Dechouke Koripsyon

Ann konmanse dechouke koripsyon, dechouke enpinite…

5,6,7 jiyè 2018 lan, yon pati nan popilasyon an ki fristre, fatige, e santi yo neglije pran lari e fè anpil dega. Moun mouri, moun blese, byen pèdi nan yon mouvman espontane men ki bay yon siyal klè. Si tout moun jwenn mesaj lan, sanble li poko rive sou Jovenel Moise ki se premye  lidè ki gen responsablite pou mennen nasyon an nan bon direksyon.

Konsiltasyon ak akouchman Jean Henry Ceant kòm premye minis montre a klè enkapasite Jovenel Moise pou jere kriz la. Anvan li twò ta, fòk moun ki wè pi lwen ke pwent nen yo bat chalbare dèyè politik mannigèt nou ap aplike depi ane 1957 yo.

Jean Henry Ceant echwe politikman, 2 fwa antan ke kandida prezidan ak 2 kanpay ki pa te reyalis, ki te plen pwomès ki chita sou demagoji. Prezante Jean Henry Ceant kòm altènativ nan mitan yon kriz sosyal e politik pa montre prezidan an tande tout moun. Konsiltasyon prezidan an fèt plis ak moun ki gen prèske menm lide ak li olye de angaje ak moun ki gen lide depaman ak li. Nominasyon Jean Henry Ceant kòm premye minis pap rezoud anyen nan kriz sosyo politik peyi a ap travèse jodi a.

5,6,7 jiyè se rezilta manti, koripsyon, eksklizyon ak mank de lidèchip. Sèlman chanjman pwofon nan sistèm sa ki la a ki ka bay rezilta. Aprè 17 mwa san opozisyon politik fò e kontwòl total nan palman, jistis, e anpil kolektivite teritoryal, prezidan an ak gouvènman li pa rive mete kanpe sou pye okenn politik serye pou pote solisyon nan vi popilasyon an ki plis sou dechoukay nan moman sa.

Soti nan dechouke makout, pase nan dechouke Jean Bertrand Aristide, desann nan dechouke René Préval, dechoukay se yon konstan nan kilti politik peyi a. Si se pa dechoukay pou n pase pou delivre peyi a, mwen 100% pou dechoukay. Mwen konnen ou ouvè atik sa a paske ou panse mwen pral defann dechoukay ak dechoukè. Men nan ki tip de dechoukay mwen kwè:

Ann kòmanse dechouke koripsyon: Jovenel Moïse ka pran yon arete prezidansyèl mande Palman an pou redwi depans yo. Nan menm arete sa a, redwi kabinè ministeryèl ki pral vini an, e mande lajistis pou pi aktiv nan rezoud ka moun ki akize nan vòlè lajan leta.

Dechouke enpinite: redwi lajan pou Palè nasyonal, Palman an, Direktè Jeneral yo ba ou plis kòb pou peye pwofesè ak anplwaye nan sistèm jistis lan. Nou pap janm gen yon peyi san yon sistèm jistis fò e endepandan, si nou envesti nan la jistis e respekte lalwa n’ap dechouke enpinite.

Dechouke eksklizyon: li pa fè sans pou se yon ti gwoup moun ki gen monopòl mache a. Boujwa Petyonvil tout koulè, blan, mawon, elatriye kontwole tout mache finans lan, biznis mwayen ak Madan Sara pa gen aksè ak kredi e sekirite sosyal. Si nou demokratize sistèm finansyè peyi a e ouvri li pou tout moun, n ap fè yon gwo pa nan batay kont eksklizyon sosyal nan peyi a.

Pale ak moun nan tout sektè pa rann mwen optimis, e espesyalman lidèchip Jovenel Moise pa enspire konfyans. Chwa Jean Henry Ceant kòm premye minis la montre mesaj 5, 6, 7 Jiyè a pa rive sou moun ki nan espas desizyon yo.

Ayiti nan yon kriz sosyal ak ekonomik e politik ki menase avni peyi a nan tout sans. Politik ekonomik enstab dènye deseni yo montre a klè nou echwe sou plizyè nivo. Nou vin pi depàn de èd, enflasyon ap vale teren, yon gran katite jèn ak pwofesyonèl peyi a fòme oblije kite peyi a e anpil jèn ki fòme lòt kote pa la entegre sistèm administratif Ayisyen an ki plis baze sou militans ak zanmitay pase konpetans.

Moun ki santi li pa gen anyen pou pèdi pi danje pase yon zam nikleyè. Ensilte moun yo ak gwo Machin, gwo kay ak lajan taks popilasyon se youn nan pi gwo krim klas politik lan fè peyi a ak konplisite dirèk yon majorite nan sektè prive a.

Ayiti se tankou yon moun ki boule nan tout kò l. Pou ou mete oksijèn pou sove li, fòk ou manyen l yon kote e pandan w’ap manyen li a ou ka pèdi yon pye, yon ponyèt, men ou oblije manyen li yon kote pou sove lavi li. Travay la pap fasil, men li nesesè.

Nou bezwen nouvo lidè. Nou bezwen yon nouvo pwojè. Si se pa dechoukay pou nou pase pou bati yon nouvo Ayiti ki pou tout Ayisyen San fòs kote, mete prezan pou mwen nan pwochen dechoukay yo.

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed