This post is also available in: English
Esklizyon pa yon bon baz pou konstwi idantite yon kilti
Jou 18 Me se yon jou spesyal pou tout Ayisyen nan mond lan. Se jou nou komemore kreyasyon drapo nou, yon moman ki gen gwo enpòtans nan kreyasyon peyi nou. Selon sa listwa di, 18 Me lane 1803 pandan yon rankont gwo chèf lame endijèn lan, Jan-Jak Desalin (gwo vizyonè devan letènèl) pran yon drapo fransè li chire moso twal blan nan mitan an e li kole ble a ak wouj la. Ak aksyon sa a, li te vle kreye yon senbòl pou reprezante linyon ant moun nwa ak milat yo pou goumen kont lenmi kolon blan an. Kòm se metye yo, gwo istoryen ak savan fè kont deba yo sou kijan, kibò, ak kilè sa te pase vre. Men nan lespri Ayisyen, pa gen deba sou enpòtans moman sa a ak aksyon sa a. Sa fè selebrasyon dat sa a prèske gen menm valè nan je nou ak selebrasyon lendepandans nou.
Jiska resaman, moun ki t ap viv lòtbò dlo yo pa t gen chans pou selebre jou sa a lòt kote ke lakay yo oubyen nan kominote yo pou sa ki te gen chans viv nan zòn ki te gen kominote Ayisyen. Men avèk dyaspora nou an ki vin pi gwo e pran plis enpòtans, nan dis a ven dènye lane yo vin gen plis kote ki kòmanse rekonèt jou drapo a ak enpòtans li gen pou nou. Menm gen vil Etazini ki deklare mwa Me a kòm mwa selebrasyon eritaj ak kilti Ayisyen. Tout pwogrè sa yo, mele ak devlopman rezo sosyo, vin fè ke kounya a Ayisyen ki p ap viv Ayiti gen anpil lòt jan yo ka selebre e eksprime “Ayisyanite” yo. Twit ak emoji drapo ayisyen, rasanble tout dènye ti grenn mo ak bout fraz kreyòl yo konnen, epi tou avèk yon dènye ekspresyon ki vin alamòd “Zoe shit no hoe shit”.
Pi fò sa a yo se de ti selebrasyon inofansif ki ta dwe pase san bri san kont, men malerezman si se te konsa bagay la ta twò bèl. Okontrè, anpil fwa sila nan nou k ap viv Ayiti yo oubyen ki gen yon koneksyon ki pi dirèk ke sa paran nou te ba nou, se nan rizib nou pase yo, e mwen menm anvi di gen yon ti santiman degoutans. Nou pa fin twò “feel” jan frè/sè, kouzen/kouzin nan dyaspora yo chwazi eksprime fyète yo ak afeksyon yo, oubyen revandike atachman yo. Nou santi se de selebrasyon ki twò sipèfisyèl, yo pa “real”, oubyen yo manke “kiltive”. Se de mòd “Ayisyen-jou-d-lan-ak-jou-drapo”, “Ayisyen-ti-drapo-sou-rezo-sosyo”, “Ayisyen-ki-bay-twòp-gouyad-lè-y-ap-danse-konpa”, oubyen menm “Ayisyen-ak-lèg-sou-paspò-yo”.
Se pa yon gwo revelasyon si nou di ke nou fè gwo diskisyon sou bagay ki gen anpil enpòtans pou nou. Eritaj kiltirèl ak reprezantasyon se de bagay ki gen yon valè ki pa fasil pou dekri oubyen eksprime, kidonk yo se sijè sansib. Yo fè pati de jan nou konstwi imaj tèt nou e jan nou prezante tèt nou bay mond lan, donk li fè sans ke nou vle wè reprezantasyon ki fè nou byen parèt. Men sa vin bay ti pwoblèm paske pa gen yon sèl jan pou yon moun eksprime lanmou l ak fyète l pou kilti l. Byenke se dwa yon gwoup pou li defini epi deside an gwo kisa ki reprezante li e fè pati de kilti li, se yon bagay ki difisil pou fè nan nivo chak grenn moun. Yon kilti se yon bagay ki varyab e ki chanje menm jan ak moun ki konpoze l yo ka chanje. Gen bagay ki ajoute, gen sa ki wete, gen sa ki bliye, gen sa ki ranplase. Mete sou sa, lè nou gade diferans ki gen nan anviwonnman Ayisyen k pa viv Ayiti e sa k ap viv lòtbò dlo yo, li pa fè sans pou nou ta atann nou aske yo eksprime kilti a menm jan.
Anpil nan manm dyaspora a te oblije konstwi idantite yo kòm Ayisyen gras ak sa paran, fanmi, ak kominote yo transmèt ba yo. Genyen menm ki pa t gen chans gen yon kominote ayisyen kote yo t ap leve a, kidonk yo te oblije degaje yo ak sa yo resevwa de paran yo sèlman, ak tout limit oubyen fòskote ki vini avèk yo (nou konnen jan paran Ayisyen fò nan koute lòt son klòch yon istwa). Sa vle di ke yo te gen mwens sitwon pou yo pire nan eseye fè limonad pa yo a. Yo te gen mwens egzanp de tout sa yon Ayisyen ka ye e tout sa li ka sanble. Li nòmal pou idantite sa yo pa menm ak sa moun ki viv e leve Ayiti yo abitye wè. Men a tout yo diferan an, yo sanble nan jan ki pi enpòtan an, yo se idantite Ayisyen kèlkeswa valè tirè yo ka gen ladan yo. Se de idantite ki te oblije kreye pou reponn a yon bezwen fondamantal ki genyen lakay tout moun, ki se bezwen pou yo fè pati de yon gwoup. Epi tou, yo pa retire anyen nan sa ki egziste deja yo, okontrè se ajoute yo vin ajoute richès tankou ti mòso nan yon mozayik. Kilti se tankou konesans, lè w pataje l se grandi li grandi.
Li enpòtan pou nou gen bon jan diskisyon sou enpak negatif sa ka genyen lè nou rezime tout kilti yon moun a de twa eleman senp tankou manje, mizik, oubyen imitasyon aksan yon manman ki a bout, men fòk nou fè atansyon pou nou pa tonbe nan lòt ekstrèm lan kote nou asosye idantite ak eksperyans ki fè yon moun Ayisyen ak valè mizè li pase. Doub sis ap toujou mouri nan men yon moun. Sa pou nou wè, se ke tout eleman sa a yo se efò ak tantativ moun k ap eseye konprann e rekonsilye tèt yo ak idantite yo. Lè yon moun deyò ap chèche kle pou l rantre, reyaksyon moun ki anndan an ta dwe pou ouvri pòt la ba li, se pa anyen w fè lè w di l se pa bon kle a sa. Pa gen pèsonn ki chwazi ki bò yo fèt ak ki jan yo leve, kitsaswa Ayiti oubyen nan peyi etranje. Relasyon yon popilasyon lokal ak yon dyaspora konn gen anpil tansyon ladan poutèt yon bann faktè tankou diferan reyalite chak gwoup dwe jere. Tansyon sa a yo konn pran fòm gwo dezagreman youn ak lòt, men kote yo soti vre se nan fristrasyon nou ak reyalite nou e reyalite peyi a.
Mwen pa t ap janm pran pòz mwen gen solisyon an, e nou ta dwe sispèk nenpòt moun ki ta eseye fè sa. Men mwen panse ke nenpòt ki efò ki ap fèt pou jwenn yon solisyon ta dwe pase pa yon etap rekonsilyasyon. Nou soufri plizyè mal, genyen se moun ki fè nou, genyen se nou menm ki fè pwòp tèt nou. Sila se nou menm ki lakòz yo, nou gen yon responsablite pou nou pa pase yo bay jenerasyon k ap vini yo ki pa t mande erite pwoblèm nou.
Wòl politik e sosyal yon dyaspora se yon bagay ki dwe defini ak opinyon e dizon tout moun ki konsène yo, egal ego. Nou ka chita bò tab la pou nou diskite, men fòk tout moun jwenn yon plas (menm si sa vle di fòk nou chita ak kouzen ki pa konn danse konpa yo, bagay yo pa fasil…). Konsa tout moun ap ka plenyen, eksprime fristrasyon yo, bay esplikasyon, epi fè edikasyon moun ki bezwen yo. Si nou pati de prensip ke yon moun ki pa gen move lentansyon ki santi ase lanmou, atachman, ak respè pou peyi a ak kilti a pou rele l chè mèt chè metrès, nou pa dwe refize l dwa sa a, nou ka fè nenpòt diskisyon e nou ka rive jwenn yon antant. Nou gen dwa pa dakò, men nou pa dwe kite youn lòt dòmi deyò. Esklizyon pa yon bon baz pou konstwi idantite yon kilti, sèl sa yo fè se fè moun fristre epi egri. Mete sou li, lè nou eseye fè sa se krache nou krache nan figi zansèt yo, sou aksyon yo te fè ki pèmèt nou gen yon peyi jodia, e sou drapo ble e wouj sa a e tout bagay li reprezante.
Sikonstans lavi a fè ke se pa tout moun ki ka Ayisyen ann Ayiti, men nou ka toujou eseye Ayisyen nan jan nou aji, jan nou selebre, e jan nou reprezante valè ak lide sa a yo kèlkeswa kote nou ye sou ti bout tè sa a. Pandan yon gwoup moun t ap sibi pi gwo soufrans ak enjistis nan listwa limanite, yo te rann yo kont ke li t ap pi bon pou yo si yo rekonèt e aksepte tout jan yo sanble yo. Apre sa yo fè listwa. Lè n ap selebre listwa sa a, li enpòtan tou pou nou sonje yon ti leson byen senp: “Se kolonn ki bat”.
PS: yo, bagay serye, nou ka fè on ti poze ak gouyad yo? Danse konpa pa mande tout sa.