This post is also available in: English
lè m te timoun, se konnen m pa t konnen jan fo lide sa te koresponn ak valè moun nan antouraj mwen ki t ap mouri san rete.
Lè timoun nan katye kote m leve a te konn ranmase tè pou met nan bouch yo, souvan moun te konn kite sa pase an jwèt ak yon senp ti “mikwòb pa tiye Ayisyen.” Nou leve ap tande moun k ap di fòk yon mikwòb ta gwosè yon bèf pou l ta ka rive koze dega nan kominote nou. E poutan, lè m te timoun, se konnen m pa t konnen jan fo lide sa te koresponn ak valè moun nan antouraj mwen ki t ap mouri san rete. M sonje ti chui chui ki te genyen sou zanmi ak pwòch fanmi ki te mouri ak tibèkiloz oubyen VIH/SIDA, epi pi resaman kolera pou nou site sa yo sèlman. Jodia se menm istwa sa a k ap repete avèk KOVID-19. Ayisyen bay maladi a ti non “ti lafyèv”, epi yon volim dyaspora rantre Ayiti pou vin pwofite pase fèt fen dane yo san kach nen e san distans sosyal malgre tout siy ke kantite ka anndan peyi a ap ogmante. Èske pawòl sa a se yon fason pou nou bande je nou – yon jan pou nou jere yon reyalite ki inevitab?
Menm si nou paka wè yo ak je pa nou, viris ak bakteri, ke nou rele mikwòb, pwopaje atravè pandemi mondyal e pafwa yo rive tabli kò yo nan de anviwonnman an pèmanans kote yo lakòz epidemi fatal. Men nan pati nan ki mwen pòv nan mond lan, gen mwens risk pou moun mouri maladi mikwòb koze. Sa se paske peyi rich ki gen anpil resous ka konte sou yon sistèm sante ki fonksyone, bon jan sanitasyon, ak vaksen pou pwoteje popilasyon yo. Lide ke kontak avèk mikwòb rann kò a pi rezistan, ki se prensip dèyè itilizasyon vaksen an, kache yon verite ki pa twò bèl: yon kò ki fèb pa ka goumen kont enfeksyon. Lè sistèm iminitè a fè fayit poutèt lòt maladi oubyen malnitrisyon, mikwòb ka lakòz konplikasyon fatal. An 2019 Global Hunger Index Report te montre ke 49.3% popilasyon ayisyen an te malnouri.
Epidemi varyòl ki te premye rantre ann Ayiti an 1843 ka montre nou anpil bagay sou dega yon epidemi ka lakòz nan yon peyi kote ki pa fè bon efò sante piblik. Varyòl se te yon ansyen maladi fatal, sitou nan fanm ansent ak moun ki gen sistèm iminitè ki fèb. Depi lè Espanyòl premye mete pye yo Ayiti, peyi a pase anpil epidemi. An 1881 anviwon 4000 moun pèdi lavi yo anba maladi varyòl nan Okap. Nan yon lèt ki date 13 Me 1882, Achevèk legliz Katolik Jean-Marie Guilloux te estime maladi a te tiye prèske 100 mil Ayisyen. Vin gen yon lòt epidemi an 1920 pandan okipasyon ameriken an, yo te reponn a epidemi sa ak yon kanpay vaksinasyon pou prèske yon milyon moun. Depi 1979, maladi varyòl elimine nan mond lan gras a yon strateji vaksinasyon Òganizasyon Mondyal pou Lasante te mete sou pye kote yo vaksinen ni moun ki te enfekte, ni moun ki te ekspoze a viris la. Si nou ta vle kwape lejann ki di mikwòb pa tiye ayisyen an, ann nou mete nou dakò pou di ke li pa posib pou kontwole maladi tankou varyòl ak KOVID-19 si pa gen mezi piblik ki mete an plas pou kontwole pwopagasyon yo.
Pandan kolera t ap gaye ann Ewòp ak nan Nouyòk nan 19e syèk la, se sèlman nan 10 lane ki sot pase yo ke li ravaje Ayiti, nan yon kontèks move aksè a dlo potab ak sèvis sanitasyon. Syantifik yo mete souliye kijan premye vag maladi sa ann Ayiti pa te ka mwen vyolan ke jan l te ye a, paske avan sa Ayisyen pa t gen kontak ak bakteri kolera a. Mete sou sa, yo montre yon lyen ki etabli ant listwa kolera ak move nitrisyon/aksè a manje nan fwaye. Move alimantasyon fè sistèm iminitè a vin pi fèb e li anpeche kò a konbat mikwòb fatal konsa. Prèske 10 000 Ayisyen pèdi lavi yo anba kolera, sa ki vle di ke se youn nan epidemi ki te pi fatal nan listwa resan. Konpare a gwosè bilan sa a, bilan KOVID-19 ann Ayiti an pa sanble anyen. Men malgre chif pou KOVID-19 yo pa sanble sa syantifik yo te prevwa pou peyi a, yon lòt fwa ankò mikwòb sa a tiye nou pa santèn. Poukisa KOVID-19 la diferan de lòt epidemi nou site pi wo yo? Syantifik yo pa ko ka di, men yo gen rezon pou yo pè pou pita pa pi tris paske nou pa ko byen konnen kote nou gad, e pèsonn pa gen bon repons yo.
Jiska prezan, move aksè a manje, edikasyon, sanitasyon, ak swen sante rete yon fado pou Ayisyen, liy nan dispansè yo rete chaje ak paysan ki malad grav. Selon yon estimasyon ki pibliye nan The Economist, Ayiti poko ap resevwa dòz vaksen KOVID-19 la anvan 2022-2023. Sa vle di, devan kè pòpòz otorite yo nan eseye limite pwopagasyon KOVID-19 ann Ayiti (yo pa fè respekte okenn metòd baryè), prekosyon chak grenn moun enpòtan anpil. Sa se moman pou nou kontinye mete kach nen, lave men nou, evite kote ki chaje moun ak move sikilasyon lè, kontinye distansyasyon sosyal tank nou kapab, epi pran swen youn lòt. Pran swen youn lòt vle di anile yon vwayaj ann Ayiti lè w ap soti yon kote ki se yon gwo sous KOVID-19 paske nan moman an, gen yon nouvo vèsyon viris lan k ap simaye. Paske kontrèman a sa lejann ak fo lide ta vle fè nou kwè, toutotan nou pa ko ka garanti bon jan aksè a manje, edikasyon, swen sante, epi bon kondisyon lavi, mikwòb ap kontinye touye Ayisyen an kantite.