Michèle Duvivier Pierre Louis
Michèle Duvivier Pierre Louis fèt 5 oktob nan jeremi. Depi lane lane 1995 li mete sou pye e li se prezidan FOKAL, Fondasyon Konesans ak Libète. Fondasyon sa fè pwomosyon tout estrikti an plas pou yon sosyete pi demokratik, pi jis, ak pi solidè. FOKAL ede chak grenn moun devlope yon lespri kritik ak konkou ledikasyon ak kreyasyon atistik.
Nan lanne 2008, prezidan Rene Preval te chwazi Michèle Pierre-Louis kòm premye minis peyi dAyiti pou ranplase Jacques Edouard Alexis. Se dezyèm fanm ki pase nan pòs sa a apre Claudette Werleigh. Depi li fin etidye nan peyi letranje jis jounen jodi a, Michèle Duvivier Pierre Louis pa janm sispann travay pou yon sosyete miyò. Kit nan sektè prive, kit nan sektè piblik e menm nan sektè relijye. Li pote konesans ak savwa li pou moun ki plis pa genyen yo. De 1986 a 1988, Michèle te responsab fòmasyon pou pwogram alfabetizasyon ki te rele ALFA ke legliz katolik ayisyen te mete sou pye. Epi nan lanne 1989 jis rive 1991 li te direktè rechèch nan Institut Karl Leger kote li te gen responsablite pou li fè seminè atelye ak òganizasyon de baz yo pou yo ka reprann yo pou konstwi yon lòt sosyete apre diktati Duvalier a. Pandan tout tan li te ap travay yo, li te toujou ap pibliye tèks, epi patisipe nan mete sou pye kongrè sou kouch nan sosyete a ke moun mete sou kote tankou fanm, peyizan. nou ka pale de Kongrè fanm peyizan nan Ench (Hinche) nan lanne 1989, ak kongrè peyi Papaye en 1987 ki te sou wòl peyizan nan fè demokrasi vanse nan peyi a elatriye.
Lis travay Michèle Pierre Louis yo long anpil. E gras a yo li resevwa anpil pri tankou “Trésor national vivant” nan lanne 2006. E jounen jodi a, gras a fokal li kontinye ap lite pou demokrasi ak libète nan yon sosyete kote tout moun sou menm pye e kapab pote moso pa li pou yon pi bon Ayiti. Michèle Duvivier Pierre Louis kanpe ak jèn fanm kou gason tout kalte, nan diferan domèn tankou la kilti, ledikasyon, devlòpman kominotè, lanviwònman, elatriye… ki reprezante tout sektè ke nou dwe konsidere pou devlòpe yon demen miyò.
Pou tout sa Michèle fè ak tout sa li gen pou li fè paske mwen konnen li pa yon fanm ki ap janm chita gade, li se yon Fanm Fò nan je mwen. Li se yon egzanp vivan de fanm ki deside kanpe pou bay peyi li bourad ak tout konesans ke li gen e goumen chak jou pou chanje sa ki pa bon lakay. Lavi Michèle se listwa yon fanm ki kanpe dèye sa li kwè e ki, malgre move van, pa janm lage nan batay li ap mennen an. Ou se yon fanm fò, e mèsi pou sa ou fè deja e pou sa ou ap kontinye fè pou kilti lakay, pou jenès lakay ak pou gwoup moun ke yo majinalize nan sosyete lakay yo. Epi antan ke yon etidyan an achitekti, m’ap di yon mèsi espesyal paske apre tranbleman de tè a, ou te mete sou pye ak ISPAN (institut de sauvegarde du patrimoine national) yon atelye restorasyon pou kay gingerbread yo pou nou pa pèdi patrimwàn achitekti sa yo!
photo via radiokiskeya.com