This post is also available in: English
Kit ou pou oubyen kont, sa pa enpòtan paske sistèm kapitalis la depase 2 faz sa yo, depi w egziste sa deja kapitalis.
ALAIN MARTIN
Pa lontan anvan m t ap ekri atik sa a, sou Twitter nou dekouvri ak sipriz Ayiti fè pati dènye fim a siksè Disney la ki rele Wakanda Forever. Youn nan sèn enpòtan nan entrig fim lan pase Okap, ansyen kapital Ayiti a. Yon lòt sèn ankò montre youn nan pèsonaj yo ki pa sèlman yon pilye nan fim lan men yon moun ki pral enfliyan nan faz 5 gwo manman fim Marvel la ki chita sou pwòp ti komik li yo. Pèsonaj nan fim lan rele Toussaint, yon omaj a Toussaint L’Ouverture yon figi anblematik revolisyon Ayisyen an. Revelasyon sipriz sa a te pote anpil eksitasyon sou medya sosyal yo, ak Ayisyen ki te kontan anpil wè peyi yo a ki ap viv anpil twoub nan youn nan fim ki gen plis siksè e moun t ap tann plis nan deseni sa a. Se eksitasyon sa ak selebrasyon sa ki fè m panse ak otè sa a ki te rele Mark Fisher ak konsèp li sou reyalism kapitalis la, ki vin plis enfliyan. Si nou konsidere Ayiti parèt nan Wakanda Forever a nan kontèks reyalism kapitalis Fisher la, nou ka rann nou kont pa gen anyen vrèman pou selebre paske yo mete, premye repiblik Nwa endepandan nan mond oksidantal la nan yon fim sipè ewo Hollywood.
Reyalism kapitalis Fisher la pa yon kritik sistèm kapitalis la men yon rapèl tris sou jan nou pa dwe konsidere sistèm kapitalis la tankou yon senp sistèm ekonomik. Kounye a li se yon eta sikolojik, yon fason moun viv ki ankre nan nou. Kit ou pou oubyen kont, sa pa enpòtan paske sistèm kapitalis la depase 2 faz sa yo, depi w egziste sa deja kapitalis. Paske sistèm kapitalis la rive evolye pou ateri menm nan pwendvi pi gwo opozan li yo. Nan lòt mo, sistèm kapitalis la ka ofri w pandan l ap jenere pwofi, menm sa li te toujou entèdi w la. Yon konpanyon pou solitid moun santi nan evolisyon lavi moun sou entènèt; yon sans ak yon objektif nan yon sosyete ki ap vin pi layik. Manifestasyon fèt sou Facebook, se te ka Okipe Wall Street la, e se Twitter ki te fasilite mouvman entènasyonal la Black Lives Matter. Se yon sistèm ki ekipe ak yon asenal solisyon ki pare pou reponn a chak bezwen, menm si se bezwen pou pesimis fas a sistèm lan.
Eritaj Che Guevara a se pi bon ekzanp lan. Guevara ki se yon opozan solid kapitalis la, tounen yon anblèm sou mayo ki ap vann tout kote nan mond lan. Byen si, mayo sa yo pwodui an mas nan de faktori e pwofi yo al jwenn yon ti gwoup. Yon lòt egzanp ankò Fisher bay li menm se yon lòt fim siksè Disney ki rele Wall-E. Fim sa a kanpe tèt li kòm yon kritik pou denonse kòporatizasyon lavi ki poutan te reyalize pa yon gwo antrepriz ki fè milyon dola ak fim sa.
Fisher raple nou nan sistèm sa a, gen yon bagay kit se yon liv oubyen yon fim oubyen edikasyon sekondè, li gen enpòtans li sèlman si li pote lajan. Menm sans vèti, valè, moralite yon moun ka kondisyone pou li ka konsome l pou konfò li. Nan sans sa, yon kritik kapitalis se yon ekstansyon menm sistèm l ap kritike a.
Wakanda Forever ak lòt ki te vini anvan li a, Black Panther, te fè anpil kritik plezi paske yo te wè nan yo yon kritik sevè sistèm kolonyalism lan, maspinay li yo ak destriksyon ki soti ladann lan. Li lojik pou eritaj Ayiti a selebre nan dènye fim Panther la. Ayiti gen patikilarite kote klas esklav te premye gwoup ki te rive batay kont kolonyalism lan ak siksè. Menm si Ayisyen nan epòk sa pa t gen yon wa T-Challa e lame yo pa t gen tout teknoloji fitiris moun Wakanda yo, yo te rive batay kont gwo lame Franse yo pou yo te ka mete sou pye premye nasyon ki fèt ak fanm ak gason ki te esklav ki te nwa an plis. Kòmantè k ap fèt sou revolisyon Ayisyen nan yon pil sèk limite li jeneralman a ras epi viktwa esklav yo rezonnen sèlman a prism ras la. Paske moun yo fyè paske yon pèp nwa rive konbat yon lame pwisan blan ki t ap goumen ak tout fòs yo pou kenbe esklavaj la.
Revolisyon Ayisyen an tankou anpil lòt bagay nan sosyete oksidantal la, egziste pou li tounen machandiz.
ALAIN MARTIN
Men revolisyon Ayisyen an te plis pase sa. Li te yon pozisyon kont pwofi k ap fèt tout jan ki ap domine lavi nou jounen jodi a. Sete yon batay sanglan kont fè lavi ak tan yon moun tounen machandiz, yon pozisyon san konpwomi kont lide sipèfisyèl lavi an li menm pa gen sans sof si li redui a yon valè nimerik ki gen lyen ak lajan. Revolisyon Ayisyen an materyalize lide revolisyon Bòlchevik la ak lide revolisyon Kiben an yon syèk antye anvan revolisyon sa yo te fèt. Prezans Ayiti nan yon fim Disney ki pral pote yon dividal milya lajan pou endistri sinema a, se yon rapèl depriman sou jan revolisyon an pa t rive kòche kolonyalism lan jan pou l te fè l la.
Revolisyon Ayisyen an tankou anpil lòt bagay nan sosyete oksidantal la, egziste pou li tounen machandiz. E nou dwe admèt se yon rezilta trajik pou eritaj revolisyon sa fè pati mesaj antikolonyalism ki pi laj Wakanda Forever a, paske Wakanda Forever se yon propriyete Walt Disney. Zèv fondatè Disney a, montre li se yon move moun. Nan yon atik ekriven Amanda Dobbins ekri nan magazin Vulture, yon ekip evènman prezante li tankou yon moun rasis men tou ki fè pwomosyon rasism nan fim li yo. Mesye Disney jwe yon wòl nan difizyon stereyotip sou moun nwa pandan dènye ane Jim Crow yo. Nan lane 90 yo, ouvriye Ayisyen yo te viv de kondisyon terib nan izin ki t ap pwodui pijama Pocahontas ak Mickey Mouse yo, tout sa pou yon salè mizerab.
Jodi a, an 2023, sosyete Disney la reprann eritaj zansèt si la yo k ap travay nan izin sa yo, li vlope l nan papye kado epi mete l nan yon fim ki gen siksè epi revann li bay Ayisyen ak moun Nwa nan mond lan ki ap rejwi de akonplisman revolisyon Ayisyen an. Disney pran an konsiderasyon santiman nou sou kolonyalism lan, de kritik nou sou eksplwatasyon moun, de admirasyon nou pou Ayisyen ki kase chenn esklavaj e olye li konsidere n tankou lennmi sistèm li a, li pran nou mete n kòm kolaboratè pandan l ap ranfòse lide antikolonyalis nou itilize fas li yo. Sou pwen sa, Fisher avèti nou, yo kalme nou ak apezman. Anvi nou genyen pou n pran pozisyon kont sistèm lan stisfè pandan na p konsome pozisyon sa sou yon ekran IMAX.
Sa pa vle di Wakanda Forever pa te dwe mete Ayiti nan fim lan. Se tou senpleman nou dwe sonje nou patisipe, volontèman ou envolontèman nan sistèm nou pretann pa renmen an; sa nou panse pa vrèman konte; nou se yon bann prizonye. Pou mwen te reyalize pwòp fim mwen an sou lokipasyon Ameriken an Ayiti a, mwen te itilize Facebook, Twitter ak Google pou mwen te ka fè mesaj la pase epi jwenn lajan pou reyalize l. Direktè Facebook ak Twitter yo pa fòseman de bon modèl ekite sosyal, paske yo gen kòm misyon vann kalite, vann ide politik yo panse ki nòb. Nou jwenn youn nan kritik ki pi pèsistan kont sistèm kapitalis la nan The Act of Killing de Joshua Oppenheimer e fim sa a finanse pa Fondasyon Ford. E gen anpil kritik enkyetan sou Fondasyon Ford pa rapò ak soutyen li bay sistèm prizon nou gen la a aktyèlman. Fim Ken Burns fè ki rele The Vietnam War a se yon kritik tou kont gwo foli nou gen pou nou fè entèvansyon nan lòt peyi etranje. Li se yon pwodiksyon Public Broadcasting Service e lis moun ak òganizasyon ki finanse yo toujou bay anpil dout. Kidonk, li ka difisil pou nou rive selebre eritaj revolisyon Ayisyen an san nou pa pote yon apezman ak menm sistèm sa a esklav revolisyon an te goumen kont li a.
Imaj: Smithsonian American Art Museum