Tou Pre Lakay

This post is also available in: English

Eske m ap sonje vil kote m te fèt la, epi èske vil sila a ap akeyi mwen?

Eske lè mwen tounen lakay moun ap toujou gade mwen tankou yon etranje? Tout lavi mwen, mwen te yon etranje, yon imigran, yon moun deyò. Mwen te oblije fè yon ti kanpe epi poze tèt mwen kesyon sa yo : «  Ki bò ou sòti ? » « Ki bò MWEN sòti ? » Anpil fwa, aksan mwen yo bwouye menm jan ak ansyen vil yo ke mwen paka distenge youn ak lòt nan foto. Ansyen souvni mwen yo pote lajwa ak nostalji pou kote ak moun ki pa egziste ankò, ke lòt figi ak nouvo kote vin ranplase kounye a.

Sa te gen ven lanne apre fanmi mwen kouri pou chape yon gwo diktati vyolan ann Ayiti, e mwen fè yon ti gade nan fenèt avyon kote m te chita a. Mwen wè nyaj k ap pase tou dousman, avèk mòn vèt ki klere kou emwòd anba solèy la. Anba nèt, mwen te ka wè jaden ak rekòt ki t ap parèt tèt yo pou sezon an. Lè nou ateri nan ti ayopò Okap la, mwen mande tèt mwen : èske m ap sonje vil kote m te fèt la, epi èske vil sila a ap akeyi mwen?

Mwen debwouye pou mwen soti nan mitan pakèt moun ak pakèt bri ayopò a ak ti malèt mwen an pou mwen te ka al jwenn papa m ki t ap tann mwen. Tankou tout lòt granmoun gason ayisyen ke mwen te konnen, papa m kanpe tèt dwat ak tout fyète li ak yon gwayabèl blan. Chemiz papa m lan rete blan kou dan zonbi san okenn pli malgre chalè Karayib la ki te gentan ap fè mwen bay tout dlo nan kò mwen. Sanble li refize vyeyi, li te sèlman vin pi fonse depi dènye fwa mwen te wè li a. Li louvri de bra li pou li ban mwen yon gwo akolad anvan mwen te ka menm gentan di anyen.

Nou monte machin li an, nou kondwi sou wout la nan mitan yon pakèt bis tout koulè ak bèf. Nan vit machin lan m ap gade vil Okap, yon ansyen vil kolonyal ak on pakèt batiman koulè pastèl prèt pou tonbe anba pwa estil balkon Franse avèk anpil ane neglijans. Sou yon bò, genyen gwo mòn ki kanpe king pou pwoteje vil la, e sou lòt bò a vil la lage anba men yon lanmè koulè ble kristal. Papa mwen te kontan montre m diferan kote :

« Ou sonje ou te konn jwe la a ? »

« Nou te konn al bwè krèm la a chak dimanch. »

« Sa se kay madanm ki te konn pran swen ou lè ou ti bebe. »

Li fè sa pandan tout wout la, san rete.

Machin lan kanpe bò plas vil la kote katedral wòz e blan Nòtre Dam lan kanpe. Te gen gason ki t ap jwe domino ak jèn timoun ki te pèdi tèt yo nan yon match foutbòl. «  Mwen te pwomèt matant ou ke li se premye moun w ap wè lè w rive, wi. » Men sa papa m di m kòm esplikasyon. Mwen desann machin lan pou mwen travèse foul moun la. Mwen gade epi mwen wè yon moun devan m, se pa egzakteman mwen menm jan m ye la a non, men se konsa m ap ye nan 20 lanne.  « Marley » Matant mwen rele m pa dezyèm non m ke sèl fanmi mwen itilize, li kwoke m « Byenvini lakay ou ». Mwen leve tèt mwen, je mwen tonbe nan de je ki te tankou pa m epi ki t ap kriye tou.

Men mwen. Mwen lakay mwen.

France Francois

France Francois

France Francois has a masters in International Development and years of experience in developing countries. She is redefining what it means to be a black woman abroad. Her insights into culture, policy, travel, and current events drive her commitment to social change.

No Comments Yet

Comments are closed