Ewo nou kreye yo: jan nou fè moun tounen lejann

This post is also available in: English

Wi se vre yo te fè bagay ki ekstraòdinè, men sa pa vle di ke yo menm yo te moun ki te toujou ekstraòdinè.

Chwazi nenpòt ki peyi sou yon kat epi repase istwa yo, ou gen pou jwenn yon pil ewo nasyonal. Si w ta chita pale ak yon moun e konvèsasyon an ta vire nan koze pèsonèl w ap dekouvri ke yo menm tou gen ewo pèsonèl pa yo. Admirasyon moun ki fè gwo bagay se yon bagay ki konstan. Lè yon moun fè yon eksplwa li resevwa rekonesans ak lwanj ki konn menm kontinye apre lanmò yo.

Nou se bèt sosyal, sa fè nou toujou ap gade lòt sa ki bò kote nou e nou toujou ap echanje avè yo. Lòt moun ba nou enfòmasyon sou kiyès nou ye kòm moun e kòm gwoup. Lè w gade moun yon sosyete chwazi voye monte, nou ka aprann kisa sosyete sa konsidere admirab, ki evennman ak eksplwa ki merite sonje, e ki abitid ak prensip ki merite pase bay lòt jenerasyon ki vini apre yo.

Ayiti pa yon eksepsyon. Ak moun tankou Desalin, Tousen, Kristòf, Sanite Bèlè elatriye, nou gen kont ewo pa nou, e nou ta ka ekri sou eksplwa yo pa pil ak pakèt. Avèk rezon tou, paske sa moun sa yo te akonpli se bagay ki te chanje lemond. Aksyon fanm ak gason vanyan sa yo kreye premye nasyon nèg ak nègès lib nan nouvo mond lan. Se pa t yon bagay ki t ale nan sans mond lan t ap fonksyone an menm. Rezilta aksyon moun sila yo te depase imajinasyon mond lan nan tan sa, li te kreye yon bagay moun pa t panse ki te ka fèt. Se pou rezon sa ki fè nou menm kòm nasyon mete yo sou pi gwo pyedestal.

Pwoblèm ki genyen ak moun nou mete sou pyedestal se ke li anpeche nou wè jan moun sa yo sanble ak nou. Moun sa yo bon anpil pou ede nou bay tèt nou estanda nou vle eseye rive jwenn, men li difisil pou nou rive fè menm jan ak yo. Nou deja pa menm ka rive nan pwòp estanda pa nou kòm senp sitwayen, donk kijan pou nou fè rive nan pa ewo nou? Nan ka sa, gen moun ki ta gen dwa mande kisa ewo sa yo itil apre fè nou sonje tout jan nou pa regle anyen lè nou konpare tèt nou avèk yo. Moun ki pi pesimis ta ka menm di moun nou konsidere tankou ewo yo pa t bon jan nou panse a, e yo pa menm merite nou adore yo jan n ap fè l la. Gwo kesyon sa yo ta ka fè nou jis deside zafè ewo sa a se twòp pwoblèm nou chèche bay tèt nou e yo pa itil nou anyen. Men konsa tou li ta ka fè nou chita reflechi pi plis sou kiyès ewo nou yo ye e kijan nou rakonte istwa yo.

Yon sosyològ ki rele Zeynep Tufekci ekri yon papye ki eseye analize kisa k fè jan seri Game of Thrones fini an bay fanatik yo pwoblèm konsa. Nan papye sa, li analize metòd seri a te itilize pou rakonte istwa, e li sitou gade ki jan yo rakonte istwa ak narasyon psikolojik oubyen sosyolojik. Jan li esplike l la, istwa ak narasyon psikolojik yo se istwa nou tout konnen yo. Se mòd istwa kote gen yon moun ki gen yon konfli l ap eseye rezoud, e anpil fwa se gras ak pwòp aksyon pa li li rive jwenn solisyon an. Se istwa sa yo n ap tande depi nou piti, se yo ki nan woman nou li, nan fim ak seri nou gade, e se yo menm tou nou rakonte. Istwa ak narasyon sosyolojik yo yo menm gen yon vizyon ki pi global sou bagay k ap pase yo. Narasyon sosyolojik la pa gade pèspektiv yon grenn moun sèlman, e sa fè li vin pi fasil pou nou konprann jan plizyè faktè ka lakòz yon sitiyasyon. Sa vin fè tou li fasil pou nou gade ki motivasyon ki dèyè aksyon yon moun.

Lè nou gade jan moun aji, nou gen yon mòd gade tout bagay an nwa ou blan. Nou gen anpil fòs kote lè n ap jije aksyon pwòp tèt nou ak aksyon lòt moun. Lè se nou menm oubyen moun nou renmen nou rive konprann san pwoblèm ki jan sikonstans ka afekte jan nou aji, men lè se lòt moun nou pa gen tout konsiderasyon sa pou yo.

Si yon moun pase devan m pandan m ap kanpe nan yon liy moun, pou mwen, sa se yon sanzave ki san respè pou moun– jan l aji a se konsa m wè l. Men si yon moun pa m, oubyen mwen menm, ta fè yon bagay konsa ou gentan konnen m ap jwenn yon esplikasyon pou konpòtman sa. Jis paske mwen menm oubyen moun mwen ka fè de vye bagay yon fwa konsa sa pa vle di nou se move moun pou sa. Fòk nou gade bagay yo nan kontèks yo. “M pa gen dwa prese? Sa k genyen ?!” Sa ki pou di w ke pa t gen yon bagay ijan pou moun lan t al fè ki fè li pa t ka rete pèdi tan? Lè nou gen konsyans de fòs kote sa yo, e mete sou li lè nou konprann kijan mòd narasyon sa yo mache, sa pèmèt nou konsidere lòt faktè ki pa sèlman kalite moun yon moun ye lè n ap gade aksyon l.

Kote sa vin enteresan se lè nou eseye aplike menm lojik sa a ak moun nou konsidere tankou ewo. Ou ka panse li pa itil pou pran moun tout moun konsidere tankou ewo epi fè yo desann nan nivo nou kòm senp sitwayen, men se yon bagay ki gen enpòtans li. Wi se vre, yo te fè bagay ki ekstraòdinè, men sa pa vle di ke yo menm yo te moun ki te toujou ekstraòdinè. Yo te gen menm emosyon avèk nou, menm santiman, yo te pè menm jan avèk nou tou. Yo te sibi presyon anviwonnman yo menm jan avèk nou, e anpil fwa se degaje yo te konn degaje yo pou eseye pran pi bon desizyon yo te ka pran nan sitiyasyon yo te ye a.

Lè nou gade tout bagay sa yo, epi mete sou li avantaj nou genyen pou n gade listwa epi tire leson, nou rann nou kont ke ewo nou yo pa t pi bon pase nou. Lè nou gade pwoblèm n ap jere la jounen jodi a, li fasil pou nou dekouraje e di tèt nou se yon zak ekstraòdinè sèlman ki ka retire nou nan sa nou ye a. Men zak ewoyik sa a yo pa te rete konsa epi yo fèt sanzatann. E anpil fwa, yo pa menm sanble sa sou premye gade. Se anpil ti aksyon òdinè, moun òdinè k ap eseye degaje yo jan yo kapab pou yo fè pi bon bagay yo ka fè nan sitiyasyon yo ye a. Sa vle di nou pa bezwen chita tann pou yon ewo vin sove nou paske lè nou gade byen, ewo nou wè yo se sa nou menm ki fè yo. 

Photo by Paul Clammer
Ian Rolf

Ian Rolf

Sir WellActually @ian_rolf

No Comments Yet

Comments are closed