Yon entèvyou ak Alain Martin, reyalizatè “The Forgotten Occupation”

This post is also available in: English

Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò?

ALAIN MARTIN

Dokimantè Alain Martin an The Forgotten Occupation eksplore istwa ki antoure lokipasyon 1915 lan pou bay limyè sou sa nou ka aprann jodi a pandan n ap chèche jwenn yon fason pou n sòti nan yon lòt peryòd kriz nan istwa nou. Nou te chita pale ak Alain Martin pou aprann plis sou efò sa a, ekip li a, sa li espere ke nou ka tire nan travay sa a.

Nou vreman eksite pou n resi ka gade apèsi pwojè sa a! Fim sa gen lontan l ap fèt, ki pi gwo leson ou aprann pandan tout pwosedi a?

Resous kreyatif enpòtan menm jan ak resous finansyè. Mwen sonje aprè nou te fin jwenn $25,000 nan leve fon sou Kickstarter, nou tout te kontan epi panse nou te bon. Men apre premye montaj la, fim lan pa t bon e nou rann nou kont li te manke nanm, nan direksyon atistik la. Li pran nou yon lòt 5 lanne pou nou jwenn sa nou te vle di ak poukisa nou te vle di l. 

Kidonk m ap di, youn nan premye leson nou aprann la a lè n ap fè yon fim, se konnen kisa nou gen pou nou di, poukisa nou vle di sa epi kijan ou vle di li gen anpil enpòtans. Apre sa, kèlkeswa karaktè istorik la, fim fèt pou divètisman, pou angaje koneksyon ak piblik la. Otan sa ka pwoblematik, konekte epi emouvwa piblik la pi enpòtan pase eleman reyèl fim ou an. 

Pou fini, kalvè a p ap vini, ou se kalvè w ap chache a.  N ap tann yon sèten moun vini pote maji a,  nou panse nou te jwenn ase lajan pou moun k ap pote maji sa a. Men, a la fen, moun sa a pa janm parèt e nou sove pwojè a nou menm. Kidonk nan lavi sa, moun pou w plis konnen se tèt ou. 

Pale n de ekip ki pèmèt fim sa a posib. 

Hans Augustave te vreman endispansab nan fè fim sa a. Li te gen yon travay ak yon konpayi pwodiksyon nan vil la ki te pèmèt nou jwenn ekipman gratis pou filme tout sa nou te bezwen. Fim lan jan li ye kounye a pa t ap possible san li. 

James Doran mwen angaje kòm konsiltan atistik fini pa filme dènye tyè pwodiksyon an gratis. Enplikasyon l vreman monte nivo travay la. 

Mwen dwe salye tou Pwofesè Patrick Bellegarde Smith ki te gide m sou liv mwen dwe li ak moun pou mwen bay entèvyou. Kèk nan entèvyou sa yo pote anpil limyè nan fim lan. 

Yon lòt fwa ankò, koze lokipasyon an ap debat nan mitan sosyete Ayiti a. Kijan fim ou an kontribye nan konvèsasyon sila a ?

Se vreman yon kestyon enteresan. Lanne anvan lokipasyon an, Ayiti, jan anpil moun te ka wè sa, te nan yon eta deplorab, menm jan ak jodi a. Nan yon entèvyou istoryen Roger Gaillard te bay Jean Dominique nan lanne 1960, li dekri eta mantal mosad jenès Ayisyen an. Yo te fatige ak kondisyon sosyo politik peyi yo a ki te libere depi yon syèk men ki pa t gen anyen pou montre. 3 lanne anvan lokipasyon Ameriken an, Ayiti te pase 7 prezidan. Kidonk yo akeyi lokipasyon Ameriken an tankou sèl pòt soti. Onètman, nou ka padone yo pou sa. Nou dwe sonje sete moman anpi Ameriken an t ap monte. Imigran t ap ale la pa milyon. Istwa moun pòv ki vin rich nan yon bat je te anpil. 

Epi sete kòmansman 20èm syèk la ki t ap inonde mond lan ak nouvo teknoloji. Radyo.  Telefòn.  Fim. Avyon. Machin oto ak Etazini te nan an avans sou tout sa. Kidonk, jèn Ayisyen te panse ak lokipasyon Ameriken an kòm pòt pou rantre nan mond modèn 20èm syèk la. Byen si yo te nan erè. E se menm bagay la jodi a, Ayiti nan yon eta tèlman deplorab, anpil moun ap mande ouvètman yon entèvansyon Ameriken. Men yo gen egzanp, ansyen entèvansyon ann Ayiti yo, entèvansyon Irak la. Okipasyon Afganistan an te pandan 2 dizèn lanne, yon lanne an plis de okipasyon nou an. Eske Afganistan pi byen kounye a? Pòtoriko se yon teritwa Etazini. Eske yo miyò? Kidonk fim nou an kontribye nan konvèsasyon an nan pale de pase nou yo bliye. Li raple nou istwa nan li menm pa yon pwosesis lineyè men pito yon pwosesis siklik. Anpil bagay rive. Epi yo rive ankò san kanpe ak nouvo nouvo aktè. 

Kisa ou swete fim sa a ap pote pou nouvo jenerasyon Ayisyen ann Ayiti ak an deyò peyi a?

Se vreman yon kestyon difisil pou reponn. Mwen pa konn si mwen awogan ase pou m asime fim nou an ap ofri kèlkeswa sa l ye a pou pèsòn. Men mwen swete fim lan an li menm bese amnezi istorik la, leve konsyans nou sou lide n ap sove sèlman si yon fòs byenveyan etranje fè sa olye se nou menm. Mwen swete tou fim lan ap elaji pèsepsyon sou imigrasyon Ayisyen an e rezon ki fè sa rive konsa yo p ap viktim istwa enkonplè sou jan Ayiti rive la kote l ye a jounen jodi a. 

Kisa ou gen nan djakout ou ak ekip ou pou apre?

Mwen konnen Hans ki se pwodiktè a, ap chache lajan pou fim li an ki rele NWA e mwen eksite pa rapò a sa. Mwen te gen yon ti kout kreyon nan direksyon istwa a. 

James avè m ap travay sou yon fim, yon antoloji sou Queens ki fini a 25%. Se yon omaj à Queens ak kominote imigran yo. Queens se kote ki pi divèsifye nan mond lan. Gen plis lang lang ki pale nan Queens konpare a rès mond lan. Mwen grandi Queens,  ni James tou , kidonk nou tou de te panse se yon pwojè enteresan pou n te fè. 

Imaj: The Forgotten Occupation
Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed