinye ap analize e diskite jan abit la te maltrete Serena Williams pandan tounwa US Open la, ayisyen menm t ap mennen pwòp tribinal pa nou ak yon konvèsasyon osi fristran pandan match la.

Naomi Osaka, ki gen sèlman 20 lane, akonpli rèv li te genyen pou jwe e bat pwòp modèl li, ki se Serena Williams. Pandan laprès tout kote nan lemond dekri manmzèl sèlman selon rasin japonè li (Osaka se pou Asosyasyon Tenis Japon li jwe)– Osaka plizyè fwa asire ke li mansyone rasin ayisyen li yo avèk fanmi ayisyen papa li nan Long Island.

Touswit aprè viktwa Osaka a samdi ki sot pase a, anpil nan konpatriyòt ayisyen li yo te konmanse kesyone si rès dyaspora a gen dwa selebra viktwa a  tankou yon viktwa ayisyen. Moun sa yo ke selebrasyon nou te deranje yo te mande ki jan nou ka santi nou alèz pou reklame manmzèl lè se japon, e pa Ayiti, ki te ede manmzèl rive a moman sa.

Aprè Prezidan Jovenel Moise te poste sou Twitter pou eksprime felisitasyon li, e li te rele manmzèl “Notre Naomi”, kritik sa yo te vin pran plis fòs.

Manmzèl se pa pou nou li ye. Ayisyen twò alèz ap selebre yon viktwa ki pa menm pou nou.

An fas kritik sa yo, nou dwe analize ki sa sa vle di egzakteman pou yon moun ‘ayisyen’, paske li klè ke nou bliye mo Emeline Michel ki raple nou ke drapo nou se anba po nou li ye, tout kote nou ale.

Pandan 200 lane, Ayiti kanpe kòm rèv e dènye lespwa pou liberasyon moun nwa nan nouvo mond lan. Nan liv ki rele Avengers of the New World, Laurent DuBois di nenpòt moun ki ap goumen pou dwa moun se “pitit revolisyon ayisyen an” e “responsab a zansèt [ayisyen] sa yo.” Se vre, definisyon sa yon ti jan laj, men an menm tan li antre nan esans sa ki nan idantite nou kòm pèp.

Nou ka dakò, lè nou gade tèt nou, nou wè Ayiti ak Ayisyen se yon pèp ki fyè. Nou se yon pèp ki malgre plizyè gouvènman fayi nan tan lontan jis konya, nou kontinye montre volonte nou pou nou kreye destine nou nan mond sa. Soti nan mòd Stella Jean, imaj Marc Baptiste yo, rive nan jeni nou ka jwenn nan pawòl Edwidge Danticat yo, nou kontinye pwouve e pataje fòs nou nan mond lan.

Naomi, menm jan ak tout moun mwen sot mansyone yo, se nan yon anvionman ayisyen li te jwenn swen ak lanmou depi li te piti. Se menm anviwonnman sa ke nou tout konnen, ki gen tonton strik men ke nou renmen kanmenm, ak menm matant pale anpil nou yo. Sa evidan nan fason Naomi korije moun ki deside inyore yon bò nan fanmi li plizyè fwa–menm fanmi sa ki te ap selebre avèk Naomi samdi sa avèk drapo wouj e ble yo nan men yo. Nan pwòp fason pa nou, jan nou toujou fè l la depi plizyè jenerasyon, nou envesti nan pitit nou. Se vre, nou pa envesti ak lajan leta, men se yon envestisman ki gen merit ki jwenn rasin li nan lanmou.

Si nou vle inyore e rechte plas Naomi genyen lakay nou poutèt feblès gouvènman nou, menm feblès sa yo ki pouse anpil nan gran atlèt afriken yo reprezante lòt peyi tou, èske nou pare pou nou abandone Edwidge Danticat, Marc Baptiste, Dumas, Stella Jean, Jean Michel Basquiat, avèk anpil lòt ki ap fè non yo site nan lemond?

Eske nou pare pou nou fè etnisite nou tounen yon bagay ke yon moun dwe goumen pou li epi genyen tankou yon pri bòlèt? Eske nou pral konmanse fenmen baryè lakay nou menm jan ak vwazen dominiken nou yo? Eske nou pral konmanse tcheke batistè ak siyati pou asire ke “timoun deyò” sa yo paka reprezante repiblik la tou?

Oubyen  èske nou pare pou nou konprann ke toutotan Ayiti poko jwenn yon leta ki ap travay pou pitit li, anpil nan nou pral kontinye kite peyi a, epi n ap pran drapo a avèk nou, anba po nou, tout kote nou ale. E se avèk drapo sa anba po nou nou pral kontinye travay e leve defi, gwo kou piti, epi mete yo ansanm ak sa manman nou ak papa nou te fè anvan nou.

Imigrasyon se pri sa anpil peyi nwa ap peye pou leta maryonèt, dirijan egoyis avèk mank resous. Nan sa, nou pa diferan de anpil peyi atravè dyaspora afriken an. Men nou paka kite sistèm sa yo ki pa nan kontwòl nou fè nou abandone pitit nou, pitit nou tankou Naomi ki konsyan de kote yo soti e ki fè efò pou kenbe e respekte idandite yo.

Nou pi bon pase sa. Nou konn kiyès nou ye. Nou kon kote nou soti, e nou konnen kisa nou espere pou pi devan. Menm nan tan difisil tankou jodi a kote pèp la ap mobilize pou mande “Kote kòb Petrocaribe a?” nou ka jwenn ti lajwa lè youn nan nou kale youn nan pi gwo atlèt nan lemond, sa ki pral simante manmzèl nan listwa ap fè fyète zansèt japonè li yo ak zansèt ayisyen li yo, an menm tan.

 

Photo credit: cosmopolitan

Valerie Jean Charles

Valerie Jean-Charles is a Communications Strategist living in Washington, D.C. She is also an editor at Woy Magazine.

No Comments Yet

Comments are closed