Lapolis tire yon ouvriye Karakòl ki t ap manifeste pou salè minimòm, lidè sendika rapòte

This post is also available in: English

Mikey se yon pòv ouvriye ki pa gen okenn mwayen de defansif sof bat men pou yo chanje kondisyon de vi li kote li ap travay. E kòm rekonpans se tire yo tire l.”

Fignolé St. Cyr, Sekretè Jeneral Centrale Autonome des Travailleurs Haitiens

Depi semèn pase gen gwo manifestasyon nan Pak Endistriyèl Karakòl pou salè minimòm. Nan lane 2012, inogirasyon pak endistriyèl la te fèt avèk anpil granpanpan. Se te yon kolaborasyon Clinton Foundation, BID, depatman leta Etazini, ansanm avèk administrasyon PHTK a. Faktori sa yo te pwomèt 60,000 nouvo travay pou zòn lan, epi lidè pwojè a te deklare ke faktori sa yo t ap pote anpil transfòmasyon ak pwomès pou ekonomi ayisyen an. Yon lane pita, te deja gen rapò sou fo pwomès yo, salè yo te twò ba, pa te gen ase travay nan yon pak kote anpil peyizan te fòse bay tè yo pou kreye faktori sa yo.

Nan lane 2013, Al Jazeera soti yon rapò ki di “Sa ki pi kritik, gen mwens ke 1,500 job ki kreye e ki peye twò piti, lokal yo di nou, sa ki ofri okenn sekirite travay. ‘Nou te panse t ap gen kèk avantaj pou nou,’ Ludwidge Fountain ki gen 34 lane di pandan li ap jwe yon match Domino. Misye te travay pandan de mwa nan pak la kòm sekirite, li te touche anviwon $3.40 U.s. pa jou, jiskaske kontra li fini. ‘Petèt sa ka bon pou kèk moun nan pak la. Men tout lòt moun yo pa jwenn anyen.”

Jodi a, 10 lane pita, yon santèn ouvriye nan faktori sa yo ap pwoteste salè sa yo ki pa bay plis pase $4 US. Men efò yo pou yo sekirize pi bon salè pa fè anpil bwi, e mouvman an pa resevwa anpil atansyon nan medya

Malgre mouvman an pa resevwa anpil atansyon nan medya, manifestasyon an kanmèm resevwa anpil vyolans nan men leta. Jou ki te 20 janvye, te gen video ak pos sou rezo sosyal ki te deklare ke lapolis tire youn nan ouvriye yo ki t ap manifeste.

Nou pa te ka jwenn okenn nouvèl ofisyèl ki rapòte sou deklarasyon sa yo ki t ap fè t sou rezo sosyal. Men nou te jwenn chans resevwa yon mesaj ke youn nan lidè sendika Karakòl yo nan yon voice note nan men zanmi nou yo nan Konbit Jounalis Lib. Misye mete aklè ke ouvriye a “Mikey” pan bal, men li vivan toujou e li kouche lopital.

Men mesaj Sekretè Jeneral centrale autonome des travailleurs haitiens ki rele Fignolé St. Cyr:

Se te yon mouvman grèv pou salè minimòm ak pou respè dwa. Gen yon travayè ki pran bal, men misye pa mouri. Misye rele “Mikey”. Misye travay nan modil 1 nan S&H Global a Karakòl. Se patwon an ki rele lapolis vin tire anndan an pandan moun yo ap fè de manifestasyon pou chanje vi yo. Men moun Karakòl yo toujou fè sa. Donk, nou panse se yon abi. Kamarad la dwe jwenn reparasyon non sèlman de Karakòl antrepiz lan, men tou lajistis dwe fikse responsabilite lapolis nan koze sa. Yon pov ouvriye, li pa gen okenn mwayen de defansiv sof bat men pou yo chanje kondisyon de vi li kote li ap travay. E kòm rekonpans se tire yo tire l.  Bon jodi a misye kouche lopital, se yon moun ki rete Otwou. Nou menm nou denonse sa avèk anpil fòs, e nou mande lemond, òganizasyon dwa moun, pou pote kole ak Mikey. 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed