This post is also available in: English
Istwa sa a ekri ak sipò pwogram Round Earth Media nan International Women’s Media Foundation an patenarya ak Woy Magazine.
Pòtoprens, Ayiti – Ane pase, bandi brake zam sou Andre Samedi aprè li sot chèche machin li nan ladwàn. Agresè yo kanpe mesye 43 lane a epi yo ale ak li. Sa pase nan zòn Kanaran, yon ti vil ki nan lizyè Pòtoprens, kapital peyi Ayiti. Yo finalman deside lage li men yo ale ak machin Nissan Pathfinder 2003 li a.
« Depi jou sa a, mwen pè. », se deklarasyon Andre Samedi, ki se mèt yon konpayi ki espsyalize nan antre ak vann materyèl elektwonik an Ayiti. « Mwen paka sòti souvan epi mwen fè sa sof si mwen gen ijans ». Li kontinye pou l di : « Lè mwen sòti, kè m bat fò anpil epi mwen strese. Eksperyans lan twomatize m ».
Andre Samedi se youn pami plizyè milye Ayisyen ki aplike pou nouvo pwogram imigrasyon Ameriken Prezidan Joe Biden anonse nan kòmansman mwa Janvye 2023 a. Pwogram sa ki rele sejou kondisyonèl imanitè pèmèt Ayisyen, Kiben, Venezwelyen ak Nikaragweyen aplike pou yo al viv Etazini pandan 2 lane.
Men, malgre tout popilarite pwogram lan genyen, li montre jan li difisil pou anpil Ayisyen gen aksè ak li. Anpil moun plenyen pwoblèm limit lang lan, tchalenj teknoloji a ak obstak lajan an. Anpil nan yo di pwosesis pou jwenn dokiman yo mande pou pwogram lan bay tèt fè mal e menm kreye laperèz poutèt vyolans ki konn eklate nan sant pou al pran paspò yo.
Yon espiral lanfè
Ayisyen ap kite peyi a pa pil e pa makòn nan moman « ensekirite san parèy sa » pou n reprann pawòl youn nan fonksyonè Nasyonzini yo. Depi plizyè ane, bandi ak zam ki ap goumen pou gen kontwòl plizyè katye nan Pòtoprens, itilize kidnapin ak vyòl kòm metòd pou etabli dominasyon yo. Vyolans lan parèt nan yon peryòd kote peyi a nan yon enpas politik ant premye minis Etazini ap sipòte a, Ariel Henry, ak moun ki opoze ak li yo ki konteste lejitimite li. Yon batay ki rive tèlman lwen, Etazini mande pou voye yon « fòs espesyalize » entènasyonal pou eseye rezoud li.
Sitiyasyon vyolans lan, rès dega gwo tranbleman tè 2010 la ak lòt tranbleman tè ki te pase an 2021 an, gen anpil konsekans ekonomik sou peyi a. Daprè Pwogram Alimantè Mondyal Nasyonizi an, 4.9 milyon Ayisyen, kidonk preske mwatye popilisyon an, pa manje ase. Ajans Nasyonizi pou timoun, UNICEF, konstate nan dènye moman sa yo, plis pase 100 000 timoun riske mouri grangou.
Anpil Ayisyen oblije kite kay yo. Ant mwa jen ak mwa Dawout 2022, anviwon 113 000 moun te oblije deplase anndan peyi a, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon.
Depi lè Etazini anonse sejou kondisyonèl pou rezon imanitè a nan mwa janvye a, o mwen 39 000 Ayisyen apwouve pou pwogram sa popilasyon an bay ti non « Pwogram Biden ». Pwogram sila te mete sou pye deja pou Afgan ak Ikrenyen yo. Li bay moun ki imigran yo yon estati legal tanporè men li pa bay okenn wout pou vin sitwayen nan peyi Etazini. Ou bezwen yon moun ki abite Etazini pou vin esponnsò w.
Yo prezante pwogram sejou kondisyonèl pou rezon imanitè a tankou yon altènativ pou moun ki vle mande azil sou fwontyè a. Anpil Ayisyen te tante fè sa dènye ane sa yo, men sa pa t mache.
Depi kòmansman pandemi Kowona a, Etazini depòte yon pil ak yon pakèt Ayisyen ak lòt moun ki migran, ki te travèse fwontyè Meksik la pou eseye mande azil san pwosedi regilye sou baz Tit 42 a. Se yon pwosedi ki fè polemik paske li bay dwa pou fè depòtasyon rapid sou baz pwoblèm sante piblik. Politik sila ekspire nan mwa Me a, men administrasyon Biden lan fenk pibliye nouvo règ ki pou ranplase li.
Ak nouvo restriksyon sa yo, moun ki ap mande azil ki travèse yon peyi pou rive sou fwontyè Etazini ak Meksik la san li pa te fè demand azil la anvan, y ap voye li tounen e li p ap ka mande azil Etazini pandan 5 lane. Sèl yon timoun ki poukont li ak moun ki nan yon sitiyasyon danje ki ka afekte l tousuit ap epanye. Moun ki ap defann dwa pou moun ki migran yo estime mezi sa yo anpeche moun gen dwa pou mande azil sou fwontyè a, sa ki fè plizyè milye potansyèl moun ki ap chache azil pa elijib.
Barikad pou moun kite peyi a
Ayisyen ki ranpli kondisyon yo mande pou benefisye pwogram sejou kondisyonèl pou rezon imanitè yo ka ale Etazini pa fwontyè a oubyen pa avyon. Men anpil nan yo ki rive ale di pwosesis pou aplike a dekourajan.
Premye difikilte a se jwenn yon esponnsò. Pwogram lan egzije pou esponnsò a sitwayen ameriken, gen rezidans pèmanan legal oubyen benefisye yon estati pwoteksyon tanporè (TPS) epi bay prèv lajan y ap touche. Li pa nesesè pou esponnsò a nan fanmi moun ki ap mande rantre nan pwogram lan.
Magalie Delmas di egzijans yo fè yo anpeche l aplike pou Pwogram Biden lan. An 2018, li te deside kite peyi a pou li ale Chili kote frè li te deja ap viv. Men plis pase 3 ane aprè, Magalie, sè l, bò frè li ak kèk lòt zanmi li te deside fè vwayaj Chili pou rive sou fwontyè Etazini ak Meksik la. Lè yo rive, yo depòte yo Ayiti.
Magalie tounen viv ak manman li nan vil kote li fèt la, Tomasik, yon minisipalite andeyò ki pa lwen fwontyè Ayiti ak Sen Domeng lan. Li gen pwojè fè yon zanmi oubyen yon frè li ki Etazini aplike pou li nan sejou kondisyonèl pou rezon imanitè a. Men li rann li kont yo paka aplike pou li a kòz egzijans sou salè a.
Kòmansman mwa Me a, li tounen Chili. « Mwen rive sa gen 2 semèn m ap viv ak sè mwen. Isit la, travay rekòlte fwi a kòmanse an Janvye, alòs pandan tan sa, mwen pral vann rad pou m ka fè yon ti lajan » se sa Madan Delmas esplike nou.
Jwenn bon jan enfòmasyon sou Pwogram Biden lan pami tout sa k ap di sou entènèt la ak sa teledyòl ap rapòte yo se yon gwo difikilte.
Jeanine Petigny, yon pwofesè ki ap viv Nouyòk e ki pran retrèt li, te gen enkyetid lè li te tande pale de nouvo pwogram sejou kondisyonèl pou rezon imanitè a. Li deklare : « Mwen te panse se te yon magouy. »
Madan Petigny chèche bon jan enfòmasyon sou pwosesis lan sou paj Haitian Ladies Network, yon paj medya sosyal Ayisyen ki popilè kote fanm Ayisyen pataje resous, nouvèl e menm foto komik. An Janvye, lè li fin kwè nan pwosedi a, li depoze yon demand pou pitit gason kouzen li, yon jèn ki nan trantèn li l ap sipòte finansyèman depi kèk ane.
“M ap kenbe espwa” Madan Petigny deklare pandan l ap tann toujou pou konnen si yo aksepte demand li an. “Mwen pa janm sispann verifye bwat mesaj elektwonik mwen nan lespwa m ap jwenn yon repons pozitif.”
Petigny te gen chans kapab jere pwosesis demand lan, men sa pa fasil konsa pou tout moun. Pwosesis la mande pou w gen aksè ak yon bwat mesajri elektwonik, yon telefòn pòtab ki gen yon koneksyon entènèt estab. Menm si pi fò Ayisyen gen yon telefòn pòtab, yo dwe gen aksè ak yon aplikasyon an liy ki disponib an Fransè, Anglè ak Espanyòl. Sa ki vin yon pwoblèm aksè pou Ayisyen ki pale Kreyòl, lang ki plis pale nan peyi a.
Aktivis k ap defann dwa pou moun ki imigre yo mete aksan sou jan teknoloji yo itilize pou rekonèt figi moun nan pwosesis la diskriminatwa. Moun ki ap aplike yo dwe telechaje foto yo pou yo ka jwenn yon randevou, men gen rapò ki fèt ki di pwogram lan pa anrejistre ak fasilite po moun ki fonse yo, sa ki fè telechaje imaj yo enposib.
Men nan tout obstak kanditati nan pwogram lan, jwenn paspò a se pi gwo defi a. Pandan Venezwela, yon lòt peyi ki elijib nan pwogram lan, pwolonje dat ekspirasyon paspò li yo pou pèmèt moun yo vwayaje – ekonomi tan ak lajan pou moun k ap fè demand yo- Ayiti sou bò pa li, louvri plis sant pou fè demand paspò, yo kreye 16 lòt sant pami yo nan 3 estad.
Men mezi ki te mete an plas yo pa t sifi pou fè livrezon rapid ak nan lòd. E liy men longè ak kèk mouvman vyolans te anpeche bon fonksyònman pwosesis jwenn paspò a.
Nan mwa Mas la, Ofis Pwoteksyon Sitwayen ann Ayiti a, yon òganism endepandan gouvènman ki gen pou responsabilte siveye abi, pibliye yon deklarasyon pou deplore goumen ak lanmò ki rive nan sant pou bay paspò yo – sa anpil moun mete sou do lapolis nasyonal la- epi mande yon ankèt.
Sarah Mathieu, yon jèn fanm 27 lane ki ap travay pou yon òganizasyon non gouvènmantal entènasyonal, konstate dezòd sa ak 2 grenn je li. Li rakonte pandan li t ap eseye renouvle paspò li nan yon sant imigrasyon nan Pòtoprens lan, te tèlman gen moun sa te raple l epòk kanaval.
“Kèk moun t ap monte pòtay la.” li di. “Gen lòt moun ki t ap peye pou yo ka pase nan baryè a. se te yon veritab kalvè – yon goumen ki ka lakòz ou mouri paske anpil moun t ap pouse youn lòt. Lapolis t ap frape moun, tire anlè epi itilize gaz lakrimojèn pou gaye foul la.”
Ofis Pwoteksyon sitwayen an kritike tou “ mank aksè ak efikasite” pwosedi livrezon paspò yo ki daprè li louvri pòt “pou tout kalite eksplwatasyon, rakèt ak chantaj”. Li rekonèt tou, polisye ak fonksyonè ki responsab livre paspò yo fè moun yo peye plis pase pri ofisyèl paspò yo.
An reyalite, anpil moun konfime li vrèman pa fasil pou yo jwenn dokiman yo.
Fritznerson Dely ki gen 26 lane, ki se yon fotograf e yon asistan nan yon lekòl, depoze demand Pwogram Biden li depi 1e Fevriye. Li ap viv Gonayiv, yon vil ki a 148 km direksyon nò lè w ap kite Pòtoprens, kote li te oblije vini pou li ka jwenn paspò l paske sa pa t mache pou li Gonayiv kòz magouyè ak liy men longè te rann sa enposib.
“ Mwen Pòtoprens depi plizyè semènn pou m eseye jwenn paspò m men tout sa ki gen pou wè ak dokiman vwayaj vin tèlman chè” Mesye Dely ap esplike nou.
An gwo, li depanse pou piti 198 dola Ameriken ki vo 30 500 Goud pou li ka jwenn batistè li, yon sètifika bòn vi ak mès ak yon kanè vaksinasyon pou li ka fè yon demand “Biden”. Fritznerson touche 100 dola Ameriken pa mwa pou yon djòb asistan nan yon lekòl. Li konplete salè li nan fè kèk travay fotograf endepandan, lè sa bon li ka fè anviwon 600 dola Ameriken pa mwa.
Pou jèn moun tankou Dely, pri sa yo wo anpil. Men li toujou detèmine pou li pati a kòz mank opòtinite ak ensekirite a.
Lyen ant pase ak prezan an
Istwa Etazini ak Ayiti long epi chaje twoub, daprè ekspè yo, sa gen konsekans nan sitiyasyon peyi a twouve l jodi a. Lame Ameriken te anvayi Ayiti – sèl kote revòlt esklav yo te reyisi nan mond lan – an 1915 e yo te okipe peyi a jouk rive 1934. Sa ki te pwodui yon revolisyon ki te tiye 15 000 Ayisyen pandan lokipasyon an. Nan lane 1957, Etazini te soutni eleksyon Francois Duvalier, yon diktatè sanginè ki te dirije peyi a jouk rive nan lane 1971. Menm jan yo te soutni eleksyon pitit gason li a, Jean-Claude Duvalier, ki reprann menm entolerans papa li te genyen pou opozisyon an. Li te dirije peyi a an bout di jouk rive an 1986. Etazini entèvni nan eleksyon ak koudeta plizyè lòt prezidan aprè yo.
Yo te toujou ap depòte Ayisyen ki soti nan peyi Etazini, menm lè peyi a t ap travèse yon peryòd ki patikilyèman difisil. Nan kòmansman ane 1990 yo, anvan lagè kont teyoris Etazini t ap mennen an, yo te itilize prizon militè Ameriken ki rele Gwanntanamo nan peyi Kiba pou mete 40 000 Ayisyen ki t ap chache azil. Yo te tante fui sou lanmè aprè koudeta lame Ayiti a kont premye prezidan eli demokratikman, Jean Bertrand Aristide. Kèk moun ki te enplike nan koudeta sa, ki te make kòmansman yon peryòd vyolasyon dwa moun e ki te fè militè Ameriken debake isit la, te fòme nan peyi Etazini e te sou pewòl CIA.
An Septanm 2021, plizyè milye Ayisyen ki t ap eseye chache azil te rasanble anba pon Dèl Riyo a, nan vil Tekzas, apre yo fin franchi fwontyè a. Avan yo depòte yo, ajan ki fè patwouy sou fwontyè Ameriken an te kouri dèyè yo, mete yo pil sou pil epi menase plizyè nan yo, sa nou te ka wè sou plizyè imaj ki t ap sikile. Depòtasyon yo te fè anvwaye espesyal Etazini ann Ayiti, Daniel Foote, demisyone nan pòs li. Nan lèt demisyon li an, li kalifye depòtasyon administrasyon Biden ap fè sou Ayisyen yo “san mounite” ak “kont pwodiktif” epi li mete aksan sou konsekans “katastwofik” entèvansyon ki pa sot nan peyi a.
Poutan, anpil Ayisyen jwenn mwayen rete Etazini, genyen se gras a estati pwoteksyon tanporè yo te bay aprè tranbleman tè 2010 la, e gen lòt se gras a menm pwogram sa yo te lanse ankò ak nouvo vag vyolans n ap sibi a. Jodi a, Etazini gen plis pase yon milyon Ayisyen ki sitou ap viv Nouyòk, Florida, Nou Djèze, Pennsilvanya ak Boston.
Samedi al jwenn yo jou ki te 22 Mas la aprè li fin benefisye pwogram sejou kondisyonèl pou rezon imanitè a ki kòmanse nan mwa Janvye a. Frè li akeyi l, se li ki te esponnsò aplikasyon li a. E li gen larekonesans pou nouvo santiman sekirite sa.
“Mwen kontan rive Etazini paske mwen chaje fanmi ki te pati e ki pa t ka tounen vin rann mwen vizit anvan sa poutèt pwoblèm lakay yo”
“Mwen kontan tou paske isit la gen opòtinite ki ka ban m chans pou m reyisi epi akonpli yon bagay enpòtan. An menm tan, mwen gen lenpresyon mwen an reta paske lavi isit la diferan nèt de lavi Ayiti… Mwen rankontre moun ki konstui lavi yo isit la pandan 10 a 20 lane. Mwen gen 43 lane, kidonk mwen gen lenpresyon mwen an reta.”
Imaj: YVES OSNER DORVIL / IWMF