Nou Tout Pral Vote Kandida Nou…Darline Desca!

This post is also available in: English

This post is also available in: English

Yon lòt fwa ankò, Ayiti rive nan lis finalis ” prix découverte RFI”. Se yon pri ke yo bay nouvo atis ki sòti an Afrik ak nan Karayib la chak ane depi an 1981. An 1988 Beethovas Obas te genyen li apre sa an 2006 BelO te al chache pri sa a pote lakay nou. E byen an 2015 lan nou bezwen èd ou pou Ayiti ka genyen pri sa yon lòt fwa ankò. Nou bezwen tout Ayisyen alawonnbadè ak tout moun nan Karayib la kanpe dèyè DARLINE DESCA ki sèl grenn atis nan 12 fiDarline Descanalis yo ki sòti nan karayib la, e li se sèl fanm Ayisyen ki rive lwen konsa nan konkou “Prix Decouvertes RFI”. Eske sa a se pa yon bèl nouvèl ak yon rezon pou w’ vote li epi ankouraje li!

Epi tou, nou konn kilè Darline resevwa lèt ke li se finalis la? Lè li fin poste videyo mizik “SA MWEN YE.”

Eske se pa yon siy ke li pral genyen pri a???? Nou menm nan WOY MAGAZINE n’ap felisite Darline pou bèl mizik li, e jan l’ap voye Ayiti monte. An nou ede Darline reyalize rèv li. Nou gen yon mwa pou nou atenn objektif nou.

Men ki jan pou ou vote:

Pran bilten vòt ou : laptop, telefòn, tablèt

Rantre nan izolwa: http://www.prixdecouvertes.com/fr/vote

Mete ti pwen bò non kandida a:  DARLINE DESCA “Pou lanmou” et ” À plein temps” (HAITI)

Pi ba w’ap anrejistre nan biwo vòt la pou vòt pa w la ka konte: mete non, siyati elatriye.

Fè vit, youn di lòt, fè nouvèl la gaye, pou nou fè yon jan pou Darline Desca genyen konkou ” Prix Decouvertes RFI” !  Epi pa bliye achte albòm: “A plein temps” sou iTunes.

NOU BÈL !

 

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comments are closed