Politik nan Lavi yon Moun ki nan Mitan

This post is also available in: English

Pa gen yon sezon ki fè m plis santi m tankou yon moun ki pa ni anlè ni atè yon moun ki “nan mitan” pase sezon eleksyon. Moun ki “nan mitan” se moun tankou mwen yo; nou menm imigran oubyen pitit imigran k ap viv nan yon peyi devlope ki fini pa fòje nou menm jan  peyi paran nou kite dèyè a fòje nou. Fòk mwen admèt ke se pa mwen ki vini ak fraz sila an premye. Mwen vòlè li sou yon blòg afwopoliten ke mwen te konn li lè mwen te lekòl. Yo itilize li pou pale de moun ki leve nan de kilti, 2 fòs ki ap rale w, yon maryaj oubyen separasyon ant 2 bagay ki pa menm ditou, sa depan de jan w analize sitiyasyon an. Se yon tèm ke Ijoema Umebinyuo byen devlope nan tèks li a ki rele Diaspora Blues:

“alòs, men  ou kanpe la a

Twò etranje pou lakay ou

Twò etranje pou isit la

Men janmen ase pou toulède.ʺ

Yon moun ka panse ke lè ou se moun 2 peyi ou ta sipoze gen plis kilti pase ou ta dwe genyen. Wi, mwen se yon ayisyen e yon ameriken an menm tan nan anpil bagay. Men anpil fwa, leve nan de peyi sa yo ka fè w santi w pa gen plas ou nan okenn nan yo. Sa vle di mwen gen yon pye nan chak kote sa yo, men mwen pa kanpe fèm okenn kote. Yo rele m “tifi ayisyen an” isit la, e lè mwen ann Ayiti, yo rele mwen blan. Lè ou se yonn ki “nan mitan” li pa toutan vle di ke ou gen yon chèz arebò tou 2 tab yo. Pafwa li vle di ou oblije nan fè jouda nan fenèt 2 kay yo pou w wè kijan lavi ye anndan kay yo.

Kòmansman 2017 la vini ak  inogirasyon 2 nouvo prezidan nan 2 moso lakay mwen yo. Donald Trump te prete sèman 20 janvye, e 7 fevriye ki ap vini la a prezidan gouvènman pwovizwa ayisyen an pral pase echap la bay nouvo prezidan eli a, Jovenel Moise. Malgre se pa premye eleksyon mwen pandan mwen ap viv nan Etazini, sila yo patikilyèman te biza pou mwen pou anpil rezon. Rezon prensipal la se ke eleksyon ameriken ak ayisyen te tonbe nan menm enpòk; sa se paske gouvènman ayisyen ki te la anvan an pa te reyisi fe eleksyon alè, yo te oblije voye yo pou yon lòt dat; sa ki lakòz tou de eleksyon.

Men bagay la : kounye a mwen gen yon paket rekòt kafe sou tèt mwen, e mwen poko janm vote nan okenn eleksyon. Map viv Ozetaznini men mwen pa yon sitwayen ameriken, e pa gen okenn estrikti an plas pou pèmèt ayisyen lòt bò dlo vote nan eleksyon yo. (Wi mwen te ka pran yon avyon epi rantre lakay al vote, men jan kont an bank mwen ye la a…). Zafè pouvwa sitwayen genyen pou li egzèse dwa li (senbolikman oubyen literalman) pou li chwazi pwòp lidè li, se pa yon reyalite mwen janm viv vre.   Menm chans pou m ekzèse dwa pou m pa vote, ki se yon fason pou m pwoteste, pa janm pase bò kote m.

Mwen pa yon politisyen, men mwen ka rakonte konbyen fwa gwo evènman politik chanje lavi mwen. Manman m ak papa mwen al viv Filadèlfi pou fè metriz yo pandan ke mwen te ti bebe, men yo pa te ka tounen apre yo fin gradye a kòz anbago a. Se konsa mwen vin fè premye pati anfans mwen Ozetazini. Lè Jean Bertrand Aristide te retounen sot nan egzil an 1994, fanmi nou retounen lakay nou tou. Paske prezidan sa se te yon  ewo nan je paran mwen yo lè sa a, retou li se te yon viktwa, e se te menm bagay la pou retou pa nou tou. Yon pil lane apre, pandan mwen nan klas segondè,  Aristide  ki pa te yon ewo pou moun  lakay mwen ankò te oblije  pati an egzil yon lòt fwa ankò. Mwen menm tou, paranm yo voye m retounen Ozetazini  a kòz sitiyasyon an te deraye.  

Mwen te nan fakilte Ozetazini lè yo te eli premye prezidan ameriken nwa a. Kè Kontan ak sezisman te fèm kriye. Mwen sonje lè zanmi m te al vote jou sa, mwen te di yo al vote nan plas mwen kòm mwen pa kapab. Mwen te la, mwen te gaga devan tout sa sa te reprezante, e mwen te nève devan laraj yon bon gwoup moun nan ti inivesite konsèvatè blan kote  mwen tap etidye a. Men mwen pat fè pati de evènman an vre. Pou vakans Desanm 2009 louvè sou Janvye 2010,  mwen te al vizite moun yo Ayiti  lè yon tranbleman de tè 7.0 te frape kèk zòn ann Ayiti. Mwen te anndan kay kote m te grandi depi mwen te timoun pandan li tap tonbe lage kò li atè a. Mwen te la plizyè semenn apre, mwen t ap fè volontè, mwen tap tradwi pou gwoup doktè etranje. Mwen retounen Ozetazini epi kèk mwa pi ta,  mwen te chita gade sa ki ta sipoze pi gwo eleksyon peyi nou an ta dwe janm genyen. Se te pral prezidan peyi a aprè yon katastwòf natirèl ki te touye tout kantite moun sa yo epi kite plis moun san kay. Mwen te chita gade moun mwen te konnen kòm prezidan konpa a tout lavi m ki vin prezidan Ayiti. Mwen te chita gade tout sa sou ekran laptòp mwen; mwen pa te vle kwè, mwen te pè men yon lòt fwa ankò mwen pa te patisipe.

Ane sa a ankò, 2 nèg ke politik yo pral afekte lavi m ak lavi moun ke mwen renmen, monte sou pouvwa. Fanm mache nan tout Etazini, sa gen kèk jou, pou defann dwa yo ak dwa lòt gwoup majinalize. Lavi moun sa yo te toujou anba gwo menas e nouvo gouvènman sa a vin rann sa pi grav; yo mache pou dwa pa m yo  tou. Nan demen, prezidan ayisyen ki fenk eli a kanpe nan vil Okay e nan yon moman priyorite tèt anba, anonse ke kanaval la pral fèt nan vil Okay la olye de kapital la ane sa a. Vil sila a se vil kote papa m te fèt, kote papa m te grandi, se youn nan vil kote ouragan Matye lakòz anpil ravaj ki kite anpil moun  san kay, anpil pèdi lavi yo ak rekot yo, sa pa gen lontan. Prezidan eli a pwomèt sitwayen vil sila a yon kanaval, yon vil kote matant mwen ak monnonk mwen yo jis jounen jodi a ap eseye rekonstwi lavi yo. Yon lòt fwa ankò, mwen pa te patisipe nan mete okenn nan moun sa yo sou pouvwa.

Pa konprann mwen mal, mwen pa ekri tout sa pou moun ka gen pitye pou mwen. Mwen gen konsyans ke etidye epi kapab viv isit ak yon estati ki legal se yon privilèj. Mwen pa pran sa konsa konsa lè mwen gade ke paran m te gen mwayen pou fè m vwayaje lè bagay yo te vin danjere ann Ayiti. Kanmenm,  li enpòtan pou m pran tan reflechi sou pozisyon espesyal e pafwa malalèz nou menm moun ki pa ni  anlè ni atè, moun ki nan mitan yo, nou genyen. Ak anglè nou ki mele ak kèk mo kreyòl, ak kreyòl nou ki lou nan lang nou ki fin amerikanize, nou kilbite nan mitan 2 kay sa yo. Nou siv, nou koute, nou pale lè sa apwopriye. Lè ou se yon moun ki “ nan mitan” , ou pa janm sispann chache nouvo mwayen pou antre nan wonn nan, nouvo jan pou w angaje w, nouvo kote pou w anrasinen w.

 

Nathalie Cerin

Lead-editor for Woy Magazine. Philly-based Haitian musician and cultural creator.

No Comments Yet

Comments are closed