Jan maladi glokòm ap fè Ayisyen mal

This post is also available in: English

Pri trètman glokòm souvan vle di Ayisyen dwe chwazi ant wè oubyen mete manje sou tab yo.

Pou anpil moun ki ap viv nan peyi devlope, vin gen yon andikap ke ou te ka evite, se pa yon bagay ou t ap janm panse ki ka rive. Men dezyèm koz moun vin avèg nan mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, se glokòm ki ap pran yon gwo nivo nan jan li afekte kalite lavi pasyan yo. Nou tande anpil ak yon pakèt listwa sou moun nou renmen ki pèdi vizyon yo akòz glokòm; yon paran, yon konesans, yon zanmi. Paske maladi sa a ki prèske san doulè ap fè wout li an silans, pwa li prezante sou sante piblik, sosyal ak ekonomik  pase menm jan an, an silans. Nan lanne 2016, lè doktè Jessica Nestor te kòmanse etidye ki jan glokòm gen yon enpak sou pòch Ayisyen, mwen te kouri al jwenn li nan demach sila a.

Glokòm se yon maladi kwonik , sa ki vle di li paka geri nèt ale men nou ka kontwole li si nou jere li byen. Li plis prezan kay moun ki desandan Afriken, espesyalman si moun nan fanmi ou te soufri li deja. Nan zòn andeyò ak nan mitan vil yo nan peyi Dayiti, gen 14.2% popilasyon an ki soufri glokòm dapre yon nouvo etid. Konpare sa a rès mond lan ki gen 3.54% moun ki soufri maladi sila a . Chif sa yo montre a klè jan maladi glokòm afekte Ayisyen a yon vitès ki enkyetan anpil. Menm pami Ayisyen ki ap viv nan peyi Etazini, nou jwenn to a wo kèlkeswa laj moun yo genyen. Tankou pou lòt maladi kwonik yo, yon jès esansyèl pou nou evite pi move rezilta kay pasyan yo se dyagnostike li bonè nan itilize de zouti ki senp; nan ka sa a nou vle pale de pèdi tout vizyon w nèt. Nan  lopital piblik santral ann Ayiti a, kote doktè Nestor te kondwi etid sila a, yo preskri pasyan yo gout pou mete nan je yo pou limite jan glokòm lan ap vanse, ak/oubyen benefisye de chiriji lè sa nesesè. Men, men ki kote manti a blayi, anyen pa gratis sitou nan koze lasante. Ann Ayiti, kote pi souvan pasyan yo pa janm nan yon bon pozisyon finansye ki pèmèt yo peye fakti yo, moun yo ap peye de pri ki depase tèt ansyen katedral.

Nan moman rechèch nou yo, lè dola Ameriken an te toujou pi ba pase 45 goud, trètman glokòm ki te fèt ak gout nan je yo te  ant 15 % ak plis pase mwatye salè minimòm Ayisyen an (3.750 goud nan moman etid la te ap fèt sa ki koresponn a 35.88 dola ameriken). Pou chiriji ki vini ak li a, pri a monte a mwatye jis rive ¾ salè minimòm lan. Jounen jodi a, dola ameriken an vo 85.5 goud. Lè nou konsidere lajan yon fanmi mwayen ann Ayiti fè, pri a varye ant 12 a 14%  si yo itilize gout pou je sèlman, e li monte jiska 62% si yo bezwen chiriji. Ti revni ak mank asirans sante se pi gwo barikad yo. Pri trètman glokòm souvan vle di Ayisyen dwe chwazi ant wè oubyen mete manje sou tab yo. Lè doktè Nestor avè m te prezante rezilta sa yo ki te rache kè nou nan inivèsite Notre-Dame ann Ayiti, epi aprè sa nan inivèsite Yale nan yon gwo konferans sou lasante, nou te defann dwa pou gen yon kouvèti nasyonal pou lasante pou pwoteje sa ki nan plis nesesite yo.   

Nan mwa jiyè 2017,   prezidan Ayisyen an Jovenel Moise, te anonse yon komisyon nasyonal pou yon refòm sistèm lasante a. Li te konkli diskou a ak pawòl sa yo: “ tout popilasyon an ann antye dwe resevwa sèvis ki reponn a bezwen yo, e non sou jan bous yo ye. Refòm sila a ap retire pasyan yo nan koze depanse tout avwa yo pou jwenn lasante.” Pwomès sa vini an respons a yon demand pou plis aksè a lasante sou tout teritwa a. Men jan minis lasante a ki se Jean-Patrick Alfred te atire atansyon nou nan piblikasyon sa a, sou diferan opsyon ki disponib ann Ayiti, pi gwo kestyon an sou asirans inivèsèl lasante a se koze kijan n ap finanse li. Aprè prèske 2 lanne aprè kòmansman komisyon prezidansyèl la, jan lavi a vin pi chè, sistèm lasante ann Ayiti poko janm jwenn chanjman komisyon an te pwomèt la. Grèv nan lopital piblik a kòz yo pa janm peye moun ki ap travay yo ak mank materyèl pou yo fonksyone toujou rete menm jan an, e pa gen anyen ki montre sa pral chanje nan jou ki ap vini yo.

Espesyalis nan lasante yo kontinye ap mete jefò yo ansanm pou goumen kont maladi glokòm nan lemond ak nan peyi ki sou wout devlopman tankou Ayiti yo. Yo ap batay pou ede pasyan yo pa depanse tout avwa yo nan trètman ak / oubyen chiriji ki long anpil, e batay sila a nou paka bliye li ni li paka tann. Kounye a, asirans ki pa twò genyen an fè tretman glokòm  lan paka kenbe. Pandan tan sa a, menm si zouti pou detekte maladi a byen vit ak tretman long lan parèt byen senp, Ayisyen kontinye ap pèdi vizyon yo a yon vitès ki bay kè sote. Malerezman, se youn nan plizyè nan yon lis men longè menas Ayisyen ap fè fas a yo chak jou.

*Etid ki mansyone nan atik sa disponib nan biliyotèk Inivèsite Notre Dame, Pòtoprens, Ayiti.

 

Kenny Moise

Kenny Moise

Dr. Moise is a medical doctor, currently living and working in Haiti. He is the co-founder of IntregAction. He can be found on twitter @KennyMoise, where he tweets about his interests in public health, politics, social development and art.

No Comments Yet

Comments are closed