Jwenn Ki Wòl Mwen Ka Jwe Nan Devlòpman Ayiti Antan Ke Dyaspora

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Pandan ke mwen chita bò lanmè a, mwen ap tande bri vag yo sou sab la. Mwen anvi rele, kouri nan lanmè a epi naje jis mwen pa kapab ankò. Men olye mwen fè sa, mwen annit chita pandan dlo ap koule desann sou jou mwen. M’ ap panse epi repanse a menm sèn lan nan tèt mwen. Eske nèg la vreman rele mwen yon ti gason “little boy”? Eske mwen vreman bay li yon kout pwen nan gagann? Mwen pat menm eseye kenbe emosyon mwen.  

Pita, lè zanmi mwen yo mande m’ poukisa mwen te an kòlè konsa, mwen reponn yo ke mwen pa t’ ap kite yon blan vin derespekte mwen nan pwòp peyi m’. Fòk mwen di ke mwen pa te vreman an kòlè kont ajan Peace Corps la ki te sou, e ki te eseye mete mwen nan plas mwen. Mwen te fache kont tèt mwen. Mwen t’ap prepare mwen pou m’ kite Ayiti ankò, e fwa sa a se te desizyon pa mwen. Mwen te desann Jakmèl pou mwen te ka fete dènye week-end mwen Ayiti. Nan kèk jou mwen t’a pral Boston apre sèlman 4 mwa mwen fin viv Ayiti.  

Lè mwen te gen douz lane, manman mwen te pran desizyon al abite Etazini. Mwen te toujou sèmante ke mwen tap tounen Ayiti sou premye lokazyon ke mwen jwenn e se sa mwen te fè. Apre gradiyasyon mwen mwen aksepte yon travay kòm konsiltan pou kontwòl nan yon konpayi manifakti (mwen p’ap janm ka rele li faktori). Se te premye vre travay ke mwen te jwenn an Ayiti e yo t’ap peye mwen byen kidonk mwen aksepte. Apre yon tan, mwen vin enkonfòtab ak travay la e mwen pa te ka jwenn yon pi bon. Petèt ke mwen te manke pasyans oubyen twò egzijan, men mwen deside tounen Etazini epi kòmanse etidye ledikasyon. Mwen te konnen se te pi bon desizyon pou mwen, men mwen te santi mwen mal; ,wen t’ap trayi Ayiti, mwen t’ap trayi rèv mwen.

Epi se konsa blan sa a vini li di mwen: “ou pale anglè byen wi ti gason. little boy” Mwen reyaji ak anpil vyolans e mwen mande li pou li mande mwen padon, e li te fè sa. Menm nan moman sa a, tout sèn sa a pa te gen okenn sans. Mwen te yon dyaspora ki te ap prepare li pou li kite peyi a yon dezyèm fwa e ki agrese yon volontè fòs lapè paske mwen te santi ke fòk mwen defann lonè Ayisyen.

* * *

Mwen resevwa apèl la pandan ke mwen fin lave machin mwen.

“ Eske ou tande sa ki pase?”

“Non, mwen pa konnen anyen.”

“Eske ou pre yon televizyon? Gen yon gwo tranbleman de tè ki pase Ayiti, jiska kounya nou pa gen twòp enfòmasyon paske tout kominikasyon koupe men imaj ke mwen wè yo pa bon menm. Mwen te ap panse a ou e mwen te vle konnen si ou anfòm.”

Li pa te vreman afekte mwen jiskaske mwen wè imaj yo ak 2 je pa mwen. Epi emosyon yo tounen, koupab, lawonte ak raj. Se tankou mwen te nan lanmè a ankò. Mwen pase semèn apre yo nan youn nan pi gwo moman chagren nan vi mwen. Tankou anpil lòt, mwen fè anpil bagay pou fè mwen kwè ke mwen te ap ede. Mwen te volontè, mwen vizite zanmi ak fanmi. Sa ki pi enpòtan an, mwen pase anpil tan an Ayiti.

Fwa sa a, mwen te deside apwoche bagay yo yon lòt jan. Mwen te gentan etabli mwen Boston kidonk mwen pat ka leve pati konsa. Mwen deside ke a pati Twitter ak yon blog mwen t’ap etabli yon prezans ann Ayiti sou entènèt la. Apre goudou goudou, te gen anpil diskisyon sou rekonstriksyon Ayiti. Se te yon tan eksitan. Eleksyon t’ap fèt nan peyi a lè sa, Jean Claude Duvalier ak tout Jean Bertrand Aristide te retounen nan peyi a. Eleksyon ki t’ap fèt yo te enpòtan anpil. Mwen te vle patisipe tou, mwen te vle ofri tan mwen a yon kanpay, men mwen apt kapab. Se poutèt sa, mwen itilize zouti ki te disponib a mwen. Men mwen pat konnen ke mwen t’ap oblije defann dwa’m pou’m pale antan ke Ayisyen.  

Lè mwen fenk kòmanse yon kominote sou entènèt la sou Ayiti tout bagay t’ap byen mache. Mwen pa te pran anpil tan pou mwen konekte ak moun ki gen menm enterè ak mwen sou twitter, epi blog mwen an te atire plis moun ke mwen te panse. Mwen te rantre nan anpil deba sou prezan, avni ak pase Ayiti. Mwen te santi mwen pi konekte ak Ayiti ke mwen te janm ye nan tout vi’m. Pandan ke moun (m’ap pale de Ayisyen ki viv ann Ayiti) vin aprann ke mwen viv Boston, mwen kòmanse santi yon wonwonnen. Mwen te panse ke se te dwa mwen antan ke sitwayen Ayisyen pou mwen te pale kont sa ki pa mache byen nan peyi a. Men, anpil nan Ayisyen ki ap viv nan peyi a te kòmanse voye rejte komantè ak atik mwen yo paske mwen se yon moun ki ap viv andeyò peyi.  . Pou mwen sa te vin leve yon seri kesyon, prensipalman, ki moun ki gen dwa kritike Ayiti?

Nan kòmansman an mwen te santi yon nesesite pou mwen defann dwa mwen pou mwen pale de Ayiti. Mwen te vle di ke mwen vizite Ayiti osi souvan ke mwen kapab e ke mwen pase yon bon moman ap fè rechèch sou listwa peyi a, ke mwen se yon sitwayen ayisyen. Men mwen pa fè sa. Mwen pa te konprann poukisa mwen te oblije fè sa. E jan nou ka imajine li, mwen sispann ekri atik sou entènèt la, epi mwen pran desizyon pou mwen pa rantre nan okenn konvèsasyon politik sou Ayiti. Gen anpil faktè ki fè wmen te pran desizyon sa a men youn nan yo se te ke mwen pa te santi nesesite pou mwen defann nan ki pwen mwen Ayisyen devan lòt Ayisyen.

Pandan yon peryòd repons mwen pa rapò a tout sa te etone mwen. Mwen vin panse ke fòk mwen sispann angaje mwen nan batay sa yo paske laj mennen sajès. Men tank mwen reflechi a poz ke mwen fè a se tank mwen rann mwen kont ke sa pa te gen pou wè ak laj. Mwen toujou gen menm angouman ki te fè mwen kouri dèyè mesye fòs lapè a. Mwen reyalize ke mwen gade tèt mwen menm jan ak Ayisyen ki ap viv nan peyi a. Mwen vin kòmanse panse ke pou ou se yon vre Ayisyen fòk ou viv nan peyi a. Se yon lide ki estipid. Nou chak gen yon jan diferan nou wè bagay yo ki chita sou eksperyans ke nou fè e ki otantik nan jan pa yo.

Chak Ayisyen, dyaspora kou moun bò lakay, dwe kontribye otan yo kapab. Sa ka vle di travay sou pwoblèm ki afekte Ayisyen Ozetazini, oubyen fè presyon sou ofisyèl nan leta pou pase lejislasyon ki ka benefisye Ayisyen. An menm tan tou, sa ka vle di senpleman voye lajan ba yon zanmi ann Ayiti, ou byen al pase pwochen vakans ou Jakmèl oubyen on lòt kote an Ayiti. Sa pa ve di ke se sèlman Ayisyen ki rete ann Ayiti yo ki ka fè yon diferans nan devlòpman Ayiti, ou byen ki ka denonse yon bagay lè li pa bon.

Mwen pa bay lide tounen Ayiti a vag. Ou wè, Ayiti se istwa damou mwen, istwa sa ki ale. Mwen rayi ke mwen paka avè li jan mwen ta renmen an, men jan yo di a nan koze relasyon tan se tout bagay.

 

 

Reginald Toussaint

Reginald Toussaint was born in Port Au Prince, Haiti. He immigrated to the United States as a teenager and spent the rest of his adolescence in Mattapan, the mostly Haitian section of Boston. He is an educator and has worked as a teacher and administrator in the Boston Public Schools for over 10 years. He has blogged about Haiti and is an occasional contributor to the Boston Haitian Reporter opinion page.

No Comments Yet

Comments are closed