Etant Dupain : “Pou konbat chanjman klimatik, medya ayisyen dwe jwe yon wòl santral”

Yon ti bwasay lide avèk Etant Dupain sou nouvo angajman li pou li enfòme tèt li ak pèp ayisyen an sou ijans chanjman klimatik la. 

Pale nou de kou “Adapting to Climate Change” la ke ou pral asiste ladann nan semèn ki ap vini yo.

Enstiti Ekoloji nan peyi Almay ap prezante yon kou sou kòman nou ka adapte a chanjman klimatik. Mwen pral asiste kou sa ki ap dire pandan 10 jou nan mwa me 2017. Kou sa gen kòm objektif : fòme travayè medya sou chanjman klimatik ak pwoblèm anviwonmantal yo. Peyi Almay kote Enstitit Ekoloji a gen baz li se youn nan peyi lidè nan enèji pwòp e renouvlab.

Ayiti se youn nan peyi ki pi vilnerab nan mond lan devan chanjman klimatik.

Ki jan sijè sa konsène Ayisyen ?

Ayiti se youn nan peyi ki pi vilnerab nan mond lan devan chanjman klimatik.

Fenemòn El Niño a ki se youn nan efè chanjman klimatik lan afekte Ayiti anpil. Nan twa dènye lane sa yo, Ayiti konnen anpil sechrès. Avan siklòn Matthew te detwi prèske 100% platasyon nan Gran Sid peyi a, agrikiltè Ayisyen te deja ap pèdi 50% rekòt yo daprè FAO ak CNSA. Sa ki ogmante a 3,6 milyon kanyite moun nan ensekirite alimantè. An 2015 Ayiti konnen anpil presipitasyon lapli ki se yon pwoblèm Pou plantasyon yo.

Rechèch nan domèn lan montre tou ke chanjman klimatik ka fè sezon siklòn lan, ki deja lakòz gwo dega chak ane, vin pi anraje nan ane kap vini yo. Daprè CNSA, Sant nasyonal pou sekirite alimantè, si fenomèn El Niño kontinye Jan li ye mwatye popilasyon Ayisyen an kapab tonbe nan ensekirite alimantè.

Ki responsabilite medya ayisyen genyen nan adrese pwoblèm chanjman klimatik la ?

Edikasyon sou kesyon anviwonman an enpòtan, e bon rezo enfòmasyon pou kenbe popilasyon an enfòme, espesyalman nan moman siklòn oubyen nenpòt dezas se yon nesesite. Youn nan rezon mwen panse yo te aksepte mwen nan pwogram sa, se paske mwen vle kreye yon rezo rejyonal enfòmasyon ki travay dirèk nan kominote yo e ak otorite lokal yo. Mwen swete itilize teknoloji e fè rechèch pou mete enfòmasyon disponib pou sove lavi, evite dezas ki ka epanye e evite espekilasyon lè gen yon katastwòf ak ranfòsman medya lokal.

Pou konbat chanjman klimatik, medya ayisyen dwe jwe yon wòl santral. Youn nan pi gwo travay medya a sè chache bon langaj pou montre popilasyon an an jeneral chanjman klimatik se yon ijans. Li plis ke enpòtan pou medya yo kòmanse kreye ekip an anviwonmantal, menm jan gen ekip pou espò, sante elatriye.

Ki jan moun ki enterese ka enplike yo nan inisyatif ou a ?

Kòm Ayisyen mwen pral patisipe pou Ayiti avan tèt mwen, e mwen vle eksperyans sa a itil nan lavni nan mete sa mwen aprann e dekouvri disponib pou tout moun ak òganizasyon ki enterese. Objektif mwen se sèvi kòm pon pou konekte òganizasyon ayisyen, oubyen endividi ak pwofesè, envestisè, chèchè, tout kalite moun mwen panse ki ka itil ansanm.

Mwen vle mande tout moun ki ap travay nan kesyon anviwonman, chanjman klimatik, enèji pwòp e renouvlab pou rantre an kontak ak mwen si yo enterese. Mwen ap kontan pou konekte moun mwen rankontre pandan klas lan ak moun ki deja ap fè travay sou teren an ann Ayiti. Mwen swete itil nan yon sans oubyen yon lòt Pou adrese e mete plis fokis sou pwoblèm anviwonman an ki se yon gwo menas pou Ayiti.

Ou ka swiv Etant Dupain sou Twitter sou : @GaetantGuevara

Team Woy

Team Woy

Haiti through our voices. Ayiti nan vwa pa nou.

No Comments Yet

Comment on this article