This post is also available in: English
Li ka bon pou nou aprann wè zansèt nou yo pou sa yo te ye a, ki se moun ki te gen defo menm jan ak tout moun e ki te konn pran bon desizyon kou move desizyon
Pi bèl istwa yo se pa yo nou jwenn nan liv istwa. Mwen pa yon istoryen donk pa pran sa m di a pou levanjil, men si w ta mande nenpòt istoryen yo t ap di w ke istwa ki pi enteresan yo pa ateri nan liv fasil. Se mòd istwa ke w pa fin twò konnen si se zen oubyen si se lejann, sa yo rakonte nan ti pawòl « wounouwounou » , sa yo ekri sou ti bout papye chifonnen ki pral anfouraye nan zantray tan. Sa nou aprann lekòl yo se istwa ofisyèl yo, byen pwòpte, byen netwaye, byen raz. Yon kote pozitif sa genyen se ke li pèmèt nou gen de bèl ti kont tou pare ak yon moral byen klè. Sa ka rann travay pwofesè yo pi fasil lè yo deja ap redi pou kenbe atansyon yon bann timoun ki ta pito ap fè nenpòt lòt bagay ke chita nan klas. Men malerezman nan jwenn bèl ti istwa sa yo, nou pèdi nannan an, nou pèdi tout ti detay ki pou fè istwa yo plis sanble istwa reyèl ke kont Bouki ak Malis.
Nan yon liv ki rele « Silencing the Past » (1995), Michel Rolph Trouillot rakonte istwa Jan-Batis San Sousi yon sitwayen ki fèt an Afrik e ki te youn nan lidè lame endijèn lan nan kòmansman revolisyon an. Se pa yon aksidan ki fè non misye vin efase nan istwa nou, e se pa nenpòt kiyès ki te responsab zak la nonplis. Si non sa a pa di pi fò moun anyen jodia se gras a Anri Kristòf. Detay yo on ti jan flou, sous yo ra, men kalite istwa sa a se bagay w ap wè nan sinema. Dapre sa nou konnen, San Sousi te youn nan pi bon chèf nan lame endijèn lan, li menm ak tout twoup sòlda Afriken l yo te metrize taktik geriya pou goumen kont kolon blan yo ansanm ak lòt ewo tankou Tousen, Desalin, ak Kristòf. Anpil fwa yo aprann nou istwa revolisyon nou an kòmsi se te yon wout dwat moun yo t ap swiv e pa t gen lòt kote li te ka abouti ke nan endepandans. Men verite a se ke bagay yo te pi konplike ke sa, te gen plis devire, e sitou te gen entrig politik pou pa chape.
Pandan youn nan peryòd lapè ant lame endijèn lan ak kolon blan yo, tout zansèt nou sonje non yo toujou a deside al dòmi kole al kolon yo alòske San Sousi ak sòlda l yo di yo pa nan bagay konsa e yo kontinye goumen. Sa vin fè ke gen kèk batay San Sousi te oblije mennen kont lòt zansèt yo, Kristòf an premye. Men apre sa lè kat la vin rebat e zansèt yo konprann kò yo, revolisyon an repati pou pi rèd.
Ranje kò w paske pral gen lòbèy. Mete w nan plas San Sousi : yon nèg ki fèt an Afrik ki leve an Afrik, e k ap goumen kont kolon blan yo san pran souf, pou rete konsa pou wè yo di w kounyaa fòk ou pran lòd nan men yon nèg ki fenk REchanje bò e ki t ap goumen POU kolon yo sa pa gen twò lontan. M pa konn anpil moun ki t ap dakò, e ak rezon, sa pa t rantre nan santiman San Sousi. Alò la nou deja gen yon bèl bouyon pwoblèm, vin mete sou li yon dòz konfli klas ant Kreyòl (moun ki fèt nan koloni) ak Bosal (moun ki vini soti an Afrik) kote nèg Kreyòl yo di yo pa vle pran lòd nan men Bosal, epi ajoute ògèy nèg yo met sou li (paske ann serye, se pa yè la pèp nou an leve jwenn nen l twouse).
Eske w wè kalite pwoblèm ki te makònen la ? Eske w wè sa k pra l pase a ? (Yon moun di HBO rele m). Finalman bagay la vin twò myèl, e sa k gen pou rive nan mòd istwa sa yo fini pa rive. Jwèt la vire an bosal, Kristòf fè pase San Sousi « a l’enfinitif », e pou li asire l ke non misye pa t ap rete nan listwa nou li bati yon gwo palè sou kote yo te antere San Sousi a e li batize l “Palè San Sousi”. Pèsonn pa t ap janm panse bay on moniman non yon moun ke w fin fè touye, e pèsonn pa t ap janm panse ke yon moun ta ka gen tout odas sa pou yo bay on moniman non yon moun ke yo fin fè touye. E se konsa Kristòf montre nou ke swa li te yon bòs nan zafè politik nan peyi d’Ayiti, swa li pa t kwè nan pawòl ki di « sa w fè se li w wè » a. Men bon, kòm se Ayiti pawòl la pale, men lè w gade kijan sa rete youn nan istwa ke moun pa fin konnen yo, sa montre w kijan plan Kristòf la byen pase (m te di w t ap gen lòbèy).
Nou ka konprann poukisa yon istwa konsa pa ateri nan liv. Pou kòmanse, jan Michel Rolph Trouillot ak rapè fransè Booba esplike l la « les vainqueurs l’écrivent, les vaincus racontent l’histoire », se moun ki genyen yo ki ekri listwa. Nan chapit sa nan istwa nou se Kristòf ki fè gwo lo a, e nou pa ta ka imajine ke an tan ke wa pou li ta kite yon istwa lèd konsa pran lari. Lè w chèf wa konprann. Dezyèm rezon ki fè ke menm apre lanmò Kristòf istwa a pa pran lari se paske li pa ale ak mitoloji nou. Tout moun gen yon jan yo wè tèt yo e yo vle lòt moun wè yo, donk yo gen de istwa yo rakonte pou eseye kore imaj sa. Istwa pa nou yo se ke zansèt nou yo se te de moun vanyan, ki te gen bon kè, krèm moun ki pa t nan afè magouy politik ni jwe bosal. Yon istwa tankou istwa San Sousi a pa fè nou pase jan nou ta vle pase a. Sa vin fè ke apre yon ti tan nou vin pa menm bezwen fè gwo pwopagann pou anpeche pawòl la pale. E lè w mete sou li yon ti distraksyon tankou yon palè ki gen menm non an, sa vin ba w bon fòmil la pou fè yo bliye on moun.
Malerezman nan eseye montre imaj sa de tèt nou, nou bliye verite a ansanm ak tout leson ke nou te ka aprann de li. Pa gen pèsonn ki renmen wè pou y ap sal idòl yo (sa ta dwe yon bon rezon pou pa fè moun tounen idòl men… brèf). Men li ka bon pou nou aprann wè zansèt nou yo pou sa yo te ye a, ki se moun ki te gen defo menm jan ak tout moun e ki te konn pran bon desizyon kou move desizyon lè yo te nan sitiyasyon difisil. Premye bagay la se ke sa ede nou evite pran menm move desizyon avè yo (yon egzanp senp ta dwe pou pa touye moun ki nan konfli politik avè w sitou lè sa yo di a gen sans). Epi leson sa yo rann tout gwo aksyon yo te fè yo pi gwo toujou. Mwen menm, mwen twouve sa bay plis enspirasyon lè m wè yon gwoup moun menm jan ak ou, menm jan avè m ki rive fè yon bagay pèsonn pa t kwè ki te posib. Yo fè tonbe pi gwo rejim kolonyal epòk la e yo kreye yon peyi moun nwa. Se pa yon bagay ki te sipoze rive, men li rive kanmèm. Si moun sa yo ak tout defo yo te ka rete yo soti kalite move kondisyon sa yo, sa ban m espwa ke nou ta ka fè sa ankò. Men fòk nou ta kòmanse pa konn istwa nou, e jan m sot di nou a : pi bon istwa yo se pa yo nou jwenn nan liv istwa.
Referans:
Photo credit: Etant Dupain
Silencing the Past: Power and the Production of History by Michel Rolph Trouillot