Chapo Ba Pou Madan Sara

This post is also available in: English

Madan Sara pote non yon zwazo ki vwayaje, ap chache e jwenn manje tout kote li ale avèk anpil presizyon. – Timothy Schwartz

 

Lè mwen te gen 9 lane mwen te toujou vle jwenn plis kòb pou depanse lekòl pase lòt frè mwen yo, e manman’m ak papa’m te toujou banm plis. Yon jou, manman m fòse m al achte mango avè l pou mwen ka wè kote kòb mwen toujou ap mande a soti. Pou m onèt avèk ou, mwen travay anpil jou sa a. Lè mwen tounen lakay, mwen malad. Mwen pa konn vrè rezon mwen malad la, si se paske mwen te travay twòp oswa paske mwen te manje twòp mango (m’ pa serye, se travay la ak vwayaj la ki te fè’m malad.) Aprè mwen dekouvri kote lajan an soti e jan li fèt, mwen te vin pi rasyonèl nan egzijans mwen fè. Se te yon bon eksperyans.

Ou ka ap mande tèt ou, “Poukisa m’ap li istwa sa?” Hey atansyon!!! Sa se pitit yon Madan Sara kap ekri la a. Manman m te konn vann mango lè mwen te timoun, achte machin mango nan Dabòn zòn Leyogan pou vin revann nan Pòtoprens. Se te yon bèl biznis e se te dezyèm sous revni fanmi a. Papa mwen te gen biznis kenkayri ki t ap mache byen nan moman an.

Fòmèlman, fanm pa okipe anpil gwo plas nan sosyete ayisyen an, men nan lavi pratik chak jou se yo menm ki nan tout mache, nan tout lari ap vann. Se sou do yo ekonomi lokal la chita. Nan 30 dènye ane sa yo, ekonomi Ayiti kite nivo pwodiksyon pou tonbe nan revandè, kote se sou achte revann lajan plis sikile andedan peyi a. An tèm de kantite, se fanm ki majorite nan rann ekonomi a fonksyonèl. Nan mache sou tèt machin, nan rekòt se fanm. Pa gen okenn aspè nan ekonomi an kote se pa fanm ki baz la. Si Madan Sara pa desann, Lavil pa manje, si Madan Sara pa monte nan mòn pou desann nan bouk mache a pap fonksyone. San Madan Sara pa gen mache, san mache pa gen ekonomi, san ekonomi pa gen peyi. Si jodi a nou toujou ap siviv se gras ak ekonomi otosifizans nan plizyè sektè e patisipasyon dirèk Madan Sara.

Yon Madan Sara se yon machann ki achte pwodui andeyò pou revann Lavil. Gen plizyè kalite Madan Sara. Gen gran Madan Sara ki achte an gwo epi vann an gwo, genyen ki achte an gwo pou revann an detay e genyen ki achte an detay epi redetaye machandiz la. Akòz de pwoblèm edikasyon an Ayiti majorite Madan Sara pa konn li ak ekri oubyen pa rive nan gwo klas, men sa pa vle di ou ka bay yon madan Sara “Zannanna pou Sizan.”

Li ka fasil pou ou fè komès, men li pa fasil pou ou yon Madan Sara. Pou ou yon Madan Sara li mande pou ou genyen grenn nan bouda’w paske se yon biznis ki fèt ak anpil danje. Premye danje se vwayaj la. An Ayiti an jeneral transpò se yon tèt chaje, men nan ka pa Madan Sara ki toujou pote anpil machandiz, yo bezwen yon kalite machin espesyal; Gwo kamyon san tèt oubyen yon bwat. Machin sa yo se machin pèpè, machin ki rantre nan peyi a aprè yo fin sèvi nan yon lòt kote. Kamyon ki an majorite pa nan bon eta toujou twò chaje e se sou tèt kamyon sa yo medam yo vwayaje. Anpil fwa gen anpil aksidan ki fèt e moun pèdi lavi yo. An majorite, Madan Sara pase jounen e nwit nan vwayaj sou tèt kamyon sa yo.

Dezyèm gwo danje a se ensekirite. Pou vòlè, Madan Sara se yon lajan garanti. Yon bann fanm ki ap vwayaje ak lajan nan men yo pou achte machandiz, anpil fwa nan nwit nan yon peyi san limyè, san sekirite. Sa se egzateman sitiyasyon plizyè santèn milye Madan Sara an Ayiti. Twazyèm gwo pwoblèm lan se kredi; anpil Madan Sara kòmanse biznis yo ak ti lajan. Gen sa ki vann tè yo, e sa ki vann bèt pou mete biznis yo kanpe. Anpil ladan yo pran eskont (kredi enfèmèl) pou fè biznis. Eskont se yon kalite kredi ki pa gen okènn regilasyon, se mèt kòb la ki deside ki kantite enterè pou mete sou tèt kòb la (manman lajan an). Enterè sou eskont toujou soti nan 20% e li ka rive jis nan 50%.

Kounye a se moman pou poze kèk kesyon : poukisa Madan Sara pa gen pi gwo plas nan sosyete a ? Poukisa travay moun sa yo pa valorize jan yo merite li a? Repons la senp, se akòz de eksklizyon. Men gen plizyè aspè konplèks nan senp repons sa a. Premye aspè a se ankadreman, Madan Sara pa jwenn ankadreman paske depi nan lane 80 yo Ayiti adopte yon politik enpòtasyon/kontrebann ki kraze pwodiksyon nasyonal la. Nouvo politik la santralize sou kapital ki pa egziste nan kominote Madan Sara yo paske se yo ki pèdan de politik enpòtasyon an. Sistèm ekonomi enfòmèl de baz la pèdi enpòtans li paske se enpòte/ekspòte ki pran mache a pou li.

Pou kesyon kredi fòmèl la : kantite Madan Sara ki kalifye pou kredi trè piti akòz yo pa gen ankadreman e yo pa gen byen pou amòti prete lajan labank. Pou yon moun prete lajan nan bank oubyen bay kèk garanti, nan majorite ka, se byen moun lan te genyen pou kòmanse ke li vann, oubyen ipoteke pou kòmanse biznis yo. Pwoblèm kredi a mache ansanm ak kesyon ankadreman an, bank pap envesti nan yon sistèm ki an gwo danje. E se pa sèlman bank prive ki pa envesti, bank leta tou pa envesti nan ekonomi enfòmèl la nan sans sa a.

Batay pou yon klas mwayèn byen kanpe an Ayiti gen kòm baz li ideyoloji Madan Sara, “mwen vle pitit mwen depase’m e fè pi byen pase’m.” sa se objektif santral ki motive Madan Sara, si ou konn pran machin trafik an Ayiti ou konnen byen sa mwen ap pale la a. Objektif pou fè demen pi bon pase yè a li pa sèlman rete nan yon nivo pèsonèl, li etabli sou tout kominote yo e fè gwo enpak pozitif nan reyalizasyon ak avansman anpil kominote.

17 lane apre jou mwen te al travay avek manman mwen, manman’m pa Madan Sara ankò, men etap sa a te detèminan nan devlopman fanmi mwen. Nou senk timoun, kat gason e yon fanm, jodi a gen bon edikasyon e ap avanse ak lavi nou. Nou pa rich men nou emansipe e fè anpil gwo pwogrè. Manman’m fenk mande’m pou’m aprann pale hebre pou’m ka tradwi dokiman orijinal bib la pou li e mwen pale 5 lang déjà, mpa ka di non paske se lajan Madan Sara ki voye’m lekòl.  Ann serye ou wè jan yon Madan Sara opilan ?

Mwen deside fè yon Film sou Madan Sara an Ayiti e eksplore tout aspè nan biznis ak mòd lavi sa a. Ret branche!!! Nan Etazini yo gen American Dream an Ayiti nou gen rèv Madan Sara, e mwen kontan e fyè pou’m di mwen se rèv yon Madan Sara.

Photo Credit: Samuel Dameus

TiSamy2k.Tumblr.com

Etant Dupain

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker, and community organizer. For over a decade, he has worked as a producer on documentaries and for international news media outlets including Al Jazeera, TeleSur, BBC, CNN, Netflix, PBS, and Vice. Etant founded an alternative media project in Haiti to enable citizen journalists to provide access to information in Haitian Creole for and about internally-displaced people, aid accountability, and politics. Now, moved by the strength of his mother and the women known as the Madan Sara who make Haiti’s economy run, he’s making his first personal film.

No Comments Yet

Comments are closed